Bonjou tout abone mwen yo,sa fe lontan ke nou pa pataje kek pratik ansanm akoz anpil travay akoz de biznis nou fome moun e rekrite moun koz nou pa two prezan pou nou pataje kek detay avek ou,kom sa fe lontan jodi an mwen pote yon bel atilk pou ou pou mwen esplike ou meye fason ou ka fe prezantasyon pou Biznis ou an e vann anpil fomasyon.
Youn nan bagay mwen toujou aprann nou se lanmou,apre lanmou tout res yo ap vini,ebyen gras a lanmou ke ou genyen ou kapab fe yon pi bon prezantasyon.
Si ou nouvo sou blog mwen an non mwen se Mr Le Paon mwen se yon jeune entrepreneur e mwen se yon net worker si tout fwa ou enterese ansanm ak Trading ou Maketin oubyen ou anvi lanse biznis anliy ou ka klike la pou nou kominike ansanm,e sa ap fe mwen yon gran plezi pou mwen ede ou.
Kijan mwen menm mwen fe pou mwen byen prezante Biznis mwen oubyen pwodwi ke mwen ap vann yo?
Gen anpil moun ki panse se yon kout maji e genyen ki tou ki panse se yon chans men an reyalite pesonn pa vle asepte ke se yon ansanm de travay ke ou kreye ki ba ou rezilta sila,avan mwen te lanse nan maketin relasyonel mwen te konn vann savon e sesi se premye biznis ke mwen kreye de A a Z se gras a li ki fe mwen aprann community menager e se li ki fe mwen aprann maketin digital,se atrave de tout sa yo mwen vin ap dekouvri de konesans kache ke moun kapab akonpanye ansanm ak biznis yo,menm jan ou we ke fason ou pran swen mennaj ou madanm ou manmanw ou yon zanmi kijanl vin bel kijanl fleri ebyen de menm pou biznis lan tou,ebyen gen yon jan ou aprann paramet yo e jan ou prezante biznis ou an ap chanje lavi biznis ou an byen rapid.
Si ou fe yon kalkil?
Si ou reflechi byen wap we tout pwopse ou yo ansanm ak moun ki ta vle vin kliyan ou yo kijan yo jete of ou men ou pa janm poze tet ou kesyon sa Kisa ki fe mwen pa janm rekrite 1 moun Si ou jwenn repons lan pase vit pa aksyon pou kapab jwenn yon rezilta o mwen,men si se pa sa se yon pwoblem direk nan fason ou prezante biznis lan.
Kijan Ou ka Fe yon meye prezantasyon?
1-Si se yon pwodwi ou ap vann.
Si se yon pwodwi ou ap vann li mande pou fe yon bel prezantasyon de pwodwi ou a,sa ki ap ede moun ki anfas ou a mye konnen itilite pwodwi a,pou fe yon bo n prezantasyon de yon pwodwi fok ou konnen pwodwi ou a byen e fok ou ka reponn a kesyon potansyel ke moun nan ka poze ou yo,anpil fwa nou fe ere nan vann yon pwodwi paske nou plis baze sou fe lajan ke fe yon meye prezantasyon,si ou fe yon meye prezantasyon de pwodwi ou a gen chans pou vann plis pwodwi olye ke ou ap chache egoyis pwofi.
Yon egzanp si ou ap vann yon pwodwi pou cheve oubyen yon Tretman kelkonk,meye fason ou ka prezante pwodwi sa se pa senpleman di li bon pou cheve men sa li fe cheve men sa li pa fe,men pito se ale pi pwofon ke sa,ou dwe chache konnen egzakteman ki tip de solisyon moun nan ap chache olye ke ou ap ofri li san konnen kisa li ap chache.
Nan yon prezantasyon biznis li vo mye ou konsilte moun ou ap envite a avan ou ofri li pwodwi ou a,Si mwen chache 10 moun ki gen pwoblem cheve e mwen ba yo yon bon jan enfomasyon sou sa ki fe yo pa ka gen cheve a ansanm ak yon solsiyon ki ka fe yo gen cheve a sou 10 moun mwen gen chans vann 6 pwodwi men si mwen jis di yo mwen gen yon tretman cheve ki ka fe yo pou se chave premye repons yo se ap "Mwen toujou tande tout machann ap di sa" men si ou pran tan pito a esplike yo kijan pwoblem sa ka koz plis dega e ou gen yon solisyon pou sa yo ap kouri pran solisyon an.
-Hey Nadine,mwen konnen ou pa asepte sa volonteman pou bo tet ou rete kale,e sesi ou pa alez pou jan ou toujou ap bare bo tet ou a,eske ou ka ban mwen 5 minit pou mwen esplike ou kijan mwen ede yon moun ki te menm jan avek ou vin jwenn solisyon kounya.
Ebyen si Nadine asepte tande solisyon ou an ou ap mye ka pale de sa,e ou ka toujou poze Nadine kesyon pou ka konnen eske Nadien bezwen solisyon,pafwa ou ka toujou we li bezwen sa poutan se pa sa ditou,men si ou poze Nadine kesyon sa yo se ap pi fasil pou ou pou ka mye vann Nadine.
-Nadine mwen ka poze ou kek kesyin san deranje ou?
Si li di wi ou ka komanse poze.
-Eske ou ta renmen fe chve pouse bo tet ou?
-OUI
-Eske ou ta renmen cheve ou vin pi long?
-Oui
-ESKE ou ta renmen cheve ou vin swa san li pap plede kase e san li pap kannel pou li retet 100% natirel?
-oui
Donk ou gen tout repons ki nomal pou kapab vann pwodwi ou a,ou pa bezwen fe yon pale anplis pou sa.
Si se moun ou ap rekrite.
Menm jan mwen toujou di sa fok ou konnen of ou an byen pou ka prezante li byen,kijan u fe yon bon prezantasyon ak yon moun ke wap rekrite?
Sa souvan mal pati antre moun ki ap rekrite moun yo paske to ale sou yon krite kote ke yo vle moun nan atoupri,men si depi sou premye pawol ou a li repousan sa ki koz moun sa ka fe yon bak donk ou riske pedi moun sa,men si depi premye pawol ou an ou fe yon bon prezantasyon ou pase,men eske ou konnen jan pou fe li,mwen gen yon egzanp nan premye pati a ki moutre ou sa,men vann a rekrite pa two menm men yo gen presek menm rapo de prezantasyon.
-Bonswa Jean mwen konnen ou prese anpil,mwen konnen osi ke mwen dersnje ou men ou ka banm 5 minit pou prezante ou yon opotinite?
Mwayen sa itilize souvan men pafwa san rezilta,gen moun ki fel e ki plen moun nan ansanm ak screenshot oubyen plizye mesaj ki deja anrejistre pou sa,sa ap kreye yon anbwouy ka moun nan e li pap janm kwe ou,se yon reyalite men ou menm ou pa two prete atansyon ak sa,men si ou chache konnen pito ki solisyon moun sa ap chache lap mye pou konfome prezantasyon ou an.
-Mr Jean,mesi paske ou ban mwen chans pou nou pale biznis ansanm,mwen konsidere sa kom yon fave,e mesi pou konfyans ou fe mwen tou,mwen ap evolye nan biznis lan depi 2019 e mwen resanti ke antouraj mwen manke gen pwochen ki nan sen mwen plis,etandone ke nou konnen mwen ta renmen ou fe pati de ekip mwen an yon fason pou ou menm avek mwen kapab ede plis moun a genyen yon som lajan,kisa ou panse si mwen ave ou kreye yon ekip ki ap jenere plis pase 500K$ sou long tem?
-Mr Jean- Mwen kontan etc..........
tout sa Jean pral rakonte ou kom obstak yo pa gen anyen a we ak ou,si ou lese tout sa Jean pral di ou kom obstak yo akapare ou,ou riske pedi pwospe ou a,donk Jean ap eseye ou f ou konprann sitiyasyon li an yon fason pou li pwouve ou ke li gen rezon pou li pa enskri oubyen rejwenn ou menm gras a prezantasyon ou an ou dwe pwouve jan ke li pa gen okenn rezon pou sa,Selon repons li ba ou ou gen pou fome yon ansanm de solisyon pou pwospe a.
NB- Toujou konnen se konvesasyon avan aksyon,ou vle rekrite anpil moun,ben pase tan ou a tande moun anpil.
Mr Jean- Mwen tande sa ou di a se tap yon bon plezi pou mwen,men ou ka pale mwen de biznis sa,kijan li fonksyone tou sa?
Donk se la ou antre an koz pou pa tonbe a ere,se yon entevyou si ou echwe ou pedi kliyan,men ou pa dwe echwe.
1-eske ou dwe kopye yon lien ou yon teks deja prepare voye ba li?
2-Eske ou dwe toujou kontinye konvesasyon an?
3-Eske ou dwe pran tan ou pale de biznis lan?
-Pi enpotan se pale li de biznis lan pou pwouve moun nan ke ou konnen sa ou ladan li an byen e se domaine ou.
Li toujou mye pou kontinye konvesasyon an yon mwayen si ou pa santi ou a 100% pou reponn ak kesyon poze pa pwospe a,men li tap pi bon si ou fe yon kout prezantasyon de pwoje a san ou pa manyen sa ki o mwen ka fe moun nan fe bak sou pwopozisyon an.
(Mr Jean,Se yon antrepriz ki egziste depi tan ane e ane sa pa li tan ane de sevis,li pemet a kliyan li yo gen akse kreye yon ekip menm jan mwen menm mwen vini pou pale ou de sa antanke moun ki konpetan ki ka devlope yon rezo,Antrepriz lan gen plizye pati ladan.....................)
Donk ou menm ou gen devwa a esplike ki avantaj antrepriz la ofri e ekip pa ou a ofri osi,paske moun yo pa gen okenn pwoblem ak antrepriz la men moun yo bezwen konnen ou menm ki fe yo of la eske ou ap toujou ede yo se sa ki konte sou yo paske anpil moun gen tandans jwenn ed nan men pwochen ki pa yon move bagay.
NB Si selman si ou pa asire yon ed ke ou ka founi moun nan pa pale li de sa koz li ap repwoche ou de sa byento,men nan prezantasyon pa janm fe ere sa tou pou pa ofri li yon ed sou long tem.
Kijan ou demaske ou de timidite ou pou komanse prezantasyon biznis ou an.
Majorite moun pa ka fe yon bon prezantasyon paske tou senpleman yo timid ,e timidite pa zanmi sikse koz siw vle fel fow gen kran fow pa timid fok ou se yon moun ki brav e ki ka aksede ak nenpot konvesasyon pou ka fe prezantasyon ou an,mkonnen tout moun timid men pa kite kanse sa ateri sou ou paske si selman li tonbe sou ou ou riske rete nan konfo ou,paske timidite se yon konfo.
Mwen mgen pwop fason mwen mwen detache mwen de timidite,anfet sa fe lontan mwen pa timid de kwak se swa.
Nan lavi tout sa ou pe vin tounen yon obstak pou ou akonpli yon bagay.
Imajine ou ou gen yon pwodwi pou vann men fok ou prezante li a o mwen 10 moun,ou timid ou pa prezante pwodwi a kom rezilta pwodi a rete nan men ou,e moun yo ap toujou rete menm jan yo pap chanje e yo ap rete gade ou a pwodwi a ou ak biznis lan pou prezante yo li.
Mwen gen kek lide mwen retire nan mwen sa ki pouse mwen a kite timidite ate jis pou mwen ka lib poum prezante biznis mwen an.
-Sispann panse ke moun yo pap asepte of ou a
-Sispann panse ke yo ka ri ou
-Sispann panse ke moun nan konn tout bagay deja
-Sispann echwe tet ou a lavans
A chak fwa ou fe sa sibkonsyan ou itilize li kont ou,e yo vin reyel jiskase ou paralize nan lespri e ou pap ka egkite anyen,mwen mwen gade tout moun anfas mwen kom kone poum ranmase bo wout,a chak fwa mwen ta lese youn mwen panse li se yon pyej pou mwen e mwen itilize tout fason pou mwen atenn li,menm jan si yon moun fe ou plezi ou anvi apwoche li men ou timid kreye yon bagay ou konnen o mwen ki ap pete twal ki bare ou a.
E si ou eseye metod sa yo pou ka mye lese timidite ou le ou jwenn yon moun...
Si ou jwenn yon moun e ke ou timid ou ka senpleman ajoute yon sel pawol epi ou rejwenn yon konvesasyon..
Gen moun menm si yo pral mouri timidite a ap koz yo mouri yo pap di sa pou yo di jis pou pe yon malonet,men men mwen menm nan ka sa mwen prefere tante yon chans.
Si ou timid e ou anvi prezante ou ka toujou komanse pa yon blag.........
Hey Tifi led kijan ou ye la,mgen yon kado pou ou wi
(Pa two mal kom avans)
Tante yon blag ki o mwen pap deranje moun nan e ki akonpanye de of ou an.
-Mwen gen yon kado pou ou
-mwen gen yon bon nouvel pou ou
-Mwen jwenn yon bagay enteresan pou ou
<<Menm si ke ou ta sote oubyen mal alez pandan prezantasyon an,kontinye paske se menm jan ak yon machin ki fenk demare si ou ezite epiw lache machin nan ap etenn.>>
Si timidite a rete nan ou ou pa aprann a chase li,wap fini mal,men si ou pran sa an chaj se va fasil tout bagay,tout moun pase etap sa,ou pa sel moun ki anfas sa,donk ou dwe genyen pari sa.
Mesi paske ou te li atik mwen an,e sa fe mwen bien anpil,se zanmi ou Mr Le Paon ki te akonpanye ou pandan tout moman,mwen envite ou a swiv seri <<Rekrite Fasil mwen an sou youtube>> Sa ki ap ede ou aprann tout metod mwen yo gratis.
Klike sou telechaje pou telechaje yon liv gratis pou ka mye lanse ou.