Articles

Enpotans Priye nan Travay ou.

 

Bonjou,Si ou fenk vizite blog la,non mwen se Pierre Woodson Jerry,mwen se yon entrepreneur,mwen evolye nan domaine vann fomasyon ak maketin relasyonel,jodi a mwen deside pataje avek ou esperyans pa mwen nan priye,enpotans laproye genyen sou travay ou e sou menm pesonelman,pafwa ou ka toujou panse fok ou se yon kretyen pou tujou priye oubyen priye pou biznis ou,jodi a ou ka chanje lide,ou pa oblije yon kretyen pou priye,ou ka komanse priye jodi a.


Enpotans Priye pou travay ou.

Reyisit pa yon bagay ki fasil,menm si ou bay tout ou menm ou konn echwe,menm si ou respekte majorite reg yo,malgre souvan yo di fok ou toujou fokis men sa pa anpeche ou echwe ,men toujou gen yon bagay nou souvan pa fe,e se neglijans sa yo ki konn koz ou menm ki ap chache yon mwayen pou reyisi swa nan travay pesonel ou,oubyen nan travay yon lot moun,men sa toujou pa arive fet,anpil konn panse ke se fot ou,e patwon yo souvan revoke ou pou sa,ou toujou gen di mal a pran nivo nan travay se toujou menm bagay you ki toujou ap repete,men si selman ou te fe yon ti kras panse a priye ou tap rale yon souf ak sa.

Menm jan li di nan Jean chapit 15 vese 5,donk san BonDye ou pa ka fe anyen,se youn nan rezon ki mande fok ou toujou priye pou travay ou e avan menm ou komanse nenpot aktivite.

E menm si ou ta swa travay bone oubyen travay ou an plen tan ou ka toujou pran 1 a 2 minit pou priye.

2 rezon fondamantal ki fe ou dwe priye pou travay ou.

  1. Bondye se met sajes konesans donk ou dwe respekte sa,ou ka toujou kwe nan tet ou,men ou dwe toujou mande BonDye sajes ak anpil devouman pou travay,menm jan ak Salomon BonDye te bay sajes ak Bon Konprann.
2- Le ou priye pou travay ou,ou toujou jwenn yon rezon anplis pou kontinye a pouse,priye pou sante ou pemet ou toujou disponib pou akonpli sa ke ou bezwen an pou rive fe sikse a.

Enpotans priye pou moun ki akonpanye ou nan Travay ou.
Deja nou konnen chak moun se yon moun diferan,travay an ekip se pa yon bagay ki fasil,gen anpil enkonvenyan ki ka koz yon moun pa ka travay ansanm avek ou,ou bezwen priye pou moun sa yo ki nan antouraj travay ou.
1-Pou konprann objektif ekip la.
Le ou lapriye pou moun ki nan antouraj travay ou,sa pemet moun nan mye konprann objektif travay  la,donk moun sa pap panse ak pares e mank disiplin pap kouvri li,menm si pafwa li ta vle tou lache,gras ak priye ou,sa kapab ba li fos pou li kontinye.
2-Priye pou sante ekipye ou a
Priye pou yon ekipye gen sante fizik se yon avantaj pou travay la,paske sante se yon resous,si tout fwa travay ekip la pa gen moun ki gen sante,travay la ap pran tan e li ka kraze,paske souvan moun ki konn objektif travay la,yo se kle sikse travay la,yo dwe gen sante pou toujou ranpli chak tach..........donk ou dwe priye pou yo.
3-Tankou nan Neyemi chapit 3 ak 4 jiska 6 a 7 ale......
Neyimi pat selman kontante li pou di ekip la kisa pou li fe,non selman li ap bay konsiy li ap priye pou ekip la tou,pou te konvenk Tobija ak Sanbala li te di ekip la nou ap travay ak yon men e nou ap kenbe fizi nou a yon men,men sa pat sifi pou reyalizasyon travay la,men Neyimi te priye pou ekip li a,e sa te pemet yo pat dekouraje e yo te reyisi nan travay ekip yo tap fe a.


Pou fini.....
Mwen menm pesonelman lapriye fe anpil pou mwen nan travay mwen e travay ekip mwen,mwen toujou pran tan a priye pou ekip mwen gen fos pou yo toujou pwogrese,priye pou pares pa plen yo,priye pou yo toujou an sante,e pou yo pa gen lanvi le youn nan nou reyisi,pafwa mank priye pou pwochen ou kapab fe li tonbe nan yon pwofon lanvi ki ka menm koz li detwi yon moun nan travay la e menm echwe tet li byen lwen.
Men gras a lapriye pou mande BonDye anpil sajes ak tolerans pou chak moun ki nan antouraj la,chak manb travay la,priye pou patwon ou,ou menm pesonelman kapab pote fwi nan travay lan.
Priye pou manb nan ekip ou se ede li chape ko li anba konvwatiz,paske si gen yon moun nan ekip la ki tonbe anba youn nan malediksyon sa yo,menm si pa ou direkteman men sa ap afekte ou menm ki swa antet ekip la oubyen anndan ekip la.

Mesi paske ou te pran tan pou li atik mwen an,Menm si ou pat konn priye oparavan,mwen swete ou komanse depi jodi an menm a fe sa yo,paske priye se kle envizib ki ouvri tout vye kadna espirityel,tout vye seri espirityel ki femen pot sikse ou,donk menm si ou pa fe sa chak jou,men toujou sonje fe sa o mwen 3 a 4 fwa chak semaine.

Mesi ak Fr Louvens JEAN ki pote kolaborasyon li pou atik sila.

Kite yon komante pou kontinye sije a oubyen pote limye pa ou pou nou.
Mesi.

Enregistrer un commentaire