Li Pa Yon Rèv Epizòd 2
Achte Yon Bèl Tenis Pou fè Pyew Bèl
*_Li La Yon Rèv_*
_Epizòd 2_
*_Clean Face_*
_Pa Gen Moyen Prod_
*_All Cleaned Economic_*
_Le Rêve_
*_PB Fondation_*
_SISASE_
_Se Patiiiiii_
_Jay antre lakay li,lè li rive li pran yon Moso Papye ak yon Kreyon,li chita nan Kwen Kay la lap reflechi._
Jay::Nèg yo banm yon Bèl ide,èskem pa ka transfòme ide sa,pou li vin Gran??
-Wi Mkapab,men manmanm gendwa pa dakò avèk mwen,men map eseye kanmenm.
*_Jay leve atè a,li ale Sanble Bwa yo,pou mete Manje nan dife,
avan li ale lekòl,Kèlke tan apre lè manje a Fin kwit,Jay manje vant plen,Jeff ak Simon ansanm yap Dyaloge._*
Simon::Jeff si Jay dakò ak Sa James di an,ou konnen Nou ka fè kòb avèl??
Jeff::Fè kòb nan kisa??
Simon::Nan Plante a freo,nap plante nap rekolte nap vann
Jeff::Aaaah,sa pap rapòte anyen Non frè,yon vye tè lapli pa janm tonbe epi wap di sa
Menm si lapli tap tonbe e nou ki tap jwenn Chans sa,valè moun ki te konn Plante ale vann Pòtoprens,yo Pa reyalize anyen non Zanmi.
Simon::Ben nou pa gen menm rout avèk yo freo
Jeff::Antouka,lè nal travay sim ka ede map ede,men sa pap rive lwen frè
*_Nan Pita Jay ale lekòl,li pa rive bonè gentan gen prof nan klas la,Direksyon an pase pran devwa nan men moun ki pat remèt yo,Jay pa fè devwa,yo voyel lakay li ankò.._*
_Jay santil mal,li pa ka fè devwa yo paskel pa janm arive konprann bagay yo vre_
_Jay pa ale Lakay li,li ale Kay Mr Chrisnor_
Chrisnor::Jay kijanw ye?? Ou pa ale lekòl??
Jay::Oui,mte ale wii,men yo voyem tounen paske gen devwa yo te bay mpa fèl,yo voyem tounen
Chrisnor::E poukisa ou pa gè Devwa Jay??
Jay:Mwen eseye Li pa Janm Bon,toujou se yon problèm li pa ka fèt,mpa fèl ankò
Chrisnor::Men fòk ou re eseye Jay,Lavi a mande sa
Jay::Mpa kapab,Banm ale non,mpral antre Kabrit mwen yo wi,mgen yon Manman poul ki fenk kale la,fòm jerel wii
Chrisnor::Mwen Plis wèw pran swe bèt yo ke lekòl ou Jay,Antouka......
Jay::Ebyen saw genyen se liw pran swen wii
Male Mr Chrisnor...
*_Jay ale_*
_Lè li rive li jwenn manmanl gentan Antre tout Kabrit,yo fè manman pou li a antre._
Monik::Jay apaw pa ret lekòl la?? Piukisa map depanse lajan sa Jay??
Jay::E pa mwen Non Manmi,se Voye yo voyem tounen wi
Monik::Ebyen Jay,si se konsa mye vo ou pa janm ale ankò,paske mwen pa wè ki sa ou ap aprann la non,Chak jou ou ale se retounen??
Mwen pap kontinye peyel non,ou mèt tou rete ou pa menm bezwen ale demen si Dieu veu,ou mèt ale fin sakle rès tè a,pouw pare pwa tyous la ak patat dous la,pou mwa sa.
Jay::Mte panse ak sa wii Manman
Monik::Kounya Jay,pou tout timoun alantou yo ap fini lekòl nan senmak ou menm se plante wap plante??
Lè yo vin gro Doktè ak Gro Ouvriye ou menm wap Jis ap Plante??
Jay::Ebyen manman,nan lavi gen sa wii,ou pa oblije menm jan ak tout moun non manman,Sa wap fè a ou konnenl sèlman??
Èske se tout Zanmi lekòl ou yo ki vin madan sara??
Èske se nou tout ki ap regle menm bagay??
Si bagay la pa renmenm manman,Mjis pa kontinye...
Monik::Se sa Jay,Piga demen si Dieu veu lèw pa ka jwenn yon Job,pou di se mwen ki pat metew lekòl non??
Jay::Manman,ou mèt kwè nan mwen,mpa ka mouri pòv non,e sesi map devni youn nan moun ki pi rich nan Zòn nan wi manman,Siw ta gentan mouri,foumi ap pote nouvèl baw manmi.
Monik::Mwen swete sa,Men ou pa Vle ale lekòl kijan wap fè vin rich sa menm??
Jay::Map travay manman,e tout tè sa yo nou genyen an??
Poukisa nou genyenl??
Monik::Ebyen Ok Jay,Map vini wi mpral kot Rosemène,Men manjew la anndan.
*_Monik ale,Jay ret chita anndan,lap pale pou kont li_*
Jay::Hmmm,mpral kòmanse travay depi a laj sa poum ka kòmanse fè manmim wè.
*_Nan Pita nèt,Jay te ak zanmil yo,yap pale kijan yo pral kòmanse ak travay yo,Pou yo ka tann antre mwa Jwen an._*
Assony::Jay saw panse sin ta kòmanse vire tè a,epi nou tann yon Ti lapli??
Jay::Janm wèl ye la,mpa kwè lap fè Lapli non
James::Menm si sa,Nap brote dlo la sous poun rouze Yoo
Assony::Mgen yon ide??
Jay::Kisal ye??
Assony::Demen si Dieu veu nap desann anba nan Moulen,nap gade tè ki anba,epi map ba nou yon lide..
Jay::Ebyen Nap Tann Assony.
*_Apre yon Jay antre,Nèg yo ale lakay yo_*
*_A swiv_*