*Clean Face Présente*😍
*Jerry & Eva 2*
_Ekri Pa PIERRE Jerry Woodson_ *(Mr Le Paon)*
💞💞💞💞💞💞💞
*Imaj* _Pa Gen Moyen Studio & Solo Picture_
💞💞💞💞💞💞💞💞
*Sponsor*
_Clean Face_
*Le Rêve*
_Rèv ak Plim_
*Team Gentille*
_Platalie Block_
*ACC*
_Pa Gen Moyen Studio_
*OMJ*
_VBH_
*Master H*
_Mlp Group_
*PB Fondasyon*
💞💞💞💞💞💞💞💞
*Remèsiman*💞
*a BONDIEU*🙏🏽
_Mèsi *BonDieu* pou talan ou banm E pou lavi ou ban mwen,Mèsi Pou Bon Konprann ou ban mwen,Mèsi Pou Pèsonaj sa ou itilize pou fèm pase Mesaj Mwen ak Jenès la ki se *Mr Le Paon* mèsi paske ou toujou la Pou mwen,E ou toujou banm Fòs ak Opòtinite poum grandi,Mès *Jesus*_
*Amen*
*Remèsiman Ak Manmanm*💞
_Mèsi *Polene ALTIDOR* pou nesans ou ban mwen,Mèsi paske ou pat chwazi retirem nan vant ou,men ou te chwazi kitem grandi,byen ke problèm lavi ou pa dekouraje avèm,ou toujou la pou mwen,ou pa janm kitem febli,ou toujou la pou moute moral mwen,Ou se youn nan Pi bèl Fanm kem rekonèt sou latè e pi Bon Fanm ki sou tè a,Mèsi Manmanm Cherie._
*Je t'aime*❤
*_Remèsiman_*
*_A Chak Fanatik_*💞
_Mèsi a ou menm spesyalman ki toujou ap pataje & Like zèv mwen yo,Mèsi pou tout sa Nou fè Pou mwen,Mèsi paske Nou asepte Suiv mwen,Malgre dèfwa Mwen lage nou,malgre pa fwa mwen konn dekouraje,men kòmante nou yo fèm rejwenn souri mwen,Nou se yon Fanmi Pou mwen,Nou enpòtan pou mwen,Siksè nou konte pou mwen,se pou sa map batay,byn ke mwen pa rekonèt nou tout,Men santimanm pou nou gran anpil,e nou enspirwm Chak Jou,Mwen renmen Nou anpil._
*One Love* *Mr Le Paon*❤
💞💞💞💞💞💞💞💞
👉🏽 *Like Paj La,Pou Ale ak Mouvman Pi Lwen https://m.facebook.com/Jerrylepaon/*
💞💞💞💞💞💞💞💞
*_Intro_*💞
_Konsèy a Chak Zanmi_
_<<Zanmim ou dwe toujou kwè nan Rèv ou,ou dwe toujou ap medite sou sa *Map rive kanmenm* ou pa dwe lache,se vre moman yo difisil,konn Pa gen Manje,bwè,ou soufri anpil men toujou konnen gwn yon jou wap rive kanmenm,ou dwe goumen pou saw kwè,ou dwe oze,ou pa gen pou lache,jodi a ou te cheni demen si Dieu veu wap papiyon,kwè nan tèt ou paske lavi a gen yon prim lap baw._
*Jerry*😃
*_Se Patiiiiiiiiiiii_*💞
*Tòk Tòk*
*6h Am*
Madam Jasmine::Jerry?? Ou leve??
-Oufff Jerry fatige podyab,lèm vini lòt semèb na wè,bqnm kite lèt sa pou li
Menm Konnen Jerry pa konn kote li ye a😃.....Mwen fin anreta banm ale.
*_Mè Jasmine ale_*
*8h*
_Jerry leve,li detire sou kabann nan,Lap frote je li,Jerry sezi pou andwa li ye a,Chanm nan konplè._
Jerry::Wawww,kiyès Ki kite mesaj sa,mwen wè Non mwen ladan.
*Mè Jasmine*
_Bonjou Jerry,se madam Jasmine,mwen kontan,Ou etone pou andwa pa vre,ben pa enkyetew,pa di ou pa merite se gras a talanw,mwen baw sam te promèt ou a,fè kèw Kontan,Ou lakay ou,map pase wèw chak fen mwa,gen moun ki pou baw manje 24/24 & 7/7,Jui laviw,paskew merite sa......Sa se kòmansman nap sam te promèt ou a,rès yo ap vini....Gade nan bifèt ou a mwen kite yon bagay pou ou .....Mwen renmenw anpil Jerry,mwen fyè de ou Jerry....Babay._
*Jasmine D*
--Oufff Mèsi BonDieu.
*_Jerry leve li ale nan bifèt la,li ouvri,li jwenn yon Ipod ak yon albòm,li pran albòm nan li al chita sou kabann nan,lap gade foto._*
_Li pase premye paj la,li wè li menm ak Mè Jasmine ak Melissa ak Sandrine,li pase paj la ankò li wè li menm ak Jenny ki ap bwè,li pase 3eme Nan li wè li tap kriye apre program nan,lap pase Paj....Avan 2 Dènye paj pou albòm nan fini,li wè li menm ak Eva sou stang nan,li wè li menm ak Manman Eva,li pase dènye paj la,li wè li menm ak Eva ki anbrase,nan menm Paj la li wè yon foto eva Pou Kont li._
Jerry::Eva,waaaw Muah,gras a ou ki fè vim chanje....Je t'aime,Malgre mwen konnen li trò ta,mpat janm ka konble dezi ou yo,men yon Jou wa Jwenn moun paw la Eva Cherie💞💞E si se lavi Ki Chwazi Nou nap rankontre kanmenm.
*_Yo vin pote kafe pou Jerry,apre Jerry mande dam kibò pou li al bemyen.....Fi an rele Mirlène,Yon Jeune fille Trè naturèl._
Mirlène::Bonjour Jerry,non pam se Mirlène,se mwen ki responsab Pran ka ou isi a e baw manje nòmalman,siw ta gen yon ti problèm ou ka fèm pa de li,dakò??
Mespere Ou pa dezòd.
Jerry::Ok Madam.
Kijan Bò isi a rele??
Mirlène::Kwa dè Boukè.
Jerry::La se yon lekòl oubyen??
Mirlène::Yon Vilaj,li anpil Uii,sa se mezi ou rete a ,li vrèman bèl,mpanse wap gentan vizitel Jerry
.li alafwa gen lekòl ladan,se la majorite mè yo rete ,isi a moun pa soti Jan ou vle,gen tout bagay nèt anndan,tout saw panse Moun ap bezwen pou itilize
Gen Kouran Chak jou,gen dlo tout bagay nèt.
Jerry::An ok Mèsi,ou ka moutrem kote poum al benyen an stp??
Mirlène::Ann ale Jerry.
*_Mirlène Ale ak Jerry_*
_Jerry antre li jwenn bagay pou li benyen,li benyen apre li tounen nan chanm li ankò._
*_Vè 9:30 h,Mirlène pas nan Chanm Jerry a._*
Mirlène::Apa ou pa fè yon Ti soti Ditou,men gen ton ekip timoun deyò,genyen ki ap fè balansin,genyen ki ap jwe boul,ou pa konn Jwe boul??
Jerry::Non,sam renmen se ekri tèks,istwa ak Slam.
Mirlène::Ou pa Jènjan ou menm,valè bèl tifi mwen wè deyò a.
Jerry::Riee,Non mwen gem yon zanmi deja mwen renmen,mpa vle Lèm wèl pou li jwenn Mwen gen Lòt fi.
Mirlène::Sak diw lap sonjew,ou gentan gen 3 Mwa la Uiii,men nou Nan Juin e Juin Vanse fini.
Jerry::Lap sonjem.
Mirlène::Se sa.
Jerry::Apa de mwen ou responsab lòt bagay ankò.?
Mirlène::Uii,mwen gen 2 lòt Jèn parèy ou,men se sou lòt Bò lakou a,lèw la ou ka wè yo lòt bò a ui.
Jerry::Ou menm ki fè tout bagay yo pou kont ou??
Mirlène::Uii,se mwen ki fè manje pou nou tout.
Jerry::Mwen pap Ka edew??
Mirlène::Non,si yo konnen Yap revokem,yo pa ba nou dwa fè anyen isi a.
Jerry::Oh non,wap Fatige tròp,fòk ou repoze Uii,mwen menm map ede senplifye nan sa wap fè yo Tande.
Mirlène::Non,yap revokem.
Jerry::Pa bezwen pè,palem enpe de ou Mirlène??
Mirlène::Map fè sa Yon Lòt fwa,koz mpral netwaye Chanm ou an dakò.
Jerry::Non ou mèt ale nan yon lòt,kite Bagay yo la,map fè sa Dakò Miyou??
Mirlène::Ow Poukisa?? Kotew Jwenn ak Sou non sa??
Jerry::Ale pou ka ale fini nan lòt Yo.
*_Jerry konvenk Mirlène,Mirlène ale nan Lòt Chanm yo,Jerry netwaye chanm li an,li ranje kabann li byen bèl._*
_Nan lòt Chanm yo,gen yon demwazèl ki rele Gael,Nan Yon Lòt youn rele Elodie._
Mirlène::Bonjou Gaël,ou te byen dòmi??
Gaël::Uii Madam e ou,mpanse ou pa tap pase wèm Ui,mwen gentan Chagren ui.
Mirlène::Ou konnen gen yon Nouvo nan Lakou a,se mwen ki responsab li,mwen te pase fè travay pou li.
Gaël::Evre,kijanl rele ou pa Konnen??
Mirlène::Jerry
Gaël::Li gen yon bèl preonon ui,li nwa oubyen??.
Mirlène::Li klè,Café au Lait,banm fè travay la tande Gaël,Ou konnen yo ka revokem.
Gaël::Banm edew pou nou fini rapid.
*_Gaël Ede Mirlène, yon moman fini._*
Gaël::Dim Kounya😃😃😃
Mirlène::Kisa Ankò Gaël??
Gaël::Li bo?? Mwen bezwen yon Zanmi sou lakou a,Yon Zanmi Gason.
Mirlène::Lèw wèl wa wè sil Bo,Male Gaël,Bonne Journée.
Gaël::Mèsi Zanmim,fèl soti poum ka wèl Tande?
Mirlène::Ok Cherie
Male Tande.
*_Nan Pita nèt Solèy vin Kouche,Jerry limen limyè li lap gade foto li menm ak Eva,Lap fredone <<Souden Souden Souden soude eeee>>_*
*_Gaël menm Kanpe Nan Chanm li an lap gade deyò_*
Jerry::Gad jan mwen vin alèz,epim pa konnen si matant mwen vivan,si li mouri,gad yon Lavi mesye Hmmm.
*_Madan Jan potko dòmi lap pale ak Jenny._*
Madan Jan::Ou wè Jenny,ou wè Si nou te konn ap maltrete Jerry nou pa tap benefisye tout bagay sa yo.
Ou wè Moun pa dwe mal Sèvi ak Moun ki ret lakay ou.
Jenny::Ui manmi,an pasan Jerry sanble pap tounen??
Madan Jan::Se pran yo pran li ui,se moun mè Yo Ui,li ka menm Pati menm.
Jenny::Oooo Mpap janm wè Jerry ankò,hmmm lavi sa,epat ti bon gason non,antouka map reziyen mwen.
Madan Jan::Ann al dòmi tande,li gentan Ta Uii.
*_Madan Jan al dòmi_*
_Nan demen maten Jerry leve,li ranje kabann li,li pròote chanm li,Mirlèn vin nan chanm nan,li jwenn Jerry netwaye chanm nan nèt._*
Mirlène::Mesye Dam,Jerry e kwèm diw non,poukisa wap fèm sa??
Jerry::Kisam fèw Madam.?
Mirlène::Anyen,wap retire travay mwen nan menm pa vre😒😒.
Jerry::Ahh Cherie sa pa anyen,aproche banm diw.
*_Mirlène avanse sou Jerry_*
Jerry::Si yon moun ede yon moun sa pa gen mal ladan non,okontrè se mye Miyou😊
Mirlène::Men yap revokem Jerry.🙄🙄
Jerry::E mwen ki pou ta di sa,mpap di sa.
Mirlène::Ok,piga ou fè retirem Jerry.
ou gen yon zanmi ki vle rekonèt ou Ui.
Jerry::Evre Kijan li rele??
Mirlène::Li rele Gaël,li tap pale avèm yè,fòk ou manye soti Ui Jerry.
Jerry::Ok map fè sa Miyou.
Mirlène::Poukisa e konsaw relem??
Jerry::Paske e li ki sanble ak Botew😃😃
Mirlène::Vrèman?? Hmmmm
Ok Jerry.
Mpa rete Non,ou gentan fè travay,male,apre ma pote kafe pou ou bb.
Jerry::Dakò Miyou.
*_Mirlène ale nan Chanm Gaël La._*
_Tòk Tòk_
Gaël::Ui,talè.
-Ow,Bonjou Ma Cherie Mirlène.
Mirlène::Bonjou Gaël,kijan Nuit ou te ye??
Gaël::Byen ui e ou Cherie.
Mirlène::Byen Cherie.
Gaël::Oo Saw genyen Ou sou fè travay Konsa,fè Poze non Hmmmm
Mirlène::Mpoko fè anye ditou non,e nan Chanm Jerry a mwen soti,li fè tout afèl Pou Kont li.
Gaël::Waw Yon Bon Gason mta renmen wèl Uiiiiiiii.
Mirlène::Yon atis Ui li ye,lap deyò a pita.
Gaël::Map zanmil depim wèl,men li gendwa pa mache nan sanm.
Mirlène::Bon mwen li mache Nan sanm,banm fè travay mwen Tande😃😃.
*_A suivre_*
*Mr Le Paon*
_Instagram_
*_Mr Le Paon Ofisyèl_*
*_Pa Bliye sa,Chak fwa ou fè yon moun like paj la,se Ede ou ede Ekriven an plis,Ale abonew ak Blogue mwen an,pou Ka jwenn feyton yo sou Kont Gmail ou._
Articles