DUAV2 Epizòd 3

*_Dans Une Autre Vie 2_*
_Epizòd 3_

*_Pa gen Moyen Studio_*🥇
*_Le rêve_*🥇🥇
*_Team Gentille_*🥇🥇
*_OMJ_*☺
*_MlP Group_*
*_1997 Prod🕯_*
❤🧡💛💚💙💜🖤

*_Li,konprann,Pataje,Like,Aprann._*👍🏽

*_Se Patiiii_*

*_Jay nan chanm ak Catrine._*

Catrine::Papi ou dous ui,hmm pap pèdi boul suk sa pou pèsonn non,Mta prefere mete pyem nan dlo....ou fèl janm renmenl lan.

Jay::Mal toujou la pou ou manmi

*_Telefòn Jay sone_*📞

Jay::Talè Cat

Jenny::Alo bb,kotew ye la?
depim maten an ou pa janm tounen,mwen al lakay ou mpa wèw e mpa wè machin nan,ou pat vin lakay la ak machin😔

Jay::Mwen te tounen ale nan yon randevou,map vini cherie,pa bay tèt ou problèm.

Jenny::hmm ok

Jay::Mua Je t'aime.

Jenny::moi aussi mon amour

*_Jenny fèmen telefòn nan,Jay moute kabann nan li ale sou Catrine_*

Catrine::hmm,chak lè wap peak tifi sa ou detounen sanm.

Jay::Ah bb

Catrine::Pa manyenm😔

Jay::mwen te oblije bb,paske sim te rete lapfè plis tan ap pale bb.

Catrine::Hmm

Jay::Nap fè toujou bb

Catrine::Non mpa anvi ankò.

*_Vè 4h Jasmin ale kay Catrine nan ankò,li pa jwenn li_*

Jasmin::Map chita la,poum wè lè li ap vini.

*_Jasmine Vin parèt_*

Jasmin::bonswa bb

Catrine::sa wap fè la??

Jasmin::Depim maten mwen vin kotew ui,poum ka esplikew bb.

Catrine::Esplikem kisa??
Ou wèm Sanblew,ret pale ak moun ou sa pou fèm??

Jasmin::ak ki moun bb,tanpri tandem non.

Catrine::Rouch banm vag non,banm al kouche mwen Fatige.

*_Catrine antre li fèmen pòt sou Jasmin,Jasmin vire li ale._*

Wilky::baz sak gen la??

Jasmin::Frèm-poze ui

Wilky::kot ti fanm sa ou soti la??
ou sanble pa sonjem.

Jasmin::Non big mwen.

Wilky::patnè ou te kwaze nan maryaj de jeune moun yo ui,nou te chita menm kote,nou tap pale de ti Fanm ou sot kote a ui.

Jasmin::An ok,sak gen la baz.

Wilky::poze ui big mwen
Pa dim wap koze ak ti fanm sa toujou bro.

Jasmin::Non baz nou renmen ui,manzè di lap kitem.

Wilky::ebyen bal vag man

Wilky::Ebyen bal vag man,e sèl li ki gen kò Fanm,jan wap fè chen dèyè li a la gen yon lòt li ap fè chen dèyèl ui man,si fanm nan te renmenw tout bon vre li pa tap janm di lap kitew....Mwen gen yon bèl ti zanmi selibatè la,map fèl zanmi bro...wa degajew.
Timoun tou vyèj 24 an baz.

Jasmin::Pale wap pale la,Mwen renmen Fanm nan pa ka kitel non bro

Wilky::Wa sonjem kite yon mèb pou ou bro
lèw vle wa vin pranl,paske map met paròl sou li pou ou.

Jasmin::male man,bagay sa banm problèm.

Wilky::hmm gad mizè nèg yo mesye,ou gen pou jwenn chaje fanm ki ap mouri pou li ui,misye byen sensè men domaj Li pa jwenn moun pou edel Jerel.....Se ak Zanmim nan poul renmen.

*5h.*
*_Dave chita anba pye kenèp la,lap tann Fafane,li ak kas li nan zòrèy li lap tande mizik._*
*_Fafane vin vini._*

Fafane::Salut Dave.

Dave::bknswa b,ou ka chita ui.

Fafane::Mès Boo

Dave::Ou te manje bb

Fafane::ui e ou??

Dave::oui,mèsi uii

Fafane::poukisa??

Dave::Paskew vini an .

Fafane::Sa pa anyen, kijan jounen an te ye pou ou??

Dave::Pa mal e ou??

Fafane::Trè byen....dim paròl la non kèm cho,mwen wèw timid mwen.

Dave::Mpa timid non,mwen jis pè pou santimanm pa pase kochi.

Fafane::Kochi?? Kòman sa??

Dave::Mpa vlew mwen nan manti,malgre tout fason mwen eseye mwen toujou pè.

Fafane::Men pale Dave,manvi tande Paròl la b.

Dave::menm si ou pa kwèm map diw li kanmenm,paske li nan kèm trò lontan.
menm si li pa arive ateri,sa pap anpeche kèm toujou bat fò pou ou

Fafane::Sak fèw panse li pap reyisi??

Dave::Gendwa lanmou an pa resipròk
e anplis ou gendwa pa vlem osi,men mwen renmenw Fane.

Fafane::Vrèman,Hmm ou pa janm dim sa

Dave::mwen te deja diw ui b,mwen peur.

Fafane::Domaj Dave,mwen gen yon moun ki gentan ap pale avèm,ou dim sa trò ta boo.

Dave::Hmm se lavi.

Fafane::ofri santiman ak yon lòt moun bb
yon moun wap renmen menm jan avèm.

Dave::Li enposib sof ke yo ta fè Clone ou
e mpanse mwen ofril ak moun kè mwen dezire a deja.

Fafane::Dezole b,se pa fòt mwen.

Dave::Ok b,map reziyenm.

Fafane::Male ui bb,ou konnen kiyès papim ye,nap wè demen si Dieu veu....Muah

Dave::ok b,mpoko prale.

*_Vè 8h Catrine kouche lap pale ak yon zanmi nan telefòn ki rele Fred._*
*_Manman li parèt nan chanm li an._*

Mirlène::Bon Catrine ou pa ititl moun anyen isi a,se sèlman pale nan telefòn menm netwayaj ou pap fè...pale nan telefòn ak zanmi sèlman.

Catrine::Saw vlem fè menm??

Mirlène::Tout moun gen pou granmoun.

Catrine::Ui manman😕

*_Catrine koupe apèl la,li etèn limyè a li al dòmi_*

*_A suivre_*
*Mr Le Paon*
*_+50946162735_*📞

تعليق واحد

  1. Unknown
    Unknown
    Super