*_Jerry & Eva2_*
_Epizòd 5_
*_Pa Gen Moyen Studio_*💎
*_Clean Face_*🍓
*_OMJ_*💞
*_ACC_*🌼
*_Team Gentille_*💞
*_Solo Picture_*🍻
*_Platalie Block_*☺
*_Le Rêve_*🍃
*_VBH_*🎙
🍃🍂🍁🌿☘🍀🎍🎋
_Like paj la se gro enpòtans,ou like paj la ou ede lòt moun jwenn menm sa wap jwenn nan,Fè sa depi Jodi a pou ede lòt Jèn Jwenn mesaj sa yo osi._
❤🧡💛💚💙💜🖤
👉🏽 *Like* https://m.facebook.com/Jerrylepaon/
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*Konsèy* _Olye ou moute mi ou byen ro,men pito bati yon tab ki pi long,konsa wa va gen fratènite lakay ou,pataje konesan ou ak moun ki pa genyen,sa va ba ou plis sajès,Respekte tout moun san mezi,Konsa Lè ou pa la,pou kapab ale ak yon Bon non._
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*_Se Patiiiiiiiiiii_*🍓
Eva::Manmi ou ka ede mwen??
Evelyne::Kisa Eva,sa se lè dòmi li ye wi,wap tann demen si Dieu vle Amour.
Eva::E pa gran Choz non manmi,vini non
Evelyne::Men mwen.
Eva::Chita sou Kabann nan Manmi,pou mwen kapab Nwaye Nwit la,sivouplè manmi mwen vle sispann panse ak Jerry manmi,mwen pa vle wèl nan Rèv mwen pandan Nwit lan Sivouplè manmi.
Evelyne::Ok Bb,mwen prè pou mwen fè sa ou mande an cherie,men ou konnen yon bagay Eva <<Aucune Rivière De l'arme ne puet noyer un Chagrin>> menm si mwen ta rakontew anpil Istwa,sa pap chanje anyen nan anyen cherie,paske lespri ou konekte sou li,ou ka pa konprann sa map di ou a,se menm jan si ou renmenl anpil malgre ou ta kite ak li,ou ap toujou genyen li nan kè ou,e sa ka koz lanmou ou,anpil nan nou ka gade sa lejè lè nou nan yon relasyon amourez,nou panse se chè a chè,men kontak espirityèl yo fèt,e sa ki koz nou konn fou apre yon relasyon kraze,cherie dòmi an byen mwen espere rèv ou ap fè a,ap pote yon soulajman pou ou cherie.
Eva::Mèsi Manman
Evelyne::mwen panse semèn prochèn lè ou te ap pale ak Papa mwen an,li pa di ou anyen??
Eva::Non manmi,li jis di mwen pa fè papi fè Jalou.
Evelyne::😃😃Li pap pa di ou sa,ale dòmi tande Cherie.
Eva::Bonne Nuit Manmi.
*_Eva rale dra li kouvri,Jerry poko Janm ka dòmi,li ap panse li ap kriye....Jis dòmi vini pran li._*
_Apre yon nonb de tan,Jerry nan yon rèv,li wè li ak manman li yo al promennen,yo nan zòn kafou,yo antre nan Mache Duvalier a,manman Jerry ap pale ak Jerry._
Manman::Jerry kijan fèou renmen mwen,malgre ou pa pase yon moman avèk mwen?
Jerry::Paske se pa Moman ki enpòtan pou mwen,se genyen ou menm jan tout timoun genyen manman yo.
Manman::Mwen Konprann ou,men lè mwen mouri ou ap rete pou kont ou Jerry.
Jerry::Mwen konnen manmi,men pandan ou la,mwen vle touche ou pou wè jan ou enpòtan pou mwen,mwen vle fè ou souri chak Jou manman,mwen vle lè mwen ap kontan nan vi an,pou ou la ansanm ak mwen manmi,se sam vle pa plis Manmi😒.
Manman::Se byen Pitit mwen,men nou pa ka ale pi lwen pase sa non Jerry,nou ap fini travèse mache a,mwen ap depoze ou devan Bank sa,epi mwen ale tande Cheri,pran swen vi ou,mwen konnen ou ap soufri anpil,mwen konnen absans mwen ap fè ou Febli,men pran tout ak Kouraj,BonDieu gen yon Mo pou tout òfelen.
*_Jerry rete li pa wè Si manman li moute,si li desann,Jerry leve tou sezi,li chita sou kabann li an,li ap kriye Jis li vini Jou,Jerry pa Dòmi._*
_Bonè Mirlène vini nan Chanm Jerry a,li vini fè travay._
Mirlène::Jerry sa ou genyen,Bonjou?
Jerry::Tèt mwen ki ap fè mwen mal,mwen pa dòmi.
Mirlène::Mwen Wè Je ou make tristès,ou te mèt di mwen Wi.
Jerry::Pa enpòtan Mirlène,mwen prale benyen Wi,Talè.
*_Jerry ale benyen,li kite Mirlèn kanpe nan kay la pou kont li._*
Mirlène::Jerry gen yon problèm,Jerry pat konsa non,premye fwa mwen wè li ak karaktè sa Wi.
*_Eva pa ale fè espò,li rete kouche li ap panse ak final li prale jwe a._*
Tatas::Zanmi an nou fè yon ti kanpe bro,mwen gen yon ide zanmi.
Ethnel::Kisa li ye?
Tatas::Zanmi ki rete lòt bò a,sa ki konn slam lan,nou ap fè yon Ekip ansanm,nou ap fè repitisyon ansanm pou lè gen Konkou nan lakou a,petèt yon jou nou ap chanpyin kisa ou panse??
Ethnel::Bèl ide wi,kilè nou ap kòmanse??
Tatas::Nou prale pale avèk li lakay li a,pou nou esplike li projè a.
Ethnel::Nou prale kounye a?
Tatas::Pita,nou ap fè yon demi tou ankò.
Ethnel::Ok,an nou ale non zanmi mwen.
*_Nan lè 9h Am Jerry pa soti,li rete nan chanm li an,li ap fè repetisyon,li ap ekri._*
*_Ou Pati Nan Vi mwen_*
_Cherie si ou te la ou tap itil mwen._
*_Petèt sa te ka Pi mal,men avèw mwen tap toujou gade souri mwen yo_*
_Absans ou nan vi mwen koz mwen pa ka enspire_
*_Malgre anpil ane pase,nan vi mwen ou pap janm ekspire_*
_Malgre mwen pa ka kapte Figi ou,men souri ou manke mwen._
Ouffff Banm bay ekri sa vag.
*_Jerry kite ekri,li soti deyò,li ale mache nan lakou a,anba yon pakèt pyebwa,Sophie ki se mennaj Peter a,vini anfas Jerry._*
Sophie::Bonjour
Jerry::Bonjour.
*_Sophie pase,Jerry fè Psssssst_*
Sophie::Ou te bezwen mwen,ou kite mwen pase hmmm
*_Jerry avanse sou sophie_*
Jerry::Ou byen??
Sophie::Trè byen e ou? Ou nouvo nan lakou a?
Jerry::Poukisa ou di sa??
Sophie::Se premye fwa mwen wè ou.
Jerry::Mwen ka di wi,paske mwen pa gen lontan depi mwen vini la,se kijan ou rele??
Sophie::Sophie e ou menm??
Jerry::Jerry ou Jay,kontan rekonèt ou wi Sophie.
Sophie::Mwen menm tou Jay,ou pa gen telefòn??
Jerry::Non Poukisa??
Sophie::Paske ou pap wè mwen souvan,pou nou ta kenbe kominikasyon pa yon telefòn.
Jerry::Sa pa anyen,nou ap wè lè pou nou wè Sophie.
Se pa Yon Problèm non.
Sophie::Ou sur??
Jerry::Wi.
Sophie::Ebyen nou pa ka zanmi non Jay,paske si mwen zanmi ou fòk nou pale.
Jerry::Ebyen sophie ou mèt ban mwen li,chak fwa mwen jwenn yon telefòn mwen ap ekri ou.
oubyen rele ou.
Men èske sa pap deranje ou.
Sophie::Non,Chak kilè ou soti?? Dezole ou gen yon bèl Vokal Jay.
Jerry::Mèsi ou menm tou ou gen yon bote fòmidab
Si manman ou wè wap pale avèk mwen,li pap Fache??
Sophie::Petèt Peter?
Jerry::Kiyès ki Peter a?
Sophie::Mennaj mwen an,meyè chantè lakou ae chanpyon toutan an.
Jerry::Vrèman,ebyen banm kite ou la??
Sophie::Non,peter pa ka anpeche mwen pale ak yon moun mwen zanmi,kòm mwen ta prale ok.
E nimero nan kisa wap pran li??
Jerry::Waw,sa se yon problèm wi,ok mwen gen yon ide...ekri li atè a,nou ap koubri li ak fèy bwa sa apre lè mwen ap pase la mwen ap pran li.
Sophie::Bèl ide,ban mwen ekri pou ou.
*_Sophie ekri nimero a,Jerry kouvri li ak fèy bwa,apre sophie ale._*
_Nan pita Tatas ale lakay Jerry a ak Ethnel,yo pale de projè a,yo fè konesans,apre Tatas ak Ethnel ale._
*_Yon Semèn apre,Mr Tony soti afich konkou yo,Enskripsyon yo Disponib_*
_Jasmine rele Jerry sou telefòm Mirlène nan,li ap pale ak Jerry_
Jerry::Madam ou manke mwen Uii.
Jasmine::Ou manke mwen tou Jerry,e kijan ou ap bouje??
Jerry::Ou konnen mwen la Wi,nou ap jwi moman yo.
Jasmine::Ok se byen sa wi,demen si Dieu vle mwen ap voye telefòn ou pou ou Wi,pou nou ka pale plis,dakò Jerry??
Jerry::Wiii madam,kafou ou ye madam Jasmine.
Jasmine::Wi,ou manje,ou pran swen ou Jerry??
Jerry::Wi madam,yo ouvri yon konkou tèks nan lakou a,mwen ka patisipe madam??
Jasmine::Wi Jerry ou kapab wi,Plis moun ap rekonèt ou,degaje ou cheri,travay pou chanpyon,dakò Cheri.
Jerry::Rire😀😀😃😃,mwen ap fè sa Madam.
Jasmine::Mwen ale wi,tann telefòn nan demen si Dieu vle.
Jerry::Dakò Madam,yon lòt fwa.
*_Apèl la koupe_*
_Jerry leve li ale kay Voltaire a,li enskri non li ak tout group la_
Evelyne::Eva!
Eva::Wi Manman
Evelyne::Sa fè ou dezyèm Trofe ou wi,ou chanpyon 2 fwa,ou fin atis nèt pa vre??
Eva::Riiiire,yon sèl bagay ki manke mwen manmi😒😒
Evelyne::Kisa li ye Cherie😒
Eva::Jerry manman,li manke mwen
Evelyne::Ebyen pran pasyans Cherie,si li pou ou,pa gen anyen ki ka retire li nan men ou.
Eva::Wi man,mwen pa wè Moun mwen renmen apre li non manmi.
Evelyne::Lanmou an ki bouche kè ou wi Cherie,pasyan,anplis ou poko gen ase laj pou konprann lanmou cherie,se rezon ki fè ou ap toumante konsa cherie,yon jou ou ap di poukisa mwen te ap fè tout bagay sa yo,ou gen pou jwenn Jerry pa menm panse avèk ou menm,pa gen rezon pou ap medite devan pòt la konsa,jis chanje liv Cherie.
Eva::Non manman,pa bezwen konnen li li ap panse ansanm avèk mwen,mwen fè sa kè mwen di mwen fè a yon Jou Jerry ap rejwenn avèk mwen.
Evelyne::Rire,Jerry pa menm pòtoprens menm,sa ki di ou se pa pran yo pran li,pou yo ale tire li,depi menm jou a.
Eva::Ok manman,Fini ak sa
*_Eva leve byen Fache,li ale kouche nan chanm li an_*
*_Jerry kanpe devan lakay li a,Gaël chita lòt nò a,li wè Jerry,Li antre nam Chanm li an,li ranje kò li,apre li soti li ale kote Jerry a._*
Gaël::Bonjou Jay,mwen kontan pran nouvèl ou patisipe nan konkou ete a wi,malgre ou nouvo.
Jerry::Wi Bonjou.
Gaël::Mwen ap akonpanye ou pandan Pakou yo Jay?
Jerry::Pa problèm,menm si ou ap lage mwen pi devan.
Gaël::Kòman sa??
Jerry::Paske tout zanmi mwen genyen yo toujou fè mwen sa,Pa gen zanmi vre.
Gaël::O non,Fè mwen konfyans sivouplè??
Jerry::Fè ou konfyans?? Dezole yon sèl moun mwen fè konfyans li rele Eva,domaj lavi a separe nou.
Gaël::Ebyen ok Jerry ,fè mwen ti kal kredi sivouplè.
Jerry::Ok,pa bliye Mwen di ou ap lache yon lè
Gaël::Ok,mwen la pou mwen wè.
*_Jerry antre,Gaël ale lakay li tou tris_*
*_A suivre_*💎
*_Mr Le Paon Ofisyèl_*
_Sa se pou instagram nan_
*_Mr Le Paon_*
_Sa se Pou Facebook la ak Twitter a_
*_Ou renmen Mr Le Paon,ebyen pataje Feyton an,Jis li rive andeyò nan peyi ou._*😃😃
المشاركات