المشاركات

Une Vie De torture Epizòd 21

🌹🌹 *Une vie de torture*🌹🌹

*Feuilleton écrit par*:Zephirin Daiana dit Lady


             *Épisodes 21*

*Lè Jay rive devan Bienca   lap gade li bliye tout sal te vin fè,,,telman Bienca bel epi anfom!! li sezi wè tout ti kò Bienca,,bouche li koule dlo,,,,Oliver passe li frapel se lè sa li reveye*

*Oliver*:I am soy sorry Bro!!🤨


*Frandley te mete Lady kouch,,li ale mete yon rad deyò!! li wè Oliver,,je Oliver tombe nan jel tou!! tout tan sa Max pat janm desann machin nan paskel pat vle antre,,poul di Lady li pwal marye*

*Oliver*:😳bro mw diw nap ayiti ou vin sere la??

*Frandley*:😂non neg!! saw vinn chèche la??

*Oliver*:yon ti pwason papam jwenn la dji,,lepè a vlem marye!!

*Frandley*:ou pa renmen manzè??

*Oliver*:Oliver konn pa renmen fanm bro??😄 an palan kote Isabella??

*Frandley*:siw vlen rete zanmi pa palem de sœurm🤨

*Oliver*:woyyy ou jaloux toujou??fanm sa telman paret dous🤤

*Frandley ak Oliver se deux zanmi yo te lekol menm kote ak Lady men Oliver telman vagabon Frandley pa janm vle li pale ak sœurl*

*Rose tap soti lakay ougan an,,,,lè ougan an dil ke li pka fè anyen pou li sil pa rive anvoute Max se pa fot li sil pèsiste se li kap mouri,,,Li kwaze ak menm chofè a*

*Chofè a*:ou vini lla souvan wi bel moun??

*Rose*:sa sa fout regadew!! neg la fin sakajem epi yon lot fanm  ka pwal madanm li??

*Chofè a*:eskuze demwa wap ale??

*Rose pa repon li pase pyel dèye moto a,,li te ale rete nan yon geto,,se tire tout junnen*

*Francia tap domi paskl te telman kriye epil sote nan domi a*

*Francia*:pitanm😭😭😭😭😭

*Wal*:kalmew cheri se yon reve saw wè??saw gen+?

*Francia*:wap wap chèche pikel😰

*Wal*:se pavre b se yon reve dakò,,pa metew nan eta sa??

*Se apenn doktè a tap antre,,poul di Francia ka ale menl dwe angaje yon infimye,,,li dakò san ezite paskl te vle ale lakay li*

*Frandley ak Oliver tap pale,,jus Frandley ale metel bò machin li,,Lady tap swiv epil leve kouri se apenn Max tap desann tet li nan telefon li,,tet Lady dèyè ap pran kontrole Frandley*

*Berline*:Bienca sa ti neg sa ye pou ou??🤨

*Bienca*:zanmi Lady wi manmi

*Jay frustré poul wè jan Bienca nye amitye yo,,epil pa repon anyen ankò li vire*

*Berline*: eyyyy jeune homme ou bèbè??😡

*Jay*:non madanm


*Berline*:,saw fout ye pou Bienca??

*Jay gade Bienca epi dlo koule nan jel,,api Bienca bese tet li*

*Berline*:kòm ou pa repon mapli diw Bienca fiyanse dakò,,,yon moun tankouw pa menm bezwen dil bonjou

*Bienca*:men manman pa gen menaj nn

*Berline*:fout banm djole mwen poum pale?? wa dim sa Oliver ye ou?

*Bienca sezi,,,,Jay vire Bienca ale poul swiv li,,,Berline kenbe menl*

*Berline*:zanmi Lady rete zanmi Lady,,,,,yo pa zanmiw

*Max frape ak Lady epi je yonn tombe nan je lot*

*Max*:manmi😳

*Lady tou indispoze,,Max te gentan kenbel poul pa rive atè*

*Max*:(enkyè)Lay,,manmi😱saw gen?? Jay Jay vinn edem

*Frandley tande bri a,,epil vire gade li wè Lady li kouri vini*

*Frandley*:kotew tap ale avel??😡

*Frandley retire mayo li epi ale mouyel nan yon tuyo ki pat tro lwen lap pasel nan vizaj Lady,,Max ap gade li telnan peur li pka pale*
*Frandley retire ti bagay yo konn lave men yo nan poche li epil pasel anba nez Lady*

*Max*:-sal gen??😒

*Frandley*:mw pa medcin non!! ou wèm sanble ak youn😏

*Jay apen tap vini epi Lady tap reveye,,*

*Lady*:mmmmmmh manmi,,manmi kotew??tet mw ap fem mal!!


*Francia tap desann yon taxi ak Wal epi li wè tout ti mesye yo koupi devan machin Max la*

*Francia*:kote Frandley kite pitit mw??

*Frantcia te chita sou chèz la,,,se kouri pka kuri vin tòde zorey Frandley*

*Wender ak Ritcha tap kite otel la pask yo te achte yon bel ti kay,,,3chambre a kouch,,yon salon yn sal amangé ex......*

*Wender*:,eyyyyy ri fi led?? gen yn bagay poum diw!! ki vreman enpotan??😔

*Ritcha*: wap fem enkye sal ye??😒

*Wender*:je t'aime☺

*Ritcha*:idyo gade kòman wap jwe ak emotyon mw!!☹

*Wender*:ok ok pap diw je t'aime ankò😒

*Ritcha*:depiw santi ka fè anpil jou sanw pa wè madanm ou souri😌

_mmmmmh ta swete de moun sa yo pa change_

*Pendan moun yo ap fè blag yo,,,Hasla te fenk desan avyon*

*Hasla*:map envitew nan maryaj mw!!

*Tayssen*:mwen pa arive kwè se pa mwen kap mesye marye a??

*Hasla*:c'est plus possible tu le sais!!


*Tayssen*:mw kwè nan destin,,sese sak fem achte bag mw deja

*Manman Hasla*:ma fille allons y je suis épuisée

*Hasla*:j'arrive maman!!

*Tayssen*:map ekriw repon mw svp bb!!

*Hasla*:oke sim songe!!

*Papa Hasla*:pa ranse avem Hasla


*Maman Hasla*:pa pale ak ti mun nan konsa Patrick!!!

_ki Patrick?? papa Bienca?? 🤷‍♀_

*Hasla te ale,,Max te pote Lady epi Francia wè pitit li*

*Francia*:pitanm ou geri man,???

*Max*:li te malade??


*Frandley fout Max yon min dur*

*Max*: pardonem!!Lay

*Frandley*:manmi ann antre boo

*Lady ap gade menl pa konpran anyen kap pase*

_A swiv_ 

*Relem pou korijem,,,,,,, felicitem nan +50939938578*

إرسال تعليق