المشاركات
Li Pa Yon Rèv Epizòd 1
*Li pa Yon Rèv*
Clean Face ap prezante'w Yon Istwa ekri pa Mr Le Paon.
Li ak Konpreyansyon
Pa Bliye ou Ka swiv Mr Le Paon sou tout rezo sosyal yo
Twiiter
Ale sou Google tape *Jerrylepaon* pou jwenn Site Web Mr Le Paon.
Epizòd☝
_Nan 6 Dènye ane ki te sot pase yo,Nan St Marc zòn Jeanton 2 Te gen yon tèrib Siklòn ki te pase,Li kraze Jaden moun yo,Epòk sa gen yon Ti Gason yo rele Jay..Ki se Abitan zòn nan_
Manmanl te konn ale achte diri Anba latibonit pou revann,E pafwa li moute pòtoprens apou li achte Lòt bagay pou Li vann ak Abitan yo.
_Manman Jay rele Monik e Papa Jay tap Viv Nan Nò okap_
_Jay lekòl apre midi lap fè Segond,Jay pat vrèman Apresye nan Klas li a paske li pat gen ase mwayen pou li gen tout liv li,e li Pat janm rive lekòl la bonè a koz de aktivite li_
*_Yon apre Midi Jay te fin Fè tout bagay li,li benyen li ale lekòl,Nan klas la yon sèl demwazèl ki te toujou apresye Jay,Li rele Asmide..te toujou ap sere Ti flè ak Lòt bèl ti bagay pote pou Jay...Avan Jay rive lekòl la,li jwenn ak Yon Mesye Ki rele Chrisnor ki se youn nan Gro abitan Vil la,Jay salyel epi yo kòmanse pale._*
Chrisnor::Jay! Kijanw ye,se vre mwen wè prale lekòl,nap fè rout la ansanm,petèt nan Chanje kèlke paròl.
Jay::Pa gen Problèm non,Mr Chrisnor
Chrisnor::Jay,Mwen wèw toujou motive ak Patiraj ou yo,ou toujou la pou pran swen Bèt yo,ou toujou la pou Jadenw,eskew gen Pasyans sa pou lekòl??
Jay::Wii Mesye Chrisnor,men sa pa anoechem regle Travay mwen renmen an
Pale a pap anpil non Mr Chrisnor,mwen rove lekòl la.
Chrisnor::Yon Lòt fwa....
*_Jay antre nan Klas la,Domaj pou Jay,chemiz unifòm li an Sal,e Jay pa osi pròp akoz Pat gen moun Pou lave pou li,Jay Chita dèyè nèt,Malgre sa timoun yo toujou ap Farouche li_*
_Asmide leve li ale chita kote li a_
Asmide::Bonjour Jay?? Kijanw ye??
Jay::Byen wii e ou menm?
Asmide::Byen wi,poukisa se Jis la ou vin chita,ou pa ka al chita devan pito??
Jay::Timoun yo ap farouchem,e mpa santim konplè poum chita ansanm avèk yo
Asmide::Pa di sa,Vin Chita kotem nan ebyen,ou se moun menm jan avek yo wi ou pa konn sa??
Jay::Wii,men yap Farouchem
Asmide::Ann aleee.
*_Profesè a vin vini,Se yon profesè Fizik,li mande devwa,Jay pat fè devwa,Yo kòmanse Kale moun e mete moun deyò al lakay yo_*
_Yo Voye Jay ale lakay li,Asmide rete tou tris jis lekòl la relache nan Aswè 7h_
_Vè 8h PM,Jay nan lakou lakay li,lap ranje manje nan sak,Li ale gade si Kabrit li yo antre,li gen 3 Kabrit ak 5 Poul 2 Kòk,yon Ti kochon,li verofye tout bèt yo si yo la,apre li chita sou yon ròch nan lakou a lap reflechi._
Jay::Ou nan yon lekòl yo pa vle wèw,e kòmsi ou pa peye lekòl la,Tout saw fè pa bon,Map di manmanm map kite lekòl la pou jere Bèt mwen yo,paske yo di depi yon bagay pa renmenw pa fòse avèl,paske pi devan li kapab pi mal pou ou,lesansyèl la mwen konn li,men m se bòlèt ma vann poum degajem,mwen santim nwi ak bagay sa.
_Jay vin antre nan kay la,Li jwenn manman li ap konte lajan Biznis lan_
Jay::Manman mwen gen yon bagay poum diw wii
Monik::Sa li ye Jay??
Jay::Mpa anvi ale lekòl la ankò non manman
Monik::E gro Koze,ou pa menm gen papa menm,kisaw deside fè la menm??
Jay::Mwen deside fè menm jan avèw manman,mwen deside Sanble kòb poum Vann menm Jan avèw man
Monik::Ebyen Jay fòw al travay pou geb Kòb wii,ou pap janm gen kòb sanw pa al travay non,Anplis siw rete lekòl la,lèw fini wap jwenn yon Gro Job wii
Jay::Men Manman,lekòl la pa renmenm,tout Jounen yap voyem retounen,elèv ap farouchem paskem pa vin pròp,e se pa mwen ki koz manman
Monik::Ebyen Jay fini fè Segond lan,apre wa al aprann yon bagay pou ka jwenn yon Bon job pou ede fanmi an,mpa ta rrnmen ou vin yon machann diri menm jan avèm Jay,paskem pase mizè anpil Jay,mpa ta renmenw pase mizè konsa non Jay😪
Jay::Mwen Konprann sa manmiii,Map Jere sa.
_Monik fini regle lajan,Apre yo al Dòmi_
*_Nan Demen si Dieu veu Jay leve li al fè patiraj,Jis nan yon mòn,li tou ale chache bwa pou li fè manje,Nan desann Li jwenn Ak Asmide_*
Asmide::Bonjour Jay
Jay::Bonjou Asmide,ou byen??
Asmide::Wiii,Figiw bèl wi Maten an,ou gentan bwè lèt??
Jay::Non,Mte Jis Gade poul mwen yo ak lòt bèt yo,sa fèm anpil Plezi
Asmide::Mèt Fizik,ou fè devwal la,lap pase pranl wi Jay
Jay::Non,ki devwa sa,mpa nan kesyon devwa,Se afè Ti bèt mwen map jere,lèm pa genyen yo poum vann poum peye lekòl la,se deyò yap metem..
Asmide::Pa di sa Jay,Map tann ou a devwa wii Zanmim nan svo.
Jay::Mpa bezwen Baw manti mpap Fèl
Asmide::Stp Jay
Jay::Manmiw pa voyew Asmide,Banm ale poum ka gentan ale bay bwa tande
*_Asmide ale tou Tris,Jay ale lakay li.,Li bay manmanl pake bwa,apre li ale nan Jaden li._*
_Sou rout la li jwenn ak Jeròm Kouta,Andre,Gari....Te gen Assony ak James ak Jeff_*
_Nèg Sa yo lekòl yon kote ki rele nan barik,Jay ale ansanm ak yo nan jaden an,Te gen Smith ak Simon ki nan menm lekòl ak Jay,yo wèl prale nan Jaden an._*
Smith::Gade eta yon nèg,nèg la pa konpotel tankou elèv ditou non,se toujou nan raje yo tou sal,pa janm vin lekòl la san rad li pa tache se toujou menm jan
Simon::Epi tifi ki chita devan zanmil wii
Smith::E menm Bagay yo tuiipps
Simon::Ann ale Freo.
*_Nèg yo ale,Jay rive nan jaden ak nèg yo,Assony te al pran Yon moso ròch ki te nan Bouda yon Ti tòl ki te bare yon tou poul Chita_*
Jay::Sa ou fè la nèg,e si kabrit antre li manje ti pwam yo
Assony::Ah Monchè,lè nou prale nap ranje sa
Jay::Piga zo,piga oikan frè
James::Ey Jay,kòm se manmanw ki gen Plis tè saw panse si nou panse ak yon Bagay pou nou fè sou li,ki ap fè nou gen anpil manje lakay nou
Jay::Li tap bon wi,sinplante yanm ak Pwa sou li,konsa nap toujou gen manje saw panse??
Assony:: Sa tap bon wiianmanm gwn yon ekip ti tèg ya anro nan Koray map.pran yo,nap vin plante yo la
Jay::Ebyen Ok Mesye,Nap Vin sakle Samdi si Dieu veu tande
Kouta::Map Mache ak Manchèt ak Rou
Map bay 2 lam
Gari::Map pote yon pake fèy ak Yon Mak aran
Jeff::Yon Mak aran pou tout manje sa
Nou malad mesye
Jay::Map bay toujou...
Gari::Ok ann ale nn Mesye,Jan nou di a??
Jay::Wiii
*_Nèg Yo ale,Jay antre lakkay li._*
*_A suivre_*
_Need yon fòmasyon sou Entrepreneuriat,avek anpil Motivation ak Anpil Temwanyaj.....Ekri nan 4616-2735_
Oubyen ale sou instagram nou Mr le paon ofisyèl._
#Shre & Like