Articles

Kijan mwen fe pou mwen rekrite 100 moun nan yon mwa e vann 50 fomasyon

Hello,Mwen rele Jerry konnen sou non Mr Le Paon mwen se yon antreprene,mwen telman pataje lide mwen ansanm avek ou pou ou menm pou metet an aplikasyon e fe anpil pwofi menm jan avek mwen.

Si yon jou ou ta konnen youn nan meye metod pou vann yon pwodwi oubyen  rekrite yon moun,konbyen kob ou tap deside fe chak mwa? Mwen ap tann repons ou nan komante a.


Lontan mwen te panse ke le yon moun fe yon piblikasyon pou li di ke li swa fe 10 000$ pa mwa oubyen 5000$ mwen te panse se pou atire moun ki fe li di sa,ni mwen te panse le moun nan di li rekrite 100 a 200 moun nan yon mwa oubyen yon semaine mwen te panse ke se yon fab,men lem vin entegre nan biznis yo mwen vin we se yon reyalite e mwen vin konprann ke vann yon kan tite fomasyon ak rekrite yon gwoup de moun se yon senp detay,men si ou neglije prensip yo li ap paret pi di pou ou,men si selman ou aplike chak detay yo ou ap fini pa we sa tankou yon jwet bebe.


Kisa Detay sa yo ye menm?

Nan tout bagay toujou gen yon fason pou fe,toujou gen yon prensip a swiv,toujou gen yon lojik,ebyen si toujou genyen yo ou menm ou pa ka meprize sa,anpil moun echwe sitou nan mond biznis sa se pa paske yo pa envesti oubyen yo pa gen materyel yo,men pito yon mank de disiplin ansanm ak mank lanmou pemet moun yo pa ka reyalize gran rev yo,detay yo se aprann konnen Anvi moun yo,Kisa moun yo swete fe,kijan yo reyaji,kisa ki fe yo plezi,kisa ki ap rann yo pi konfotab,elatriye....... Donk ou menm le ou ap panse a tout bagay sa yo,ou dwe gen yon sel ide nan tet <<Pote solisyon a pwoblem chak moun sa yo>> si ou metrize ti sa,ou kapab fe kantite lajan ou vle an,nan selman rann yon sevis.


Rekrite an Mas.

Rekrite yon gwoup de moun se youn nan bagay ki pwouve efo ou a 100%,donk li ogmante anpil bagay lakay ou,men si ou toujou neglije reg yo wap fini pa tonbe,men si ou aplike wap avanse.

Pou rekrite moun gen kek detay ou pa dwe janm bliye,se detay sa yo ki pi fasil men se yo menm moun yo souvan bliye an premye jis paske lespri yo akapare sou yon sel bagay ki se lajan.

Evite lajan,konsantre ou sou sevis la.

Si ou pase tan a konsantre ou sou sevis la ou i reyalize pi bel pwogre nan lavi ou,men si ou panse a lajan anvan sevis la,sa ap koz ou manke pran swen sevis la,pa bliye ke san sevis la ou pap gen lajan,pou rezon sa ou dwe konsantre ou sou sevis la,anpil moun bezwen anpil moun rejwenn yo nan kominote yo,men yo pa fokis sou jan de sevis yo ap bay la,sa koz ke lide ou a vin a kout tem,sa rsnn ou vin feb e sa kapab pwovoke fayit lide ou a,men si se sevis la avan tou se konpletman diferan.

Ex- Jean ak Blandine deside moute yon antrepriz kote ke li bezwen moun ki vann pwodwi pou li pou li kapab fe anpil lajan chak jou,Jean pa janm amelyore pwodwi li yo,e fason pwodwi li yo prezante a li pa nomal,Jean vann tout premye semaine ouveti Biznis lan,men nan 2 3 a 4 semaine Jean komanse pa vann,paske moun ki te pran sevis avan yo pa tounen,e anplis uo pa fe moun pou biznis lan paske yo pa jwenn bon sevis,sa pa pran 1 an pou antrepriz Jean fe fayit.


Blandine li menm toujou ap panse sou amelyorasyon sevis li yo,e li toujou mete sevis li yo avan lajan,li menm peye moun ki pi konnen pase li pou ede li amelyore sevis li yo,li kreye yon bon branding e li envesti nan marketing li yo,Blandine rekrite plis moun e blandine vann plis Pwodwi.


Poukisa gen youn ki fe plis ke lot.  nomalman depi ou pa respekte reg yo jan mwen di an ou pap kapab fe yon maksimom de pwofi jan ou panse li an,men si ou respekte reg yo ou ap kapab fe anpil pwofi,Blandine fe plis pwofi ke Jean se paske Blandine respekte reg Metye a,Jean li menm kontante li sou fe lajan ki pa yon bon lide ditou pou antrepriz la,dabo se amelyore ou apre sa rekrite ou vann an mas.


Kijan mwen arive rekrite 200 moun nan yon sel mwa.

Mwa oktob 2021 mwen rekrite 200 moun nan mwa selman e mwen telman kontan,mwen pat janm panse si sa te posib,men oktob 2021 moutre mwen ke sa posib se mwen ki pou pa vle fe li.

Kisa mwen fe dabo nan rekritman mwen aprann anpil detay e sa rann mwen vin fo,mwen konnen pou mwenrekrite yon moun fok mwen gen solisyon pou pwoblem moun nan,ebyen mwen pa ezite chache pwoblem moun yo genyen,a fos ke mwen nan chache ki pwoblem moun yo genyen ebyen mwen mache a selman de solisyon pou mwen ofri yo,mwen souvan tande moun di ke yo pa ka rekrite menm  moun mete nan yon ekip poutan li telamn fasil ou kapab jwenn  moun depi ke ou vle,depi ou gen yon solisyon pou pwoblem nan wap jwenn moun pran li.

Mwen souvan poze moun kesyon sa yon fason pou mwen konnen ezakteman ki pwoblem moun nan genyen pou mwen ka mye ofri li pwodwi mwen an.

Kisa ou fe nan lavi? Kesyon sa fe mwen rekrite anpil moun pa sel amn nan mwa oktob men pito nan ansanm de vi mwen nan maketin,Kesyon sa ale direkteman nan tet moun nan e si moun nan pa gen anyen li fe nan lavi ebyen ou ka ofri li youn,le mwen te debitan mwen te renmen pran plezi nan pale a yon gwoup moun chak jou paske mwen konnen ke si mwen pale a  moun nan yon mwa,o mwen  moun ap swiv mwen kanmenm,e si mwen pale a  10 000 moun o mwen 1000 moun ap swiv mwen,donk a kesyon sa mwen mye chache konnen ki solisyon mwen ka ofri moun yo e mwen tou konnen kisa moun nan fe a kisa li pa fe,donk si mwen poze Blandine kesyon sa,mwen ap mye alez pou mwen prezante solisyon mwen an.

Ex - Bonjou Blandine mwen se yon entrepreneur et networker,kisa ou fe nan lavi Blandine?

Blandine Mwen pa fe anyen non,mwen senpleman ap chache,e ou menm kisa ou fe?

Mwen - Mwen ede moun a genyen 33$ a 980$ nan yon peryod de 3 mwa,e mwen ede moun ki gen yon telefon entelijan kapab devlope yon Biznis fasil,sa ap deranje ou si mwen ta ede opu fe menm jan?


Se apati de jan de repons sa yo ou menm wap kapab prezante pwodwi ou a san okenn  pwoblem,sa ki ale direkteman nan sa ou genyen an,donk pwopoze a 1000 moun chak mwa pou yo fe 33$ a 980$ nan yon peryod de tan se difisil pou pa rekrite 100 a 200 moun chak mwa.

Timidite se yon pwazon pou Rekritman.

Si ou chwazi fe yon biznis se paske ou pre pou afwonte yon paket rankont e menm riske prizon,donk si ou se yon antrepre ki timid ou deja K.O depi a lavans,mwen mpa di mwen pat timid,e mwen toujou timid,paske a chak rankont gen nivo alez yo,men sa ki pi enpotan se toujou pote viktwa sou timidite a.

"Le mwen te fenk lanse mwen nan biznis mwen te panse ke jan mwen alez deyo a se ,menm jan mwen pral alez tou nan biznis,men tanzantan mwen jwenn yon chok diferan,e se gras a yo ki fe mwen dyanm jodi a,mwen panse ke pat gen gwo obstak pat gen gwo pwoblem,men lesansyel ou antanke Jeune entrepreneur se gen yon lespri solid malgre tou pou simonte"

Timidite se yon pwazon nan biznis ou an,li bay anpil pwoblem,youn nan bagay pou konnen ke nan sa ou ye a gen anpil lot moun ki ladan e gen anpil moun ki pa timid menm jan avek ou,si ou timid pou prezante swa pwodwi ou a oubyen pou pale a yon moun de aktivite ou,ebyen sa deja pa reponn,moun yo pap retet tande ou e yap gade ou pou debitan ki pa konn sa li ap fe a,men si ou deside pa timid ou ap fe anpil esplwa.

Mwen menm mwen te timid e mwen toujou sa,men mwen jere li le mwen ap regle biznis mwen,mwen toujou konbat li.

Youn nan bagay mwen aprann ki fe mwen retire Timidite a,se konsidere ke moun mwen ap prezante Biznis mwen an,moun mwen ap prezante solisyon mwen an,mwen mye plase li mwen se chef li pou le moman donk mwen dwe aji tankou chef si li ta deside pale an menm tan ak mwen mwen ap stope li paske se mwen ki chef pou kounya,gras a sa mwen toujou pale a pe enpot moun nan e mwen toujou rive pataje mesaj mwen an <<Bonjou Andre mwen pa gen twop tan non,men mwen te vle pataje yon opotinite ansanm avek ou pandan kek minit>>

komanse pa sa yon fason pou aboli timidite a e pou evite twop kesyon ki ka anbarase pye ou.


Rele Moun Pi souvan Nan rekritman apel se yon pyes enpotan,sa ka rive ou menm ou pa konnen enpotans li,men li vreman enpotan,si ou moute yon biznis ki vann oubyen rekrite moun sa ap mande pou bay job a yon moun pou pase anpil kout fil yon fason chak jou pou rekrite moun oubyen vann pwodwi.

Anpil moun fe pa de maketin men yo pa pre vreman pou chemen an pandan ke chemen sa rapote anpil,si ou deside moute yon rezo oubyen vann pwodwi anpil sa ap mande pou kapab fe anpil apel,si ou rele chak jou o mwen 10 moun sa ki ap bay 300 moun pou mwa lap difisil pou o mwen 100 moun pa asepte demand ou,e si ou deside fe plis apel pa jou e pran sa kom travay ou,wap fe plis moun chak mwa,Apel la se yon maketin direk,li pemet kliyan plis alez e li mete plis cham nan sa ou deside pwomot la,si ou pran plezi nan fe plis apel chak jou,ou ap gen chans fe 100 rekritman nan yon mwa,Si ou deside pran sa pou yon metye cita sou biwo ou lakay ou e komanse a pase kek apel,fe an sot ke chak jou ou pase 300 apel sa ki bay 9000 apel pou mwa,pase 9K apel pou mwa fe eksploze chif rekritman ou yo,e sa ap pemet ou rekrite anpil moun menm jan avek mwen.

Mwen rekrite 200 moun nan yon mwa nan konbine tout eleman sa yo ansanm e li bay yon gwo rezilta e mwen kontinye a bay plis.


Kreye yon ansanm de Nas pou mye rekrite.

Si ou nan maketin gen yon ansanm de zouti ou dwe genye ki ap ede ou rekrite anpil,yon sel metod pap bon,men si ou konsidere tet ou tankou yon nas,ou ap jwenne zakteman anpil kliyan ak anpil pwospe ki ap fe pati ekip ou a.

Kreye Blog,Chanel Youtube,paj facebok,enstagram ak anpil lot.... gras a sa yo wap fe anpil rekritman e wap kapab kreye anpil kontak pou pase apel yo.


Si ou deside jodi a ou ka komanse rekrite anpil moun,sitou nan peryod nou ye a,Mwen espesyalman vann anpil fomasyon se gras a sa yo,donk ou menm li posib pou ou tou,men si ou pa deside se domaj a ou,

Tout moun gen peryod difisil nan biznis,men ou menm ou dwe fe diferans pami lot yo ki dekouraje granm maten,ou dwe ale pou pi devan.

Mwen se Jerry mwen se yon entrepreneur menm jan ak ou e mwen se yon jeuen menm jan mwen deside aprann konnen kijan pou mwen kapab amelyore Biznis mwen an ou menm ou kapab fe li tou,menm jan mwen mka fe 5K a 10K pandan yon peryod la ou menm ou ka fel tou e se posib,men ou bezwen yon sel bagay,Volonte pou komanse,volonte pou ale pi lwen,fe sakrifis pou avni ou,rev ou sa yo pap lache ou e yo pap fe ou wont,si se timidite ki ap kale ou mwen lese yon liv nan atik sa pou ou pou ka simonte sa,Klike sou telechaje pou telechaje liv pa ou a gratis.


Pa bliye pataje atik la ak yon zanmi ou pou li ka kanalize li pi byen e rekrite plis moun.


Klike isi pou fe pati de Biznis mwen an 10$ Biznis 10$

Klike isi pou abone ou a membership mwen an Membership




1 commentaire

  1. Pyrame Wiljetly
    Pyrame Wiljetly
    🔥🔥🔥🔥