Mwen Update Yon Biznis ki te la deja,E mwen Monetize li nan Fason Pa mwen,Gade kijan li rapòte Mwen.
Hello anko yon lot fwa se Mr le Paon pou yon nouvo atik,nan atik sa mwen ap moutre ou jan mwen update yon biznis ki te la deja e kijan li rapote mwen 5000 goud pa jou e pa fwa plis.
Alepok system sa te toujou bay lajan,men se toujou konplike pou kek moun ki itilize mwayen sa pou yo siviv men kounya se diferan.
Poukisa ou dwe Update Yon Biznis ke ou konnen.
Update yon biznis,se pi bon bagay yon jen antreprene ta dwe fe,paske gras a sa li ka fe li menm ki inove nan biznis lan fe anpil lajan,menm jan app yo toujou update pou pote pi bon sevis ak itilizate li yo,sa ki rann app la vin pi bon e fe plis bagay,wbywn nan biznis ou an se menm jan,si ou update biznis ou an,li ap vin pi fasil pou kliyan ou yo e pi fasil pou sosyete a tou.
Kijan mwen transfome Kontra moto a kom yon veritab sous revni pou mwen gras a Update mwen an.
Mwen toujou di ou pa ka antreprene pou lespriw rete kwense pou pa panse a fe biznis ou evolye e menm fe biznis ou vin mye,e menm si ou jwenn yon biznis ki deja yon jan,chache yon mwayen pou update li,paske si ou arive update biznis ou an se garAnti wap fe plis pwofi.
Lontan kontra moto te yon ael fason ki se yon kontra pou 18 mwa pou kapab rantre lajan ou an plis lajan moto a,men gras a sistem update mwen an mwen kapab pran 10 kontra moto e mwen fe yon maksimom benefis,map esplike ou kijan mwen fe sa.
Mwen menm mwen se yon trader mwen aprann traDE depi 2019 e mwen deside itilize mwayen sa pou mwen ka ofri tet mwen yon bon jan ed e mwen toujou di menm si mwen ta nan kay a madanm mwen map toujou kenbe sous revni sa paske li rapote anpil,menm jan li ka fe ou pedi anpil tou.
Mwen pale a de seri de moun ki nan antouraj mwen e esplike yo ke mwen menm mwen pran kontra moto tou e men kijan sistem mwen an mache,si mwen gen youn ou 2 moun selman nan moman kontra mwen an mwen konnen lajan sa egal a 1000$ us ki se lajan yon Haojin,donk si mwen gen 2 moun mwen konnen mwen gen 2 mil dola donk mwen pwomet chak kliyan ke yo gen pwosiblite gen lajan yo a an 6 mwa ou 8 mwa ou 12 mwa ou 18 mwa menm jan,pou mezire risk yo ak si mwen ta deside pa trade nan yon semaine si mache a pa ta bon ou yonmwa sa ki ap fe ke yo tann.
Mwen peye chak kliyan 50$ chak Samdi ki egal ak 7500 goud alekile puiske to crypto a se 150 goud,a 7500 chak samdi sa ki redwi tan mwen ta sipoze peye kontra paske kontra se 2500 goud chak samdi,donk a 7500 goud se deja 3 samdi ki deja peye,si ou ka peye 3 samdi nan yon sel samdi sa vle di ou ka peye 12 samdi nan yon mwa,si ou ka peye 12 samdi nan yon mwa sa vle di nan 1 mwa ou deja peye 3 mwa.
Nan ansyen Biznis lan ou pa te ka jwenn pwosiblite pou peye 3 mwa nan yon sel mwa,men gras a update la kliyan jwenn posiblite pou li rantre lajan li an pi rapid e menm jwenn tan pou re envesti,nan yon mwa kliyan ap resevwa 30 000 Goud,poutan nan yon mwa nan ansyen mod la kliyan tap senpleman resevwa 10 000 Goud,donk nan espas 6 mwa kliyan ap fin ranmase lajan li an san pwoblem gras a update la,e ou menm antanke anplwaye ou ap gen chans gen menm lajan ou tap gen nan 18 mwa nan 6 mwa.
Imajine ou pran 10 kontra,e ou deside fe menm jan,donk gen pwosiblite pou fe 10K$ chak 6 mwa san fe tet cho,donk gras a update sila si ou se yomn Trader menm jan ak mwen ou kapab fe gwo pwofi malgre ou pa gen yon goud,men si ou pa trader ou ka Update nan fason sa,men li telman bel le ou aprann trade se yon bel bagay.
Klike nan Ekriti Ble sa pou rejwenn mwen an prive pou rejwenn lekol mwen an e aprann trade depi jodi a. link
Dezyem Fason mwen itlize Update mwen an.
Mwen evite tout enpasyans ak ensekirite nan nouvo antrepriz mwen an,mwen pemet kliyan pi satisfe e mwen bay kliyan yon otorite pou li pi alez.
Mwen chache anviwon 10 kliyan e pafwa plis pou pran sevis mwen an san okenn pwoblem,Kliyan pa oblije nan deplase ale sou lari a pou li tann yon chofe ke li pa konnen oubyen pran nenpot moun,yon chofe santi bon e nomal byen abiye a dispozisyon kliyan pou nenpot kote li prale a ki nan menm komin avek li.
Pa egzanp mwen delmas mwen dispoze pou 10 kliyan mwen yo ki pap soti nan menm le,ke mwen gen pou ale depoze e ale chache .
Chak kliyann sa yo peye mwen 500 Goud pou jounen an,5000 Goud chak jou apre yon jounen travay ki pa two fatigan,mwen kreye yon sou kote apre sevs kliyan sa yo,nenpot kliyan ka rele pou swa yon sevis livrezon oubyen yon Kous pou yon traje byen detemine.
Avantaj pou Kliyan ki bay kontra.
Nnan biznis toutan lajan antre pi rapid se toutan moun ki envesti a ap anrichi plis paske lajan pa domi deyo e li gen chans fe plis pitit,si ou te bezwen 18 mwa pou fe 15 mil dola benefis,si ou fel nan 6 mwa li 100 fwa mye,gras a update nou an envestise a pa soufri e li jwenn plis ke sa li ta dwe jwenn,donk nan 1 an 6 mwa li gen chans pou envesti 3 fwa plis an tout sekirite.
Avanataj pou ou ki Update Biznis ou an.
Non selman ou travay vit e ou travay pwop,si ou gen yon kontra pou peye 500 goud chak jou, pandan ou gen pwosiblite pou fe 500$ chaj jou sa ki mete ou an avans sou majorite chofe ki fe menm bagay avew e an avans an tem de benefis,si ou ta gen chans jwenn 10 kontra yon sel kou pou mete yon wobo sou li,se anko mye wap ka fe 10 000$ us chak 6 mwa san grate tet,ak yon ris ki pa elve ditou.
Yon Libete san fen.
Gras a update mwen yo,non selman sa evite moto yo kraze nan nenpot sikonstans e sa evite chofe yo sakaje twop.
Si ou pa konn trade
Si ou pa konn trade sa pral mande pou aprann trade e jwenn kontra sa ki ap ede ou pi avanse,pou aprann trade fok ou jwenn bon jan esplikasyon ki pou ede ou vin yo gwo trader menm jan ak mwen san fe showoff sou rezo sosyo yo,gras a lekol pa nou an ou gen chans pou vin yon gwo trader,klike sou Click here pou rejwenn nou.