Articles

Kijan Pou Otomatize Ekip ou pou rekrite 50 moun chak semaine

 Hello Se Jerry entrepreneur Net worker e envestise jodi a mwen vini pataje ak ou fason mwen itilize pou mwen otomatizasyon anndan ekip mwen an e menm nan vant fomasyon anndan ekip mwen an,ke seswa nan freedom seekers oubyen fomasyon pa ou ke ou genyen,mwen jwenn plizye metod nan esey ke mwen fe e sa rapote mwen anpil pwospe,rete li atik la pou aprann metod mwen yo.


Avan mwen te gen anpil moun nan ekip mwen se te yon veritab mize,pa selman ekip men nan antouraj mwen,moun ki kwe nan mwen moun ki ta renmen travay mwen avanse moun ki vle achte ou enskri nan biznis mwen enskri se te yon gwo pwoblem,pwoblem pale a moun tout kalite pwoblem.

Men tazantan mwen ap amelyore sa ki vin fe de mwen yon neg ki komanse gen piblik tou,men pandan setan gen kek bagay mwen vin aprann o moman sa yo e se yo ki pemet mwen otomatize ekip mwen an. 



Zewo Pwokrastinasyon Anndan yon ekip antanke leader dwe gen 0 pwokrastinasyon,depi gen moun ki ap pwokrastine sa ap pemet travay la ale lan e sa ka koz otomatizasyon an pa janm pran,men si tout mou fe travay yo kom sadwa ebyen ekip sa li otomatik pap bezwen se moun sa ki pou ap fe pou moun sa,menm si sa pa yon pwoblem men ou menm antanke leader ou gen plis tan pou kreye aktivite ki pou anime moun yo.,men mwen pou mwen chase pwokrastinasyon sa yo rele pares sou aktivite ou gen pou fe yo,mwen itilize motivasyon sa yo.

  1. Mwen pa manje toutan mwen pa fini sa mwen gen pou mwen fe a
  2. Mwen pa ouvri telefon mwen toutan mwen pa fini
  3. Mwen pa ouvri plizye fenet aktivite devan mwen pou travay mwen pa paret konplike
  4. Mwen pa mete lot zouti ki pa konsene travay mwen anndan sa mwen ap fe a.
Tou sa yo ede mwen a byen aranje travay mwen e mwen pap pwokrastine e sa ede ekip mwen an a fe menm jan.

Toujou mete ou sou travay Anpil Leader pa janm aprann bon sans otomatizasyon an yo vle fe sa depi an lagan men ki se yon fab,pou ekip ou enterese ou menm ou dwe yon model,si ou pa yon model yo pap janm enterese donk se nomal,sa gen anpil enpotans le ou menm ki leader a iu mete ou sou travay,sa ki ap yon egzanp pou moun ki ap swiv ou yo,se menm jan ou se kapiten yon bato devwa ou se jere bato a byen,si ou ap mal jere ebyen bato a kapab koule e matlo ki sou pon an ansanm avek ou yo ap koule,si ou aji byen yo menm tou yo ap aji byen e yo pap fe kontre,men si ou aji mal se menm jan yo ap fe.
  1. Ou dwe gen yon prensip ki aplike sou tout moun san esepsyon
  2. Ou dwe kreyatif,sa ki ap ede ou a kreye plis chak jou.
  3. Ou dwe toujou a le e menm konvenkan nan sa ou ap fe yo.
  4. Ou dwe sispann gade sou lot moun ki anndan ekip ou yo.
Pa egzanp -  Si ou gen yon ekip ki ap vann menm jan ou menm tou ou ap vann,ou pa dwe tann se le ekip la swa resi vann pou pwouve a lot moun ke ekip ou ap mache men ou menm ou dwe fe gwo travay pa ou dabo pou vann plis oubyen rekrite plis yon fason pou ekip la li menm gen plis konfyans e pou li travay menm jan ak ou sa ki rann ekip lan otomatize.
Youn nan pi bel fason ou otomatize ekip ou,se menm si ou pa la anko ke tout bagay yo ka mache san ou.
Kreye yon dokiman ki ka modifye. Otomatizasyon an fet tout a trave yon dokiman ki ka modifye oubyen yon lien ki ka bay enfomasyon yo san manke ki ap pemet ke nouvo yo pa bezwen kraze ko twop men ki ka jere sa pou kont yo,dokiman sa dwe gen ladan kek bagay ki atiran ki ap pemet ke moun sa ki pwochen moun li pral jwenn nan se yon moun ki konn sa li ap fe a.
  1. Pale de ou
  2. Pale de kijan ou rankontre biznis lan
  3. Pale de kijan biznis lan chanje lavi ou
  4. Pale de kijan fomasyon yo itil ou
  5. Pale byenfe biznis ou ladan li an
  6. Pale de fason ou te rekrite moun pa ou yo
  7. Pale de avni ou anndan biznis lan
O final pale senpleman yon mini aksyon si tout fwa moun nan enterese a fe aksyon,pa egzanp <<Klike isi pou enskri jodi a>>
Chak moun ki gen pou enskri ap jis klike sou lien parenaj ou a,e ap kapab modifye dokiman e mete enfomasyon pa li ansanm ak foto li san pwoblem.

    Lanse epi tann rezilta. Apre ou fini fe tout sa ou gen pou fe ou gen senpleman a tann rezilta,komanse fe mesaj la pase a tout ekip la ke gen yon dokiman disponib ki otomatize rekritman yo san pwoblem sa ki ap ede chak moun a rekrite moun mete anndan ekip yo san pwoblem e vann plis.
Depi 1 an mwen otomatize ekip mwen an e mwen rekrite anndan ekip mwen an plis pase 1000 moun e mwen vann plis ke 300 fomasyon a 50$ e jiskaprezan otomatizasyon an kontinye fe chemen li,pe enpot antrepriz ou ladan li an ou ka otomatize li e genyen menm le ou nan fon somey.

Mesi paske ou pran tan ou li atik mwen an,pa bliye abone ou ak chanel youtube mwen an pou resevwa chak podcast mwen ap soti nan ane sa e chak emisyon Jns san limit.







Enregistrer un commentaire