Avan ou kòmanse li,Play video sa pou tamde Mizik pandan wap Gade Mode De Vie an.
Mode De Vie
Prepare pa Mr Le Paon
Kòm kolaborasyon
Team Gentille
Lpl
Pa Gen Moyen Studios
Le Rêve
___________________
*_Mode de Vie_*
Bonjou ankò yon lòt fwa mwen la pou mwen pataje idem ansanm ak ou,mwen kontam paske nou li presedan yo,mèsi pou kesyon an prive yo..mèsi Tout Zanmi..ou menm ki poko like paj la peze sou sa https://m.facebook.com/Jerrylepaon
Epi ok
Kòm demen Si Dieu veu ta sipoze repriz paske se samdi..nap fè yon ti pale sou afè renmen jodi a
Pandan nap pase pran kèlke ti bagay ki fè pati de jan moun yo panse li an..
Kòm abitid nou toujou kòmanse ak yon Puncheline.
Punchiline jodi a se..
*_C'est seulement quand on risque de perdre une personne qu'on se rend compte à quel point on y tient, à quel point on en a besoin et à quel point on l'aime_*
Nap kòmanse..
Ok nou vle pale de kijan moun yo konsevwa renmen an,mpa di mwen renmen pi byen pase tout moun,men nou wè sa yon lòt jan..
Gen fi oubyen Gason depi moun nan di li renmen li,li etone
Li di nan li menm,èske li renmen mwen vre?
Apre yo pa fè okenn lòt analiz.
Konsa tou gen moun ki ka fèl
Men pou mwen li difisil,paske a chak moun mwen mande se yon sèl repons mwen jwenn..
Kesyon mwen poze
Èske renmen yon moun fòk li mennaj ou pou sa?
Kijan ou konsevwa sa?
Èske gen plizyè tip de renmen?
Renmen se yon bagay ki soti nan BonDye
Li rekòmande pou renmen tout moun,li pat janm di gen moun pou renmen pou mennaj ou,Ou byen pou zanmi??
Kesyon mwen poze ankò
Èske si moun sa pa zanmiw ou pap renmen li?
Men si yon moun ap trepase ou pap sove li?
Sa deja se yon lanmou se renmen ou renmen li,gen moun ki panse renmen se antre nan yon faz pou moun nan vin fanm oubyen gason vi yo..Renmen antre nan tout sans pa bezwen Zanmi ni mennaj yon moun pou renmen li..
Pou lòt jan yo di renmen an mwen ap fè yon ti pale sou li..
1)ki tip de moun ou ta sipoze renmen?
2) èske li posib pou renmen ak Yon moun ki pi piti pasew
Nap pale sou sa yo
Nan suit *Mode De Vie* wap jwenn rès la
Siw vle toujou poze kesyon oubyen kòmante jis ekrim an prive oubyen anba post la +50949082400
Nap kòmanse ak 1 an
Ki tip de moun ou ta sipoze renmen!!
Gen moun ki ap di nou sou estime moun
Men lèw se Fi oubyen gason gen tip de moun pou renmen avèl..
Ex: yon jèn fi pa respekte pè pap,li pa gen yon ti kras respè pou moun lakay li..
Moun sa apre tout saw dil li pa chanje moun sa pa yon moun ki pou antre nan viw,pandan ou pral fòme yon fwaye,èskew panse moun sa li menm ap respekte lòd ou pral bay yo??
Èske edikasyon fiti timoun ou pral genyen yo
Èske lap bèl?
Gen moun ki di se lanmou yo pa ka kontrole li
Men èske lanmou la pou li fè mal ou byen?
Èske lanmou la pou li fèw soufri oubyen jui yon nouvèl fiti
Dèfwa ou konn konnen ou antre ladan apre ou di se lanmou ki fèw sa
Se renmen ou renmen li,men moun sa èskew pat janm konnen li ditou?
Paske mwen konnen lanmou pa fèt san dyalòg
Fòw dyaloge pou nou youn konnen lòt
Map tou pase diw sa ou menm ki ap fè mennaj ou byen Yon lòt bagay sa pral depan de non ou ba li a..
Preferew konnen yon moun byen ou renmen avèk li
Ke ou ale pran yon moun ou pa menm konnen..
Pi gro erè yon fi fè nan fè mennaj..
Yo di yo pap renmen ak moun ki rete nan menm zòn ak yo
Ni yon bon zanmi yo..
Se sak fè majorite nan nou soufri.
Paske renmen mande nou youn konn lòt
E nou youn zanmi lòt,se sak fè depiw pa alèz swa ak mennaj ou wap toujou mal alèz
Deja se yon bon zanmi ki fè yon bon mennaj
Siw pa zanmi ak moun nan pou konn tout ti defo li,konn tout sa ki ka fèw kriye e ri a lafwa..
Li preferab pou renmen ak yon moun ou konnen byen ke pran nenpòt moun..
Paske si moun nan pa onèt,li mal elve
Sa pap yon bon rezilta pou ou ni pou fiti fwaye ou pral fè a..
Ko donk konnen ki moun wap pran
Ki moun ki ka jere yon fwaye
Ki moun ki moun vi paw la vre..
Avanw chwazi kwak se swa moun nan suiv konpòtman li ki still de moun li ye
Konsa wap santiw pi alèz nan relasyonw siw konnen moun ou an pi byen..
2)
Èske li posib pou renmen ak yon moun ki pi piti pasew?
Gen moun ki ap fache paske mwen konnen sa fè lapli e bo tan
Nan nèg e fi ki ap renmen ak Minè
Sa mwen menm map di..li pi bon pou renmen ak yon moun ki nan nivow,yon moun lèw pale pou se pa ou ki reponn ankò.
Menm si se li ki pote tèt li baw aprann refize
Fow ka di non ou pi piti pasem oubyen ou pi gran pasem..
Paske moun sa ap fèw soufri
Sitou pou gason ki ap pran timoun yo
Li pa bèl..kòmanw pral wè moun sa ka ti sèw epi wap pran plezi fè seks avèl
Pran pleziw avèl,konsiderew kòm siw te gen yon ti sè pou yon gro nèg ap pezel
Dèfwa ti moun nan konn pa menm kon karese menm se ou ki ap pran men li pasel sou ou..
Ki plezi ou jwenn la
Ou pa wèw vin aprèt tankou yon moun ki ap viv pou kòw...
Se jèn gason ou ye fè moun ki nan pwaw
Moun ki nan grosèw
Mye vo ou renmen ak yon fi ki gen 2 an plis ke yon ti moun ou bay nenpòt 6 a 7 an plis..
Gen nèg ki di depi bèf la gen kòn li ka kòche
Pa bliye ou gen pou gen pitit
E depi se mal wap fè wap peye sa..
Mesyem yo
Zanmim yo
Fanmim yo
Mwen konseye nou renmen ak moun ki nan pòy nou,pou nou pa parèt raz devan leta
Paske yap jijew di
Siw gen yon ti moun ki ap anmèdew renmen avèk li,pote moun lakay li plent pou li
Si yo pa mete yon fren nan li
Ale depoze plent ou nan yon komisarya
Fè de ou yon gason kapab e fò
Pa kite se lè yo fin metew nan prizon,pou wap di ou regrèt
Prefere ou parèt marozo ke fini nan yon vye prizon..
Kidonk jere vi nou
Paske tank ou fè sa,se yon famiy ou sove
Se viw ou jere,e konseye lòt yo
Pa fè sa.
Merci..
Coach
Woodson Jerry(Mr Le Paon)
*Fils du bled*
Enregistrer un commentaire
We use cookies to understand preferences and optimize your experience using our site, this includes advertising affiliated with Google.