*_Jerry & Eva2_*
_Epizòd 4_
*_Pa Gen Moyen Studio_*💎
*_Clean Face_*🍓
*_OMJ_*💞
*_ACC_*🌼
*_Team Gentille_*💞
*_Solo Picture_*🍻
*_Platalie Block_*☺
*_Le Rêve_*🍃
*_VBH_*🎙
🍃🍂🍁🌿☘🍀🎍🎋
_Like paj la se gro enpòtans,ou like paj la ou ede lòt moun jwenn menm sa wap jwenn nan,Fè sa depi Jodi a pou ede lòt Jèn Jwenn mesaj sa yo osi._
❤🧡💛💚💙💜🖤
👉🏽 *Like* https://m.facebook.com/Jerrylepaon/
👉🏽 *Instagram mwen se* _Mr Le Paon Ofisyèl_
💞 *_Youtube mwen se_* _Mr Le Paon Ou Pa Gen Moyen_💎
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*Konsèy* _Kenpòt jan sa ye Kenbe diyitew ro,Pa lache,kwè nan rèv ou,Pase Mizè pa vle di ou pa Moun pou sa,Mpa ankourajew ret nan mizè a,men pran tout imilasyon yo ak kouraj,BonDye jis menm pou enjis yo,Kapab e pa Jodi a,E pa demen men yon Jou wap di sa pat dous menm rivw kanmenm._
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*_Se Patiiiiiiiiiii_*🍓
_Li te apèn 11h Evelyne Antre,Eva kouche Evelyne rele Li._*
Evelyne::Eva cherie ou kouche??
Eva::Ui manmi,ou bezwenm man?
Evelyne::Non cherie,kounyam vin la Ui,mwen achte yon bagay pou ou ui Cheri.
Eva::Talè manmi,map vini
*_Eva vin kote Evelyne nan,Evelyne ba li sal pote a._*
Evelyne::Mwen wè Tristès nan sou Vizaj ou cherie,saw genyen Cherie,pale ak Manmi.
Eva::Mwen sonje Jerry manmi,e dimanch final la ui manmi,mwen sot wè Yon foto Jerry talè a,li fè dlo sot nan Jem manmi.
Evelyne::Pa kriye cherie,Jerry pa mouri yon Jou kanmenm wap wèl Cherie,e jou sa ap plen tout lòt Jou yo bb.
Eva::Map pasyante manmi,men pa vle di se mwen lap genyen man,li ka chanje lide.
Evelyne::Tout ladan bb,men yon sèl bagay mwen vle fèw konnen,ke sa ki pou ou lavalas pa ka potel ale e menm jan nan kesyon saw plante se li ou rekòlte ,siw te fè Jerry renmenw pa gen anyen ki ka retirel nan menw non,jis pasyan cherie,anplis sil renmenw lap fè yon jan poul rankontrew dakò cherim.
Eva::Dakò manmi,mèsi pou janw soutnim manmi
E pa manje ou pral fè manmi??
Evelyne::Ui cherie wap edem??
Eva::Ann ale non man.
Evelyne::Tèt la lèd Uii Eva,fòw ranjel ui.
Eva::Map fè sa manmi
*_Eva ale nan kizin ak manman li,yo al prepare manje pou yo manje_*
_Tatas nan Chanm Ethnel lan yap pale._
Tatas::Yow fòk nou mete nou byen fre pou nou gen youn nan medam anndan yo ui,medam sa yo trò bèl pou mwen.
Ethnel::Si se pou sa nou deja genyenl uii,depi apre midi an map kòmanse file yo,moun ki nan sans mwen an gendwa pa vlem.
Tatas::Kiyès menm?? Valantina?
Ethnel::Non,tipitit ki rete menm kote ak patnè ki sot pase lè nou te anba bro.
Tatas::An Ok Bro,ben ou ka rove sou li ui,yon bèl ti moun Uii,mwn kotel rete bò ka patnè ou sot di a,ounpa konn si misye pap mete paròl li menm.
Ethnel::Epa marye mwen diw mpral marye non zanmi
se yon kou ui map fè,linka toujou Fanm misye.
Tatas::Sa vre mpa ladanl,Fòm jwenn youn poum fè vim mwen bezwen ui. ..ben se chwaw mpa kont ou non chef.
Ethnel::Loll,ou prè pou marye ui ou menm.
Tatas::Trip Tande,Mr tony sanble ap kite vakans lan pase li pa fè yon ti fèt ankò.
Ethnel::Jou an gendwa poko rive toujou,si li fè konkou ankò,peter deja chanpyon ankò,misyenpa gen rival.
Tatas::Monchè sa Fè 6 Fwa Uii,map wè 7eme Fwa kiyès ki ap pranl.
Ethnel::Patnè a Janl te lage a pat mal non,si li fò Janm panse a,li ka pranl nan men Peter Uiii
Tatas'::Lap pranl vre Uii,se lè Peter pa la.
Ethnel::Ben nap tann big.
*_Jerry devan pòt kote li rete a,lap ouvri pou li antre,Gaël apèn pral gade deyòa,li wè Jerry ki ap ouvri pòt,li ak yon bagay nan menl li sot tonbe._*
Gaël::Gad rotè ti gason an mesye,li fè bagay mwen an tonbe
Mirlène::Gayou,kotew pral la??
Gaël::Oh Miyou,mtèlman lwen mpa wèw non
ou sanble pat bay Jerry bagay la pou mwen an?
Mirlène::Kotew te metel la,e la li ye ui,banm al gade sil wèl.
*_Menm moman Mirlène,ale nan Chanm kot Jerry ye a_*
Mirlène::Jerry ou te soi??
Jerry::Ui,mtap pale ak youn nan moun ki ret nan lakou a,Mr tony.
Mirlène::An Ok.
Jerry::Ou bliye yon bagay la Ui,nan kafe ou te pote pou mwen an.
Mirlène::E pou ou ui,ou pa lil??
Jerry::Non epa mwen Ki te metel.
Mirlène::Ou mèt lil uii,e pou ou li ye
Jerry::Mpral kouche la,map lil pita tande Miyou.
Mirlène::Ok,Talè konsa manje a ap pare Uii,map pote paw la pou ou.
Jerry::Pa gen probèm non,map tann ou.
Mirlène::Dakò,pa bliye bagay la non
Jerry::Map fè sa Uii.
*_Mirlène ale,Jerry al Chita sou pwent kabann nan,li ouvri papye a._*
Jerry:: *-Gaél-*
_Bonjou Jay,mwen kontan paskew pa refize pran papye mwen trouvem nan yon sitiyasyon mpa konprann,depi jou mwen wèw la,mwen santim chanje,mpa gen anpil map diw,men senpleman banm yon chans poum zanmiw stp,e mpanse sa pap koute trò chè stp._
*Zanmiw Gaël.*💋
-★Oufff mpa Yon Mons mpa renmen lè timoun yo fèm sa non,nou tout se moun se dwa nou pou nou viv an frè,mpa wè rezon si poum zanmi yon moun se yon Favè non,Nou dwe viv an frè,Antouka se paseke lekòl aprann nou enferyorite,fè nou panse nou plis pase yon lòt,men devan lanati nou tout egal,nou tout se moun.....Map tann lèm wèl,Poum pale avèl.
★Bon sam ta fè la kounya,mpa ka soti,mpa fè anyen🙄🙄
-Oufff Eva pou di la Sonjem😒😒.
*_Chanpyon lakou an ki se Peter nan Chanm li,li gen 2 Sèvant pou kont li,youn rele Florance youn rele Sabrine,2 bèl sèvant,Peter viv am bòs akoz de sa li fè nan lakou a,li chanpyon 6 fwa deja,li gen Mennaj li ki rele Sophie,Yon bèl Grimèl ki ap viv ak manmanl nan Vilaj la,li rete tou pre ak Tatas,Manman Peter pa ayiti,sèlamn Peter Peter ki gen dwa soti nan Lakou a._*
Sabrine::Peter ou manje a??
Peter::Non,mpa anvi non,mwen pral soti Uiii
Sabrine::Anh ok,kilè wap Chante Pou mwen b?
Peter::Riii,lèm sou sèn Sabrine
Sabrine::E kounya??
Peter::Mpa sou sa kounya Sabrine,pita lèm vini dakò??
Sabrine::Dakò Peter..
*_Pandan Voltaire kouche,Tony rele li,Voltaire leve li mete yon mayo sou li,li ale kote Tony an,lè li rive Tony ba li yon vè Wiski,yo chita yap pale._*
Tony::Monchè Voltaire depi mwen ap viv mwen resi jwenn yon timoun ki gen yon refleksyon Laj konsa,misye gen yon talan,Misye konn pale ,fòk Nou fè kou mèt Jan jak pou nou ankadre piti sa,Misye Bon.
Voltaire::Mpa wè De kiyès wap pale a non.
Tony::Èskew Sonje ti patnè jou swa ki te fè tout moun kontan ak ti kal Vès li lage a,Misye Pa ti kal Konsa non papa,misye anpil Uii.
Voltaire::An ok,misye bon tout bon?
Tony::Freo,menm si se ta yon aparans,konnen misye gen anpil kouraj,map pale ak Misye li fè dlo soti nan jem Uii,misye pa gen manman non ak papa non,misye isi a se gras a talan li ui,mwen tèlman sezi mpanse piti a manmanl pa Isi ak Papal uii,ou konnen majorite timoun yo e konsa yo ye nan lakou a,Mpanse misye se youn tou,epi piti a òfelen uii,Fòn ta fè yon bagay pou misye Uiii.
Voltaire::Mwen Konprann,oh konnen le pli souvan,timoun ki konsa yo konn gen defo,tankou vòlè,visye,paske yo pa konn wè de seri bagay,nou pa dwe trò antre sou Misye non,nap suiv li avan.
Tony::Mpa kwè non,misye pa konsa non Voltaire,Fason misye se yon bon timoun,misye ka gen defo vre,men mpa kwè Misye ap vòlè.
Voltaire::Pa problèm non depiw fèl konfyans,nap sèvi avèl,e kisaw konte fè menm??
Tony::Bon mpa konn si li pa pral lekòl,paske li ansanm ak Mè Jasmine,lap difisil pou Jasmine pa mete li lekòl,men mwen te vle li gen yon sòm kòb ki ap itil li,jis li vin gran nèf,pou li pa manke anyen nan kad timoun li,pou li viv byen menm jan ak tout moun,saw panse?
Voltaire::Ben pa gen problèm non,sof ke si misye ap travay pounli jwenn yo,etandone li gen talan,misye ap mete talan li deyò pou li jwenn yo.
Tony::Depi se konsaw wèl Pa gen problèm.
Voltaire::Nap fèmisye patisipe nan Konkou an,depil Chanpyon lap benefisye san sot di yo....byen ke mkonnen epa misye ki ap pranl😃😃
Tony::Ben kanmenm nap eseye,malgre li pa pranl,map fè tout sak depann de mwen poum edel.
Lè yon moun patisipe nan yon konpetisyon li pa chanpyon pa vle di li Pa fò pou sa😒.
Voltaire::Pa gen problèm non,Jan nou di a.
Tony::Uii.
Voltaire::Banm ale non.
*_Voltaire ale,Mirlène pote manje pou Jerry._*
Mirlène::Bonswa Jerry,male mwen kitew chita,ou chita toujou,hmmm boudaw ap plat uii cheri.
Jerry::Mèsi Miyou,siw rele ti pitit amfas la vin la,lap vini?
Mirlène::Ui ou bezwenl??
Jerry::Uii,kot manmil??
Mirlène::Manman li ak papa li pa ayiti,se nan lakou isi a li ye,li sou responsab mwen,menm jan ou menm ou sou responsablitem,men ou menm mpa konnen siw gen manman oubyen ou pa genyen,men madam Jasmine peyem poum pran swenw tankou ti frèm,menm Jan mwen gade Gaël tankou ti sèm,Dakò Jerry.
Jerry::Ok mwen konprann,ou pral relel??
mwen mèt Tann ou la??
Mirlène::Uii Jerry,banm al fè sa,Ji ou an nan tèmòs la.
Jerry::Ok.
*_Mirlène ale nan Chanm Gaël la,Gaël tap manje li pantan._*
Mirlène::Eeey,pou di wap ka jere Choz sa Gayou??
Gaël::Gad janl fèm pantan,kisal ye la.??
Mirlène::Jerry diw si wap ka vin kotel la kounya,siw kapab pou vini.
Gaël::Oh Mon Dieu,mpap kapab map tranble,dil mpap kapab sa tròp pou mwen Miyou.
Mirlène::Ben map dil sa ounpa bezwen enkyetew.
*_Mirlène tounen kote Jerry a,li esplikel sa,apre li ale,Nan pita ki se vendredi swa,Jerry desann sou lakou a li al Chita pou kont li sou zòn kote solèy la konn leve ,lap gade lòt bò baryè a lap fredone_*
Jerry:: _Manman depim gen lespri,mpa janm wèw menm yon fwa,mpa konnen si se Mouri ou mouri,men mwen ret kwè Yon jou ma va rankontrew kanmenm,gendwa se pa ane sa men yon jou kanmenm,e jou sa map baw tout valè ou merite,de mèm pou ou matant Jocelène,mpa konnen kote ou fann,menm Konnen yon Jou map kwazew siw pa mouri,mpa Konnen si nou ap tandem,men se ak tout kèm mwen renmen nou anpil,e nou pap janm soti nan lidem,Mwen renmen nou anpil,Manmim Cherie malgre mpa konn Vizaj ou,men ou vivan nan lesprim,Je t'aime Cherie😘😘😘Toi aussi Jocelène._
*Dlo ap soti nan je Jerry,jis labrin tonbe nèt,timoun yo ap rekreye lòt bò apre Jerry leve li al lakay li.*
*_A suivre_*
_Mr Le Paon_
*_Follow instagram Facebook._*
💎💎💎💎💎💎💎
*_Siw Bezwen Plis Enfo +509 4616-2735_*
Posts