Posts

Mode De Vie Epizòd 1

***Mode De Vie***

Prepare pa Mr Le Paon
Kòm kolaborasyon

Team Gentille
Lpl
Pa Gen Moyen Studios
Le Rêve
___________________

*_Bonjou mwen se yon jèn elèv ki ap aprann trè byen to Etidyan,e yon fiti Promotè,pou le moman mwen nan filo,mwen se manb *Pa Gen Moyen studios* mwen se yon manb nan le rêve e atis nan Team gentille..epi manb fondatè platali block,ki donk mwen pote nouriti sa pou ou ki trè konsomab,mèsi deja paske wap li & pataje_*

*_Padon_*

Pou'm kòmanse yon gro bonjou pou menm ki toujou la pou li sa ke nou produi yo,mèsi anpil pou konprayansyon'w.. Ann kòmanse..

""Padon""

Kisa nou panse de padone yon moun??

E kijan ou konsevwal??
Nap pran kèlke pwen,si li posib nap kontinye sou li nan prochen Mesaj wap jwenn nan.

""Woodson Jerry""
*Fils Du Bled*

••Padone Yon Zanmi.

••Padone Mennaj ou.

*Padone yon zanmi*

Kijan sa ka fèt nan leson presedan ou te li avèk mwen *Zanmi* ki moutrew jan pou viv ak zanmi'w ki baw plis bagay brèf,ki moutrew osi padone yon zanmiw..

Sa konn rive souvan yon zanmi gen difikilte a konprann yon bagay e li toujou ap bay menm randman,li toujou fè sa ke ou pa renmen an
Ou Konn arive ou pale avèl ou moutrel tou e tou men li men'm se kontrè..
Toujou fèw fache..Sa pa vle di pou sa ou pap padonel..
Enpòtans padon an nan amitye ou menm avèl
Se rete zanmi pou toutan,dèfwa li menm panse ke ou pap padone'l men ou oblije fè sa
Paske *Solay man dyamanka* Di
*_Si Li pale avèw avèk dife reponn li avèk dlo_*
Sa moutre'w ke a tan defwa li ta fèw yon bagay ou sipoze padonel..o fil di tan sa ap chanje..
E Bondye di padone youn lòt..
Depi Jodi a siw gen yon zanmi kèlkonk ou pat anvi padone Eseye bliye tout bagay,padonel paske li okipe yon plas nan kèw,menm si ou pa wè sa e santi sa..
A chak fwa ou padone ou grandi plis

Kote ki bèl nan padone zanmiw se lè moun nan mete nan tèt li èske wap padonel?
Tèlman li kalifye sa li fè a pa bon
Men lè li vin kotew ou di pa problèm mwen te gentan padonew zanmim..e map toujou padonew..
Aksyon sa se tankou lèw lage yon dlo fre sou tèt moun ki nan solèy ki ap bouske..
Fè efò siw pat konn fèl padone zanmi'w
Pase men nan kou li di li sa fini antre nou nou pa gen anyen akò..mwen padonew
Wap santiw pi alèz...padone Zanmiw..

 (Kesyon rezève nan kòmantè a)
Oubyen +50949082400

*_Padone mennaj ou*

Bon mpanse ke nou tout gen mennaj
E gen moun ki pa gen mennaj men gen yon moun ki ap swa Kouze li..bon se sam panse

Ok..li bèl anpil pou padone mennaj ou
Oubyen moun ki ap kouze avèw la

Waw kòman sa yon moun ki ap kouze avèm
Ki sa li ka arive fèm pou li ta tonbe nan yon problèm avèm jis arive nan padon??
(leson rezève)

Pou tounen sou padone mennaj ou..
Ann suiv..

**Pi Gro kesyon ki poze**
Daprè mwen
Kisa li ye??

"" Sim ta jwenn mennaj mwen ap kouche ak yon lòt moun èske fòk mwen padonel""

Waw sa di..
Men gen yon bagay
Èske vrèman moun sa chè pou ou?
Èske apre ou fin lese moun sa,moun ou pral jwenn nan ap pi bon??

Atansyon mesye yo mpa di sa pou nou plede tronpe mennanj nou nan sans sa..
Men se vre ou kenbe moun nan vre
Ou tris vr3man deja moun nan te diw li pa jan de moun sa yo epi o fon se pasa ki dekouvri

Pa bezwen atriste nèt ale
Ou se yon oubyen gason rezolisyon an se ant ou menm ak moun ou renmen an
"" Nou kapab fè erè se vre men ou ka jere tèt ou de manyè aske ou pa tonbe nan nenpòt afè ki pou arive mete mennaj ou ann tristès""
Se yon tris istwa pou ative ak mennaj ou
Nou fache swadizan pou tronpe ak yon lot
Sinon ou bat li oubyen tan dot

Premye analiz daprè mwen??

Mwen te renmen avèk entèl li chwazi tronpem waw hmm anfen mpa janm fè mennaj ankò...

Men non

Di o mwen banm rele li nan telefòn
Menm si li ka ront pran telefòn nan
Men eseye kanmenm..
Lèw rele li

**Alo kòman ou ye??**
Kòmsi nou pat gen anyen
Menm kesyon yo toujou repete kòm
Ou manje? Bwè? Benyen?

Apre tout bagay sa yo epi
Mandel si nou ka kwaze yon kote silansye

Apre sa
Mpanse kanmenm moun nan ap asepte
Paske o fon li tris..
E menm si moun nan tap pran pòz ap di si li pa avèw èske lap mouri,ap di yon pakèt lòt se pa vre...

Ou ka pase diferan fi & gason
Gen yon bagay wap jwenn kay youn menm siw nan sèkèy se pou zow yo sekwe lè moun sa ap pase bò simetyè ou antere..

Nap tounen...
Apre moun nan fin asepte li vini..
Epi ou di li bonswa bèl akèy
E siw santiw gen ase fòs ou menm arive bo li
 Epiw kòmanse ak yon Sijè ki kòmsi baze sou lanmou pou arive bay sa ou santi an..

Epi ou di moun nan mwen pa relew la poum vin diskite de sa ki pase deja
Kidonk mwen avèw lè nou tap renmen nou te di nap ret ansanm nou pap kraze
Sa fèm santi menm si nou ta rankontre difikilte ak menas ki pou kraze relasyon nou
Li sifi ke nou jere sa paske nou te gen yon plan pou nou rete ansan'm
Di mwen cheri(e) sim manke yon bagay
Oubyen èske se wè ou wèm tròp oubyen
Dim byen?

Men si li pap reponn ou kontinye pale

Apre yon pakèt konvèsasyon..
Kanmenm lap touche..
Eoi ou kòmanse ak sin padon an

Se pa di li mwen padonew wa refè saw te fè a ankò..
Non non non..

Mennaj mwen madanm mwen mwen
Mesye mwen
Boubout mwen
Ou chwazi sa ki ap fèw byen
 Epi ou di li

Nou te arive tonbe nan yon pozisyon kote ke nou youn te vyole santiman lòt..
Sa fèm mal se vre
E sa ap ankò fèm pi mal si nou pa retounen
E mwen panse mwen avèw pat fè pou yon ti tan...bb ann mete dlo nan diven nou
An nou respekte youn lòt...
Bb mwen pap di mwen padonew
Deja mwen te remèt ou kè mwen se pou gidel se pou proteje li...siw te fè mak la ladan li pou ale preparel ankò..
Tounen lakay ou .vin dòmi sou pi bèl tandrès ou yo..vin rekreyew anndan lakay ou
La ou pap fè prese ou pa fè dekou..
Jodi a se yon gran jou pou mwen e spesyal
Mwen renmen'w plis ke sa
E mwen ap òganizem poum baw plis ke sa ou te konn jwenn...paske si mwen pèdiw mwen pèdiw nèt
Mwen padonew e mwen ap mandew padon osi paske mwen te di vye mo anvè ou menm
Mwen renmen'w cheri(e)
Ou mèt fè kèw kontan madanm ou
Oubyen mesye ou ap toujou renmenw..

Waw apre tout bèl bagay sa yo
Wap santiw gran e fò
Paskew fè meyè de ou
E moun ki te fè aksyon an ap santi li rejui de ou moun li te panse ki ta pral aji kontrè a
Chanje...

Konsèy map pote pou ou menm ki ap li mesaj la

Ou gendwa pa gen mennaj ou ka genyen mwen pa konnen

Anvan ou swa pini mennaj ou
Swa pou saw jwenn li ap fè
Oubyen sa yo diw

Siw kapab mennen li ka yon Pshycologue
Pou edew jere moun ou renmen an
Padone mennaj ou,konsa wap santiw plis ke janw ye a
Fè kè mennaj ou kontan
Padon nan yon fwaye se bèl bagay...
Rodrigue chante li nan yon mizik ki di
**Se bèl bagay lè de moun te separe apre yo padone youn lòt apre pou yap rakonte sa moin konn di sou yo**

Se bèl bagay..

Padone e repadone
Swa mennaj ou zanmi
Wap santiw pi byen..

Mèsi

Moun ki te avèw la se Jerry Le Paon
Ou Mr Le Paon
Vizite Paj nou Www.misterlepaon.wordpress.com

Follow
E like
Share.

*Thank you*

*Woodson Jerry*
*Ton Coach*

Post a Comment