Dans une Autre Vie 2

Dans Une Autre Vie 2

_Epizòd 1_

_Pa Gen Moyen Studio_
_Ap prezante'w_
D.U.A.V 2
_Yon Feyton Ekri Pa Pierre Woodson Jerry (Mr Le Paon)

_Imaj==>Pa Gen Moyen Studio & OJM_

Sponsor🔝
_Team Gentille_
_Clean Face_
_All Cleaned_
_OJM_
_Platalie Block_
_Rèv ak Plim_
_MlP Group_
_Le Rêve_
_1997 Prod_
❤🧡💛💚💙💜🖤

Intro
_“Julie::Papa map diw mèsi,se gras a ou ki ka fèm sam ye Jodi ,mèsi Paske Ou gidem gadem e kenbe menm pandan tout peryòd sa yo._
Mèsi Papa 💕

_“Si tout lanmou te a Distans...gen anpil nan nou ki tap  reyalize rèv nou deja,men anpil nan nou pa gen pasyans,anpil nan nou pa ka soufri nan relasyon,pafwa ou kite youn pou yon lòt...pandan lòt la ap kitew pou yon lòt....Fè yon bon chwa pou pa regrèt,pran kè pou ka kontan pi devan,pran pasyans,Poze sanw....Pa kouri al echwe poutèt yon moso vyann ak 2 grenn diri...pou bote ak aparans....Men ret pasyan pou rèv ou ka reyalize rèv ou._
_Mr Paon_

😍😍😍😍😍😍😍

_se patiii_

Tòk-tòk.

Antoine::ui,se kiyès svp?

Dave::mr antoine,se dave ui.

Antoine::ki dave sa?

Dave::zanmi fafane ui

Antoine::li pa la,epi pa vin mande la pou li ankò.

_dave vire li ale tou ront._
_se yon sware 6h pm gen yon ti patnè ki rele beji kanpe ak youn ki rele wendy,yap pale._

Wendy::bagay yo rele lanmou an,mpa kwè ladan non mwen menm,depim fin kouche yon fi mwen tou fin avèl ui mwen menm.

Beji::non monchè,jan ou panse a pa bon man,kouche yon fi pa vle di ou rive pou sa non man,epi kesyon pa kwè nan lanmou an,se fanm ki pou fèw kwè a,ou poko jwenn.

Wendy::depi lontan se sa yap di

Beji::ebyen nap tann freo-ou pa sonje ti dam ki rete pi ba kay christie a?

Wendy::kiyès?

Beji::ti dam ki gen ti sè ki bèl anpil la ui.

Wendy::an ok julie

Beji::ui,manzè te marye ui papa

Wendy::evre,mpa janm wèl vre non.

Yousty::sak gen la mesye?

Beji::ki mirak ou nan blòk la jodi a-

Yousty::ou konnen freo

Beji::nou pral vire ui freo,ou konnen li deja ta.

Yousty::nou kraze baz sou mwen pa vre?

Beji::non,e mwen ki prale ui,map kitew ak wendy.

Yousty::an ok.

Wendy::ou prèske pa jèn gason ankò ui yousty.

Yousty::ou konnen laj ap antre serye vre ui.

Wendy::nap panse pou yon lòt vèti ankò.

Yousty::e ou ki jèn,ou gen prosiblite pou regle tout sa wap regle,pran sanw sèlman.

Wendy::ui map fè sa.

Yousty::ann desann non.

_fènwa vin tonbe_
_nan katye a gen yon bèl kay anfas yon hotel ki rele belle hymense,nan kay la gen yon demwazèl ki rele catrine ki ap viv ak manman li,papa li pa ayiti,li  toujou Voye kòb pou catrine ka toujou peye univèsite li,manman catrine rele mirlène,yon bèl dam noir tete doubout cheve naturèl._
_gen yon dam ki fèk marye,li menm ak mari li jeune anpil,nan lè 7h mari li sot travay_

Jonatan::bonswa cherie,kijanw pase jounenw?

Julie::byen cheri,mwen gen yon nouvèl pou ou ui papi.

Jonatan::vrèman cherie,vin di mariw nan zòrèy bbm,pa fè sanm mache non amour.

Julie::vin nan chanm nan amour
Yon nouvèl ki ap fè nou tou 2 kontan cherie.

Jonatan::dim non cherie,ou fè kèm cho bm.

Julie::mwen ansent papi.

Jonatan::wow,tout bon cherie.
Wiiii.

Julie::saw ta swete li ye pa?

Jonatan::yon tifi

Julie::ou vle menm bagay ak madanm ou cherie.

Jonatan::nou konekte ui amour.

Julie::al benyen papi,pou vin manje.

_jonatan ale benyen._
_catrine kouche lakay li,lap ekri ak yon zanmi li ki nan univèsite a._

Catrine::Neryou pitit mwen gen yon news pou ou pitit.

Neryou::dim non,pa dim e bagay e jasmin an non.

Catrine::ki jasmin sa,dat mwen flòch moun sa.
Yon mesye ki ap filem,li dim samdi prochen poum soti avèl ou menm,saw wèm ta fè la?

Neryou::catrine,ou pa gen problèm kòb,ou alèz,poukisa wap fè sa yo?

Catrine::e sam rayi ak tifi sa,ou pa ka dim ui,pa banm lòt paròl.

Neryou::sam ka diw vi wap mennen an pa bon catrine,nou zanmi depi lontan,nou gen 8 an depi nou zanmi,sak diw mesye a pa gen madanm li lakay li,se paske ou gen bèl kò,li jis ap profite de ou,pran tèt ou tande catou,paske ou gen avni,mye vo ou tounen ak jasmin ui cherie.

Catrine::mèsi pou konsèy la,bonne nuit.

Johane::pataje zanmim.

Catrine::tuips banm ekri darla pito.

_Catrine fè nuit ap pale ak  darla,darla konseye li soti ak mesye a...nan demen maten dave pral lekòl,li jwenn ak fafane._

Dave::bonjou fa

Fafane::ki mirak dave.

Dave::poukisa?

Fafane::pa dim e pou ka wèm non,ki fèw fè la?

Fafane::ou pa janm vin lakay la.

Dave::epa fòt mwen cherie,men mwen te anvi sa.
Papaw te fèm ront,li dim pa vin mande pou ou la ankò.

Fanfane::dezole dave.

Dave::sa fini ui,ou mèt rilaks ou ui.

Fafane::ou pa anreta b?

Dave::non b,menm si mwen ta anreta,mwen anvi diw yon bagay fòk mwen diw yo.

Fafane::hmm,pa dim dat ou avèm ou timid mwen non

Dave::an non,ann ale non pita nap ka wè fa?

Fafane::ki kote?

Dave::anba pye kenèp ki pi ba b.

Fafane::ok.

Dave::male b.

A suivre_
_Abone ou ak Chanel Mr Le Paon_ ✌🏽

Enregistrer un commentaire