المشاركات

Mode De Vie Epizòd 2

Mode De Vie☺

Yon Emisyon Jenès Mr Le Paon Pote Pou ou,Kote wap Jwenn anpil ti konsèy ki kapab Itil ou,Rete li jis ka dènye Pwent Mesaj la,pou kapab aprann plis.

Mèsi.

Mr Le Paon.

Bonjour,Kijan Ou ye?? Ou konnen non an deja,Nou pa bezwen ap plede Site li,Avan nou kòmanse di ou tout bagay,nou ap jis mande ou yon senp bagay,bagay la se kisa li ye??

An nou Ale wè nan Sijè nou.

Sijè a se “Aprè Yon Kè Brize Kisa Mwen dwe fè”

Se Bon☺

Jodi mwen vini pale ou de Kè brize,se pa yon kè Brize sou rezo sosyal yo,ni se pa yon kè Brize san efò,Nou vle pale de 2 moun ki tap viv ansanm ki gentan gen yon vi ki trè avanse nan lanmou,men kèlke ane pita,youn nan moun sa yo chwazi fè yon lòt rout,ebyen si se ou ki viktim nan ou gen yon bagay pou fè.

1) Apre yon relasyon fini kraze,ou pa ka kouri ap di ou pap janm renmen ankò,swa ou gason oubyen fi,Ou di ou pap renmen ankò paske lanmou engra,lanmou pa bon,Ou regrèt ou pat rete selibatè....Non Non Non,Pa pale nenpòt jan,ou dwe gade yon lespri ki kal,Se vre blesi an di,Mak la ouvri byen laj nan kèw,men ou dwe rete ak yon Lespri ki pap trayi ou,ou dwe pran yon nouvo desizyon,yon desizyon kote ou prale gade sa ou pat fè nan relasyon pase a ak sa ou te manke fè ou pat fini,Wap fè yon asanblaj de panse ak yon ansanm de konsèy pou afronte 2eme Relasyon ou a,Ou pral pale ak san fwa ou e di reyèlman saw resanti an,Ou pral konstui yon baz ki diferan parapò ak sa ou te gen deja,Ou  prale mete ou nan yon nivo kote ou pap lese anyen domine ou,ou prale viv san ipokrit avèk nouvo Zanmi ou prale genyen an.
Pafwa yon relasyon brize ou pa rann kont de sa ki pase ki fè relasyon sa pran fen an,men gen kèk parazit ou lese antre nan mitan relasyon ou an,sa vini koz relasyon ou an kraze.

Bagay ou dwe evite,e pran li sevè ak Zanmi ou a.

Pa Asepte tròp zanmi ki ap vin di ou kijan pou Viv ak Mennaj ou a.

“Ou dwe mèt vi ou,ou pa sipoze kite se moun ki ap gide vi amoure ou,si se zanmi ki ap di ou sa pou fè,sa pou pa fè,ebyen yon jou yo ap pran desizyon pou yo kraze relasyon ou an osi”

“Lèw fin Brize Gen tip de moun pou pale”

“Pa kite Rankin fè ou ap pale de relasyon ou an ki brize an,sou rezo sosyal yo,Paske?? moun nan te kapab anvi tounen men akoz de sa li ap li ke ou pataje sou entènèt la,pa bal gou ankò,E lè ou fè sa,sa moutre ke ou fèb anpil,ou dwe gen yon zanmi de konfyans,li ka manman ou oubyen papa ou,oubyen yon zanmi ki pa soti nan fanmi ou,pou pale avèl,pou plenyen ansanm avèk li,konsa wap jwenn plis rekonfò pou kapab afronte tristès ou yo.”
★Mye vo ou pran kè ou ale pale ak moun ou te ye a,ke mache di li jan li manke ou sou rezo sosyal yo,Pridan.

★Sa Ou dwe evite lè ou nan relasyon ou an.

★Gen anpil Moun ki gen yon nivo etid ki pa ro,Ki ap di yon valè bagay ki inapropriye ak relasyon amoure yo,yon Fason pou sa vini kraze.
Pridan de mesaj rezo sosyal yo ki ap efòse ou a mete fen nan relasyon ou an,an rezon ke vi wap mennen an pa bon.

Tip mesaj pou Pa aplike sou stati ou,lè ou nan yon relasyon,ni pa aplike yo,paske moun sa yo se moun ki plase pou mete moun an divizyon,moun sa yo se ajan dyab yo ye.
E menm gen Mizik moun sa yo fè pou yo kapab Entèdi ou renmen moun ou an,e menm kraze relasyon an.

★Yon tit mizik ki kapab fè relasyon ou an kraze pou evite,e pa aplike li osi,sa ka rive ou renmen atis la,men fò ou ka admèt ke gen bagay ki la se pou detui ou yo ye.

Tit la se ★Se pa renmen mwen pa renmen ou,men nou pa ka ansanm★
Sa pa yon Bon Bagay,alò nou kapab konprann atis la ap chèche fè yon Karyè,men ou menm osi ou gen yon karyè ou dwe fè,Siw renmen yon moun epi ou pa ka avèl,sa montre ke ou prè pou ale pase mizè ak yon lòt,pandan ke moun nan renmen ou tou,epi ou di li,nou pa ka ansanm??
Sa montre ke ou renmen Mizè,Sa moutre ke divizyon an nan ou,ou plis vle akroche ou ak yon moun ou pa renmen pou fè vi ou.?? Sa ou dwe evite li,paske depi ou renmen moun nan natirèlman ou dwe rete ansanm avèk li,Sa pèmèt ou viv pi byen e ou ap viv ak yon kal,paske ou bò kote moun ou renmen an.

²Lòt bagay ankò,sou kesyon rezo sosyal yo......Mesaj ki ap di...

★Ou pa ka nan achte figi mennaj ou,depil pa relew pa rele li tou.

★Depi pa gen kòb,pa gen lanmou

★2 mèg pa fri.

★Depi mennaj la fè yon erè,ranplase li.

★Depi moun nan kite ou,se pa moun pa ou a sa.

★Si ou pa gen 2 mennaj ou pa alamòd.

★etc.....

Ou dwe mefye ou de mesaj sa yo,se mesaj ki kapab pouse ou a kraze relasyon ou an san rann kont,Lanmou pa gen sipèsta ladan,li pa sans inik,ou dwe fè efò,ou dwe ede mennaj la,Ou dwe travay de joj an jou pou kenbe relasyon ou an pi di,Chaje moun ki ta renmen ou divize ak mennaj ou a,paske yo renmen lè ou ap soufri,yo renmen lè ou ap pase mizè,men ou dwe mefye ou.

Pou mwen fini mwen ap di ou.

Lè kè ou brize,pa di ou pap janm renmen ankò,pa di ou pral fè Gason oubyen Fanm soufri,Pa di Ou pap fè konfyans ankò,Men ou gen kòm devwa a analize,metw an kesyon sa ki koz,epi pran plis ekilib,konsa wap vini pi fò.

Mèsi.

Zanmi Ou Mr Le Paon.
Je vous aime.

Ekri nan +509 4616-2735

Kòmantè pa ou an enpòtan anpil.
Klike sou pataje lèw fini li mesaj sa,pou pataje li sou Facebook ak Lòt kote.

Yon Lòt Fwa.
Mèsi.

إرسال تعليق