Articles

Jerry & Eva 2 Epizòd 2

*_Jerry & Eva2_*
_Epizòd 2_

*_Pa Gen Moyen Studio_*💎
*_Clean Face_*🍓
*_OMJ_*💞
*_ACC_*🌼
*_Team Gentille_*💞
*_Solo Picture_*🍻
*_Platalie Block_*☺
*_Le Rêve_*🍃
*_VBH_*🎙
🍃🍂🍁🌿☘🍀🎍🎋
_Like paj la se gro enpòtans,ou like paj la ou ede lòt moun jwenn menm sa wap jwenn nan,Fè sa depi Jodi a pou ede lòt Jèn Jwenn mesaj sa yo osi._
❤🧡💛💚💙💜🖤
👉🏽 *Like* https://m.facebook.com/Jerrylepaon/
👉🏽 *Blogue Feyton* https://Jerrylepaon.blogspot.com
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*Konsèy* _Lèw fè yon chwa nan lavi li pa mache,pa dekouraje,lavi gen plizyè pòt,lache priz la epi frape yon lòt kote,petèt sa wap chèche a,pa dèyè pòt ou kanpe a._
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓

*_Se Patiiiiiiiiiii_*🍓

_Vè 9h,Evleyne apèn soti nan Mache,li te kite Eva ap dòmi._

Evelyne::Chouchou ou poko leve??
-Oo Eva nan dòmi toujou,banm al gade nan chanm li an.

*_Evelyne ale nan chanm Eva,Li pa jwenn li,Eva pase pran Johane yo ale Kouri._*

Eva::Rouch😒 Oufff Jo ann kanpe pitit depim maten nap kouri,mwen Bouke...Sim okipew wap fèm plat nèt Ui.

Johane::Jerry ap vin renmenw plis.

Eva::Rire,Jerry pa avèm non Jo,Jerry pa rete menm kote a non.

Johane::Manti??

Eva::Pitit,saw te dim nan se li ki rivem,mpa menm gentan konn gou bouch ti nèg la non😒

Johane::Roy,ebyen li pat asepte avèw? dim non ou te chanpyon,mpat ka ale nan Program nan,e mte vin pa la.

Eva::Oo Uii,gras a Jerry ui pitit,nèg sa bay yon animasyon,menm manmanm etone.

Johane::Royy,kòman fè nou pa ansanm la menm😊,paske li chanje katye a oubyen ou pa vlel ankò??

Eva::Pa gen anyen ki ap fèm pa renmen Jerry non,lanmou sa ap toujou la ui,menm si yo ta banm yon lòt kè.

Johane::Hmm,ou damou mal pitit

Eva::wap suiv,map kontre ak Jerry kanmenm,paske se ak li poum renmen.

Johane::Ou konn si lap wèw ankò ou menm.

Eva::Map fèl vin renmenm dayè mpa lèd tifi.

Johane::Ebyen li ka profitew Ui epi li kitew.

Eva::Li pap fè sa Jo,E mwen ki pou diw,lè Program nan fini an,ti nèg la bom ou menm,mwen manke pipi sou mwen Ui🙈🙈☺☺

Johane::Riiiiii😃😃E siw te pipi saw tap fè😃😃😃Ou damou trò vit pitit.

Eva::Riiiii😀😀😀Epa fòt mwen non Bb,ann kite sa pou kote ti nèg la ye a pou li pa mòde lang li,mwen nan yon konkou ankò ui pou vakans lan.

Johane::ooo Ou fin atis nèt la Eva?

Eva::Uii map met talanm deyò jo.

Johane::Pa mal Eva,ann ale non😃😃

*_Medam yo ale._*
_Lè Eva rive lakay li,li antre,Evelyne te dèyè kay la._

Eva:Manmi😍

Evelyne::Ui Cherie,kotew te ye bb??

Eva::Mwen sot fè yon ti kouri ak Johane manmi.

Evelyne::Ou pat menm dim menm,hmmmm😊😊

Eva::Epa fòt mwen manmi,mte anvi wè Johane,padonem manmi.

Evelyne::Ok Cherie.

*_Gaël al benyen li soti sou lakou a,gen yon patnè ki rele Wood ki nan lakou a,ki rete sou anba Vilaj la,li te kanpe devan kay li a lap gade Gaël._*
_Jerry chita devan,tèt li atè nan yon fèy blan lap ekri._

Evelyne::Eva sa yo diw pou konkou an??

Eva::Map la Ui.

Evelyne::Ou pap gem Jerry avèw ankò non😃😃

Eva::Sa pap anpechem Chanpyon non manmi.

Evelyne::Ou pa sonjel eva?? Ou toujou renmenl??

Eva::Mpat renmen Jerry pou yon moman non manmi,mtoujou renmenl ui,e map toujou renmenl☺

Evelyne::Ou panse lap renmenw nnm,sitou vi li vin chanje.

Eva::Sa pa anyen manmi,map ret nan mwen,se li ki pap renmenm n epa mwen,banm antre manmi,mwen fatige.😒

*_Eva antre_*
_Gaël pase pre Jerry a,Jerry pa leve tèt li ditou._

Gaël::Bonjou,eskizem Ui,gen rout poum fè la??

Jerry::Bonjou,mwen pa konnen non,mwen pa rete la trò lontan.

Gaël::Ok mèsi,eskizem sim deranjew.

Jerry::Non,ou pa deranjem.

Gaël::Ebyen banm al gade.

Jerry::Dakò.

*_Gaël pase,Eva antre li al kouche anndan Chanm li an._*

Eva::Sa manmim di a e pa manti non,Jerry tap banm plis Bourad uii
Anplis mtap jwenn plis ensprasyon,paskem mtap santim byen.
Antouka fò mwen fè Efò.

*_Jerry fin ekri sa li tap ekri a li leve li antre,li kite chèz la devan,Gaël ki te ekri nan yon papye pase mete papye a sou chèz la,nan do Papye make Gaël,epi li ale._*

*_Jerry soti li al pran chèz la,li wè papye a make Gaël,li ouvril._*

Jerry:: _Bonjou,Mwen se Gaël,Kijanw ye?,Dezole si e konsa mwen fè li,men se paskem Bezwen yon zanmi nan lakou a,Mirlène palem de ou,Pita si wap soti fèm wèw sou lakou a stp._
*Gayou*
--Rire😃😃

*_Jerry antre ankò._*

Jerry::Sim te ka jwenn chans patisipe nan yon konkou la,menm jan ak Eva,mtap kontan vre,mtap tou Chanpyon😃😃😃.

*_Vè 1h,Mirlène Pote manje pou Gaël._*

Mirlène::Bonswa Gayou,kijanw ye??

Gaël::Byen,mwen wè Moun nan Ui

Mirlène::Ou pale avèl??

Gaël::Non,mwen te ekri nan yon papye Poum ba lil,mtèlman timid mwen pase poum bay li,mdi yon lòt paròl,chans pou mwen lèm tounen mpa jwenn li,mkitel sou chèz la pou li mpa konn sil jwenn li😃😃.

Mirlène::😃😃😃Banm al pote anje bay Jerry tande,paske maten an li te dim li pap manje li pa grangou,kounyal ka grangou la

Gaël::Potel rapid cherie.

*_Mirlène ale_*

Evelyne::Eva

Eva::Manmi😒

Evelyne::Vin manje non

Eva::Talè,ou konnen mwennpral pèfome pita,map prepare sa.

Evelyne::Ok apre vin manje Ui😒

Eva::Ui manmi.

Evelyne::Map vin Kotew amour.
--Bb mkapab konprann sa ki ap travèsew la Cherie,pa lese sa dominew ande Manmi Cherie😘😘😘Bizou bb
Si Jerry renmenw Lap panse avèw e wap resanti sa dakò manmi an mwen😘😘

Eva::Mèsi manmi pou rekonfò a😘😘😚😚

*_Apre yon tan eva al manje._*
_Nan pita Gaël al chita kote tout Demwazèl,Jènjan nan lakou a ap bay blag,Jwe pale,Chante._
_Elodie ak yon Zanmi li ki rele Martine,gen 2 Jèn patnè ki chita ki ap bay blag,Tout moun byen bèl,Jerry vin parèt,gen yon staff mesye ak Fi ki ap chante._

Ethnel::Banm di nou,banm lage pati pam nan,se pou yon fi uiii map lagel.
Map chwazi Fi an,e lap dim Janl rele.

Elodie::Ann al kote timoun yo ap chante a non Martine?

Martine::Ok.

Ethnel::Men de bèl timoun☺☺Bb kijanw rele??

Martine::Martine

Ethnel::Tandem

_Manvi Kiss😘Ou poum Chanje vi ou_
*_Pote lanmen ba ou poum leve ou_*
_Anvi Chouchoute ou,poum moutrew Jan lanmou bèl_😍
*_Anvi ale lwen ak ou,poum moutrew fon kè mwen_*😘😘
*_I Love you Martine😘😘_*

Rodrigue::Roooooo sa Move freo,mpa rayi sa non.

*_Jerry kanpe lap gade jan timoun yo ap chante,Jerry avanse pre yo,Jerry kanpe._*
_Gen yon demwazèl ki rele Anguela,li kòmanse Chante._

Anguela::Yeaaah Guela.
*_Lanmou pa sèlman kole bouch ak karès_*😗
_Men pito respè youn ak lòt,konsa mwens strès._
*_Ret soude youn ak lòt makonnen tankou lyann._*🙃
_Guela_

Jerry::Hmm Bravo,mwen Ka di de mo Stp.?

Andris::Uiiiii,plis ke 2

Jerry::Ok Mèsi.

Rpdrigue::Waaaw,misye nouvo Ui,Ethnel,mta renmen tande sa lap di,ann avanse.

*_Gen lòt Jeune ki te sou kote a ki avanse,yo fè yon ronn yo mete Jerry., gen 2 granmoun ki te la,youn rele Voltaire lòt la rele Tony,yo wè timoun yo fòmen yon ronn yo avanse tou,Gaël al gade._*

Jerry::Ok....
_La jenès ann met tèt ansanm poun pa peri_
*_Ann kwape tout vyolans,tout vyòl pou yon demen Miyò_*
_Ann aprann plis pou konesans nou pa megri._
*_Ann fè yon resansman poun rale tout jèn,tout sak deyò,poun mache men nan lamen,linyon fè lafòs._*
_Lè nap gade de jou an jou,bagay yo vin oi atròs_
*_Tèt ansanm nap kwape la mizè ak Kloròsks_*
_Demen se ap fèt,fòk nou bay yon Bon sòs_
*_Avni nou nan men nou,ann met ansanm poun chanje sa._*

*_Jerry Le Paon_*☺

Tony::Waaaw👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽Bravo,mwen renmen sa.

*_Tout mesye Dam yo bat men pou Jerry👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽_*
*_Gaël kontan_*😀😀😀

Ethnel::Mwen renmen sa

*_Apre Tony rele Jerry sou kote._*

Tony::Ti zanmi Kijan ou ye??

Jerry::mwen byen e ou??

Tony::byen,waw ou gen yon bèl talan
Kijan fè se Jerry le paon ou rele tèt ou.?

Jerry::Poum byen diw se pa mwen ki bay tèt mwen non,se yon Zanmim genyen ki rele Eva ki banm non an,apre yon Konkou nou te patisipe ansanm.

Tony::Waw,non an pa lèd non e li sanblew,èske ou mete talan sa deyò Deja??

Jerry::Mwen metel ui,men li pa ase gro,e se gras a li ki fèm nan Lakou sa Jodi a.

Tony::Fè yon ti palem de ou Jerry?

Jerry::Li difisil poum fè sa,paske sa rann mwen Tris,mpanse o fil di tan wap konnenm plis.

Tony::Roow,ok demen  si Doeu veu vin tann mwen bò pisin ki anba la tande.

Jerry::Mwen pa Konnenl non,paskem pa ret la lontan,e mwen pa soti,mpa konn sak Pisin nan tou😒

Tony::Ok,Vin tann mwen la mpral anba avèw.

Jerry::Dakò.

*_Jerry ale,Gaël chita pi devan,lè Jerry ap pase li wèl_*

Jerry::Bonswa,eskizem Uii

Gaël'::Sw pa anyen,sa ap deranjew pou nou rete fè yon ti pale??

Jerry::Non,pa vrèman,mpa konn pou lòt moun yo.

Gaël::Se pap yon problèm
Pa panse yon bagay mal non se Jis mbezwen yon Zanmi.

Jerry::Okontrè se mye,paske mwen pou kont mwen.

Gaël::Dakò,se Kijan ou rele??

Jerry::Jerry e ou??

Gaël::Hmmm Bèl non,mwen menm se Gaël,mwen ret la lontan ui,mwen lekòl nan lekòl mè mpral fè reto,mGen 3 zanmi Fi,men nou Fache pou le moman,e ou ki klas wap fè??

Jerry::Mpral fè 8eme,Kijan zanmiw yo rele??

Gaël::Sayou,Rosie,Martine.
Li kòmanse fè nwa uiii ann ale,an pasan ou gen yon bèl talan Felisitasyon.

Jerry::Mèsi.

Gaël::Kilè wap chante pou mwen??

Jerry::Rire,mpa konnen

Gaël::Ou vrèman Bo uii,mwen felisitew pou sa osi,nap separe ui,se la ki chanm pam nan,nap pale Jerry?☺☺☺

Jerry::Dakò zanmim

Gaël::Hmm,talè mka relew yon Jan??

Jerry::Kòman??

Gaël::Jay🙈

Jerry::Pa mal,mèsi.

Gaël::Bonne Nuit Jay.

Jerry::Mèsi.

*_Gaël Antre Jerry kontinye rout li,lè Jerry antre anndan li lage kòl sou Kabann nan._*

Jerry::Pou di sa mesye a dim nan se ta tour bon,mwen tou chape nèt,gad jan BonDieu ap fè rout avèm,mpap dekouraje,banm lage vye kò a._*

*_A suivre_*☺
_Mr Le Paon_
*_Instagram_*
_Mr Le Paon Ofisyèl_
☺☺☺☺
*_Pataje Feyton an_*

Enregistrer un commentaire