Articles

Kijan Yon Kretyen Kapab Fè Biznis San Li Pa Pèdi Vi Espirityèl Li

Kijan_yon_kretyen_kapab_fè_Biznis_san_li_pa_pèdi_lavi_Espirityèl_li

Kijan Yon Kretyen Kapab Fè Biznis San Li Pa Pèdi Vi Espirityèl Li

Ki sa biznis ye?

Biznis se nenpòt aktivite kote yon moun oswa yon òganizasyon ap pwodui oswa vann byen oswa sèvis ak objektif pou fè benefis (lajan). Li enplike bay yon bagay moun bezwen epi resevwa valè (tankou lajan) an retou. Biznis ka piti tankou vann fritay oswa gwo tankou yon konpayi konstriksyon. Objektif prensipal li se satisfè bezwen kliyan yo pandan ou jere resous ou (tan, lajan, materyèl, moun) avèk efikasite.

Malgre biznis pa kont prensip kretyen yo, gen kèk kretyen ki gen laperèz oswa ezitasyon antre nan domèn sa a pou yo pa pèdi vi espirityel yo.

Men kèk konsèy ki ka ede yon kretyen fè biznis san li pa pèdi vi espirityèl li:

  1. Mete Bondye an premye: Lapriyè ak direksyon Bondye ta dwe premye etap ou avan ou kòmanse oswa pran desizyon nan biznis. Chèche volonte Bondye nan sa ou fè.(Matye 6:33)
  2. Pratike entegrite: Toujou fè sa ki dwat, menm lè sa pa fasil. Pa twonpe kliyan, pa bay fo enfòmasyon, e pa patisipe nan zak ki pa onèt pou fè plis pwofi.(Pwovèb 11:1).
  3. Sèvi ak biznis la kòm yon ministè: Gade biznis ou kòm yon fason pou sèvi lòt moun, ede kominote a, epi demontre lanmou Kris la. Ou ka itilize li pou sèvi, pataje, oswa beni lòt moun.(Kolosyen 3:23-24)
  4. Kenbe balans ant travay ak lavi espirityèl: Pa kite biznis ou pran tout tan ou. Fè tan pou priye, li Bib la, ale nan adorasyon, ak kenbe relasyon ou ak Kris la vivan.(Lik 5:16 )
  5. Fè priyorite moral sou lajan: Pa kite lanmou pou lajan pran plas lanmou pou Bondye. Bib la di "rasin tout kalite mal, se lanmou lajan" (1 Timote 6:10).
  6. Chwazi asosye ak moun ki gen menm valè: Evite asosiyasyon ki ka mennen ou nan konpwomi. Travay ak moun ki respekte prensip moral ou.(2 Korentyen 6:14)
  7. Bay ak jantiyès: Sèvi ak yon pati nan sa ou touche pou ede lòt moun, sipòte legliz ou, oswa òganizasyon charitab. Bay se yon fason pou ou kontinye mete Bondye an premye.(2 Korentyen 9:7)

  8. Fè biznis kòm yon kretyen se pa sèlman chèche pwofi, men sèvi ak opòtinite sa a pou onore Bondye, ede lòt moun, epi viv ak entegrite. Pandan w ap mennen aktivite biznis ou, ou ka kontinye kenbe relasyon ou ak Bondye solid, si ou mete prensip biblik sa yo an pratik.Biznis pa dwe vin ranplase Bondye  li ka vin tounen yon zouti pou sèvi Bondye. Lè ou mete Jezi kòm fondasyon biznis ou, ou kapab gen siksè san ou pa pèdi nanm ou.
Ekri pa : Rodeline

Enregistrer un commentaire