Byenvini sou blogue mwen an pou nouvo atik mwen pou mwa sa,si ou nouvo sou blogue mwen an mwen se Mr le paon,mwen se yon jen antreprene,si ou konn vini deja pa bliye pataje atik mwen an,paske mwen sere yon kado anba nan fen atik la pou ou.
Antanke antreprene ou yon moun ki ap bay konsey,mwen ka konseye ou sa pou jodi a paske ou vini sou blogue mwen an,konsey sa ap ede ou fe pwofi menm jan ansanm ak mwen,ou pa oblije gen entenet toutan oubyen ou se yon ekspe nan biznis pou fe pwofi sa yo,ou jis bezwen fe aksyon yo senpleman,menm jan yo rapote mwen gwo li kapab rapote ou gwo menm jan ansanm ak mwen.
Jan de revni sa yo se revni a long tem ki kapab grandi lajan ou a long tem.....swiv ansanm avek mwen.
Etap 1-Itilize lajan kominote a pou grandi kapital ou Ou ka kreye yon system si ou pa gen lajan ki ka rapote ou lajan pou envesti chak le ou vle,nan kominote ou ye a selon tip moun ou ye a ou ka kreye yon sot de ti bank ki ap pemet moun ekonomize lajan yo,sa ki ap ede ou ou menm a jwenn lajan pou envesti,mwen menm mwen fel e li rapote mwen,donk ou menm ou ka fe li e li ap rapote ou,donk si ou konnen ou se yon moun ki onet ou ka itilize lajan kominote a pou grandi kapital ou,majorite moun nan mond lan renmen ekonomize lajan yo,yo souvan gen lajan sere pou yo ka toujou panse yo gen lajan,ou menm ou ka kreye yon system ki ap ede moun sa ekonomize e ki ap ede ou an retou a grandi kapital ou.
Donk si sa ka ede moun nan a sanble lajan konnen li ka ede ou a grandi lajan ou,nan bon sans ou ka envesti nan lajan sa yo pou fe gwo pwofi ou.
Etap 2-Kijan prete lajan ka few grandi finansyeman?
Anpil mou parey mwen toujou ap chache onetete,sa ki pwouve ke yo pa onet,angwo siw onet ou pap chache onet anko,reyisi nan lavi sa mande fok ou gen kran,men gen moun ki vle reyisi men se tankou yon kout baget maji,men bagay ki verite yo,yo pa fe yo pou yo reyisi,gen anpil moun ki toujou di mpa renmen prete mpa vle moun pale avek mwen mal,alo pou sa rive fok ou menm ki prete a pa ta remet,gen anpil moun tou ki pe prete se jis paske yo pap gen kouraj pou yo remet,men ou menm ki antreprene ayisyen ou ka chwazi sove lavi ou si ou onet,pa bliye okenn chanjman pap fet si ou pa onet si ou pa gen respe pou tet ou avan tout bagay,donk yon senp pre kapab chanje lavi ou,mwen menm mwen renmen prete,depi mwen jwenn zanmi ki gen lajan ki pap sevi avek li mwen prete li,gras a sa mwen fe anpil benefis e mwen pa janm sevi a benefis mwen yo,mwen itilize yon estrateji kote le mwen prete yon kob etandone mwen mwen envesti sou entenet mwen itilize lajan sa sou entenet,swa mwen achte crypto pou mwen revann,swa mwen envesti nan yon bagay koutem,swa mwen re envesti li nan men yon jeune ki fe biznis,nan etap swivan wap we jan mwen ak jeuen sa yo itilize lajan pou nou fe pwofi.
Si ou onet,ou fyab,pre se pi bon chemen ki ap mennnen ou nann reyisit ou.
Avantaj sa genyen.....ou pap sevi ak lajan ou,wap gen plis bouste pou travay,benefis ou pa depann de lajan paw,70% pwofi yo rete a ou.
Dezavantaj.......Si ou prete lajan pou manje li pap bay fwi wap nan pwoblem,si ou achte red pou mete pou fe bel,ou pa travay lajan li ap ypn pwoblem pou ou,si ou prete ou pa remet,sa pi graaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaav ke pa travay lajan.
Donk fe tout sa ki depann de ou pou travya lajan pou kapab vin lib finansyeman.
Etap 3 - Envesti avek zanmi ou.
Sa se youn nan bagay ki nouri mwen plis nan mond envestisman,gen moun ki envesti nan crypto gen moun ki fe lot b agay tou,men envesti nan pwoje zanmi pou selman fe 30% de benefis lan se sa ki grandi lajan ou plis.
Mwen gen yon mantalite mwen ta renmen ou adapte,inore konpletman ke ou ka pedi lajan,e menm si ou ta pedi li tou,inyore pet sa pou kapab re envesti san pwoblem,sa ki ede mwen konsantre sou lajan ki ap antre,toujou gen plis lajan ki ap antre ke soti.
Si mwen jwenn plis zanmi ki gen biznis e ki fyab menm jan ak mwen don se tap yon avantaj pou mwen paske sa ap ede mwen fe 30% mwen an pi rapid.
Si ou gen zanmi ou ki gen biznis li,ki vann de sri de pwodwi,oubyen yon zanmi ki ta renmen vann ou ka envesti asanm ak li,ba li 70% nan benefis la ou menm pran 30%,donk lanse ak yo,e mwen pral moutre ou demonstrasyon an byen fasil.
Demonstrasyon Mwen mkomanse a 10 000$ ayisyen e mwen detache li an 10 pati chak moun 1000$ chak moun ap banm 30% de envestisman mwen an apre yon semaine depann de sa moun nan vann,donk sa ki banm mwen 300$ ou 20% chak semaine sou envestisman mwen an,sa ki rapote mwen 200$ ou 300$ chak semaine ki miltipliye pa 10 moun ki bay 3000$ ou 2000$ chak semaine ,donk nan yon mwa sa depan de % ou an lajan ou an ka double,oubyen li fe plis ke double,e pa fwa li pa oblije 1000$ nenpot sa zanmim nan ap fe a si li rapote li 100% benefis mwen mfe 30$ ou 300$,donk si li vann li chak jou,mwen fe benefis mwen chak jou sa ki rapote mwen 30 fwa 300$ ou 30$ depann de ki nivo envestisman ye,donk gras a kolaborasyon mwen ak mou ki gen biznis yo pemet lajan mwen grandi.
Youn nan pi gwo ere nou fe anatanke jenn nou itilize lajan nou selman pou nou depanse e le nou gen yon benefis nou depanse li pi red,lot ere nou fe le nou prete lajan nou pa remet,men si nou chanje ere sa yo,mpanse sa ap ede nou anpil.
Mwen byen kontan ou te rete li atik mwen an,e sa ede mwen a fe lot atik pote pou ou,kado a se yon fomasyon gratis pou swiv,klike sou imaj sila pou ka pran li.
NB fok ou gen telegram.