Brize Glas.
Byenvini sou blog mwen an,ankou yon lot atik ki ap enterese ou,jodi a mwen pote yon fomil ki vreman efikas pou ou ki ka aplike nan majorite bagay ou ap antreprann.
Pou komanse mwen se Jerry Woodson antreprene,si ou nouvo sou blog mwen an,kontinye a chache sou blog la pou ka anseye ou pli,si ou deja konn vini kite yon komante pou di mwen kisa ou jwenn ki enterese ou sou blog mwen an.
Brize Glas - Kisa ki brize glas la?
Brize glas se yon metod mwen aprann e mwen devlope ki ede mwen nan anpil bagay sitou nan domen mwen,si ou menm ki se antreprene menm jan ak mwen oubyen ki vle vin yon jenn menm jan avek mwen,donk li posib pou itilize fomil sa,yon fomil ki ede ou nan plizye bagay tankou,Rekrite moun,vann moun pwodwi,chase timidite,chase konpleks.
Si ou kenbe fomil sa lap itil ou anpil.
Pou rekrite moun. sa ki toujou rete kochma majorite moun ki se parenaj,poutan pareanj se youn nan mwayen ki ede ou avanse rapid a yon pwoje,men a fos ke nou pa aprann konnen sa ki lesansyel yo,nou fini pa rete chita an plas e nou pa janm regle anyen depi se parenaj,kijan pou brize glas parenaj sa pou kapab genyen premye fiyel ou nan nenpot MLM.
Jan mwen konn di li deja,le ou jwenn yon opotinite premye baton pou pare kou se resous ki pi pre ou yo,ou gen pou reflechi sou resous ki pi pre ou yo,donk si ou fe analiz de resous ki pi pre ou yo asireman ou gen yon bon zel nan men ou,tou senpleman rete pou jwe li,ebyen menm si moun nan se fanmi ou,gen yon fason pou brize glas sa byen rapid.
-Ou gen pou mennen yon anket sou aktivite moun sa
-Ou gen pou chache konnen ki tip de biznis moun sa ta renmen fe
-Konbyen lajan li ta renmen fe
-Eske li renmen Job li ladan li an
Selon tout sa ou jwenn apwopo de moun sa,ebyen glas ou a sanse brize rete a ou menm a fe aksyon.
James,mwen gen yon opotinite ki ap ranfose lajan ou ap touche aktyelman la,kisaw panse siw ta gen yon nouvo sous revni pou konbat mize sa?
Eske se ap yon pwoble pou ou pou gen yon bagay apre job ou ki pou baw lajan mete nan poch ou?
Selon repons James,ou gen tout okazyon ou pou brize glas sa.
Pou pa janm raze - Majorite jenn raze pou yon sel rezon,Yo pap itilize sa yo genyen pou yo viv.
Eske ou te konnen mwen menm gras a sa mwen genyen ki se resous mwen leve jwenn yo mwen pa janm raze,desanm 2021 mwen konte mwen retire plis pase 60 bypass a 1000 goud,sa ki fem 60K GOUD REVNI,plis pase 100 etidyan sou kijan pou retire bypass sou android,gen moun ki gade sa kom yon senp bagay ke yo pap fe pwofi ladan,mwen mtwouve se pa verite,youn nan meye fason ki egziste pou pa janm raze,se kontinye a pwopoze ed ou a moun ki bezwen,se yon bagay mwen fe anpil,e se yon bagay ki pote anpil fwi.
Avan ou di ou raze panse a di pito,ki resous mwen gen disponib pou mwen fe lajan ansanm ak li? konsa wap we kapasite ou e ou ap brize glas raze a.
Avan mwen te kreye Paontech,mwen te deja pat manke resous men sa pat anpeche mwen panse a lot,ebyen mwen poze tet mwen kesyon sa,kijan mwen ka fe pou mwen jwenn lajan likid nan menm pi souvan? lide a fet e mwen ale poze kesyon ak kek moun ki pi pwoch mwen nan antouraj la,pou mwen apiye lide a.
NB-ou pa ka kitetout moun nan lis pa fe konfyans lan,fok ou gen yon moun ou ka mande avi li tou,pe enpot li ta pran sa mal.
Mwen lanse Paontech e li vese mwen plis ke 50K goud san mwen pa fe anyen serye avel apa de lide,san konte lajan Paon tech ki envesti nan lot bagay.
Panse a kisa ou konn fe,kisaw genyen ki disponib,kisaw ka bay,kisaw ka moutre,kisaw ka ofri,epi brize glas la yon fwa pou toput e fini pa janm raze.
eske ou te konnen menm si ou san konpetans gras a Market place facebook ak lot espas ankou ou ka fe plis pase 100$ pa jou,jis kite espas ou ye a e tou senpleman brize glas la.
Pou miltipliye revni ou san ou pa oblije kreye lot.
Toujou chaje fason pou yon moun fe anpil lajan nsi li vle men podyab se toujou menm bagay yo ki ap repete,poutan si pandan yon fwa nan viw ou eseye chanje yon bagay nan lavi ou,pou di jodi a mwen pap janm raze anko,jodi an mwen deside pa pase mize anko,Jodi a mwen deside pa pedi tan anko,mwen deside bouske pou yon bagay ki ka vesen 100$ ou 150$,konsa wap we jan kek bagay ap chanje.
Men si ou deja gen ti mwayen swa paran ou ap ba ou ou yon moun ki pa nan menm bagay avew ki ta deside ede ou pa selman itilize lajan sasa yo pou konble santiman initil ou yo,puiske ou gen yon demen e moun sa ka mouri byento e ou ka pa jwenn anko,donk ou ka eseye kek bagay ki pou miltipliye lajan sa yo.
Nenpot moun ou ye a. gen pwosiblite pou fe sa menm si ou poko stab,tout zanmi fi ak zanmi gason ou konnen ki gen yon bagay li bezwen achte ou menm ou ka vann li san pwoblem
Pa egzanp ou gen yon gwoup zanmi fi ou ka fe yon nich ansanm ak yo,le yo bezwen yon bagay se ou pou yo kontakte ou pou ba yo sa yo bezwen an,ou fel de zanmi a zanmi.
Si ou gen yon nich sa ap ede ou fe plis kob,donk si ou di chak zanmi ou yo fe tout zanmi yo achte nan men ou sa ki ap ede ou anpil,pa egzanp ou gen 4 zanmi an total e yo chak gen zanmi pa yo,donk si chak fe zanmi yo achte nan men ou sa ki ap ede ou a ogmante sous revni ou.
Siw deja gen kob ou ka chwazi moun ki gen talan pou fe yon bagay itil oubyen si yo gen yon biznis ou envesti ladan,pa egzanp ou konn yon zanmiw ki gen kapasite pou vann sandal ou nenpot lot bagay kou Jeans ak sentiwon oubyen yon lot bagay,si li ap achte 6 ou mete kob 2 e ou fe entere konpoze ak lajan ou fe yo,donk konsa si chak fwa sentiwon yo vann oubyen sa ou bay la vann ou fe benefis,swa chak semaine oiu chak mwa.
Pou fini Pou brize nenpot top glas ke li ye a ou pa bezwen te yon pwofesyonel,ou jis bezwen gen volonte pou fe sa yo mande yo.
Ou ta renmen abone ou ansanm avek mwen a 10$ pou jwenn pwosiblite pou brize tout glas nan jwenn opotinite chak jou?
Klike la.