Nan lavi chak mou bezwen yon moun ki pou akonpanye yo,pe enpot moun ou ye a,nan antreprenerya pi souvan sa ki fe sikse yon moun se tip de moun ki nan men li an,an gwo se moun ki swa akonpanye li an.
Gen anpil moun nan mond lan pafwa ki fe yon chwa men ki pa byen chwazi,sa konn koz moun nan echwe nan vi pwofesyonel li,e sa konn koz plis bagay ke sa,nan atik sa ou ap dekouvri le ou fe yon bon chwa mennaj ki konsekans sa genyen e le ou fe yon move chwa kijan sa kapab kraze karye pwofesyonel ou.
Non Pa mwen se Mr le paon si ou nouvo sou site mwen an,mwen se yon antreprene & networker,mwen se yon ekriven tou,donk atik sa mwen ekri li pa pou ensilte pesonn men se pou oryante chak antreprene ki ap mete yon moun nan vi yo,ke se swa se fi ou byen gason.
Mwen gen membership mwen ki disponib pou tout moun ki ta vle aprann biznis anliy de A a Z,ou kapab klike sou join now pou gen plis enfomasyon.
Nan zafe mennaj oubyen madanm,anpil moun toujou ap chache gen yon moun,anpil moun ap chache yon moun swa pou satisfe bezwen seksyel yo oubyen yon lot bagay,men sa konn koz echek anpil moun tou,paske pafwa moun nan konn kontan gen moun nan nan vi li jodi a e demen li regret paske li reyalize li te fe yon move chwa.
Le ou gen yon bon mennaj sa gen anpil enpotans oubyen yon bon mari tou,sa konn fe anpil enpak nan lavi ou e sikse ou pa piti ditou.
Fe yon mennaj ki ap ede ou
Le ou fe chwa de yon moun ki ap ede ou,sa li konte anpil nan sikse ou,pafwa gen de angajman ou gendwa vle pran si ou pa gen yon moun solid avek ou sa konn souvan pase mal,nou pa di se mennaj la ou madanm ou mari a ki pral fe sa pa pase mal,men a fos ke gen doub refleksyon,a fos ke desizyon yo pran a 2 sa fe risk lan li diminye,ed mennaj la pa vini de lajan sdlman,men de yon paket lot bagay ki kapab pa amteryel,si ou se yon kwayan ou fe chwa de yon bon mennaj,yon mennaj ki ap ede ou espirityelman,yon mennaj ki sousye pou nanm ou ki ap ede ou nouri nanm ou de tout sa ki pozitif,moun sa pap selman yon mennaj men pito yon pwotekte.
Yon mennaj ki ap ede ou tou a pran kek desizyon sou vi ekonomik ou e menm lot bagay materyel ki ap ede ou jere aktivite materyel ou,nou gade sa yo kom yon benediksyon,jan de mennaj sa yo gen gwo enpotans nan lavi ou e pemet demen ou asire,paske se yon bon mennaj ki fe yon bon mari ou madanm.
Yon mennaj ki kreyatif
Yon mennaj pa selman nan lojik ke se ou ki this se ou ki pou that non,nenpot sex ou nan relasyon an ou dwe kreyatif sa ki ap ede moun ou ansanm avek li a avanse plis,si ou pa kreyatif konnen ou ap detwi kanmenm,men si ou renmen kreye sa ap ede relasyon an ale pi vit,gen anpil moun ki renmen ki souvan ap gade sou lot,ap tann sa pou sa ka fet,men yo souvan bliye ke yon relasyon se tankou yon chanm kay sitou pou antreprene yo se komsi wap moute yon antrepriz,se chak moun ki pou ap kreye yon bagay pou avansman relasyon an,si mennaj ou an pa kreyatif,keseswa se fi ou gason sa ap ba ou anpil pwoblem pi devan e sa ap kondi relasyon an a yon chemen ki pap satisfe vreman.
An ekzanp yon fi ki renmen kreye ki gen mennaj li ki pa renmen kreye anye se fi a ki tou e tou e mennaj la toujou gen yon eskiz,o final bo a ap pi lou li ap fini pa tonbe,de menm pou gason yo tou..
Anpil relasyon kraze se paske se souvan se yon sel moun ki ap fe tout bagay yo,men si tou 2 moun yo te sou menm liy sa o mwen tap garanti relasyon an.
Chwazi yon moun ki sanble ou.
Nan tan lontan moun yo souvan fe yon chwa jis paske swa entel kapab ba li 10 goud ou 20 goud,oubyen entel kapab fe yon lot bagay kelkonk,e toujou genyen ki fe chwa paske moun nan swa anfom fizik e moun sa bel etc... mwen pa di ou pou chwazi yon moun ki led,men ki enpotans sa ap genyen ou gen yon bel fle san ode yon bel po san mote?
Sa li nan tout sans,le ou fe yon chwa de yon moun ki sanble ou,konpreyansyon yo ap vini pi vit,anpil moun sibi de sa ni fi ni gason nan chwazi moun ki pa sanble yo,nou pa inyore pesonn men li toujou pa fe sans,sa souvan rive nan antrepriz lakay nou,e menm nan lekol nou yo,nou fe chwa ki pap mennen nou sou long tem e sa konn koze gwo dega,lew fe yon chwa de yon mou ki ap konstwi e ou menm ou konstwi ansanm avel gen plis chans pou relasyon sa rete dyanm e gen plis chans pou pa soufri,men si ou fe chwa de yon moun ki deja gen gwo mwayen moun nan chwazi ou jis paske li santi li gen gwo mwayen ou menm ou fini pa tonbe pou sa,ebyen konsekans ou yo ap lou,se sa yo rele <<Parasetamol>> moun nan chwazi ou jis pou yon doule men depi sa fini li ale.
Nou pa di pou pa fe chwa de yon moun ki genyen,men chwa sa yo pa ale a long tem pi souvan.
Fe sa yo rele pran mezi pye ou an kelke sot,se pa pou ralanti ou,ni pou fe ou pa depase limit,men pito se pou konsekans yo.
Si ou se Gason ou dwe fe chwa de yon fi ki nan mezi pye ou,e sesi pa manti sou tip de moun ou ye a,si ou komanse gen lajan nan men ou pran tan pou fe chwa de yon moun ki konn kreye e ki ka jere sa ap ede ou le ou komanse gen gwo laj,le ou pa ka travay anko,pa fe chwa de yon moun ki gen yo vizyon a kout tem ou ap peye konsekans lan che paske anpil fi pa gen gwo vizyon sou long tem,anpil fi bezwen kote pou yo loje yo pou yo santi yo alez,evite tonbe nan pyej sa <<se ou ki gason se ou ki pou fe tout bagay>> pran san ou pou fe yon bon chwa,yon chwa ki ap ede ou konstwi lavi ou e ki ap pran swen pitit ou demen ak tout madanm ou nan fiti an,pa fe yon chwa jis paske se anfom se ka jwi ou bel ou yon bagay a kou tem fe yon chwa ki pap selamn fe kew plezi santimantalman men sou long tem,paske yon gason ki gen yon move madanm sa ka fe li pov pou tout vi li e sesi li pap janm ere,gen anpil bagay ki pa la pou lontan ka moun,olye baze sou po gade pito sou ansanm de fe sou long tem apre tout sa ki atire ou fizikman kisa ki ap rapote ou sou long tem,ni tou madanm ou pa oblije led pou li yon bon fi,tout sa ki enpotan se fe chwa de yon mennaj ki itil ou.
Yon mennaj ki ap ede ou kreye ki pap kraze sa ou deja konstwi,yon mennaj ki fe ou konfyans,yon mennaj ki pap joure ou ki respekte ou,yon mennaj ki pap konpare ou sou preteks pou rabese ou,yon mennaj ki ap moute moral ou,yon mennaj ki ap konprann le ou bezwen li pa pou aktivite seksyel men pou avni fanmi an demen,pa fe yon mennaj paske ou we moun genyen ou bezwen genyen tou,fe yon mennaj ki ka antann avek ou,yon mennaj ki ap toujou la pou ou le tout moun di ke yo pa bezwen ou,yon moun menm si ou pa la ki ka kenbe tout aktivite ou yo an men ki ka jere lajan ou e ki ka jere pitit ou demen,ki respekte fanmi ou e ki respekte fanmi pa li.
Si ou se fanm pa chwazi yon moun paske ou bezwen yon moun pou okipe ou oubyen pou regle koze pesonel ou,sa konn souvan tounen mal,men pran tan ou a fe yon bon chwa,anpil fi echwe nan sans se paske yo koute zanmi ki fe yo pedi yon moun sou aparans oubyen nan mank pasyans,pa janm bliye si mennaj ou ap konstwi se pa denigre pou denigre li le li poko bay rezilta se ede pou ede li pou fwi a kapab dous pou ou,pa fe chwa de yon gason paske li few yon pwomes a koutem,men pito chache avantaj a long tem,eske neg sa kapab yon papa? eske neg sa ap sipote ou le ou bezwen pa pou seks men pito pou lot aktivite swa espirityel pa fe chwa tou paske ou tande yo di 2 meg pa fri,gen jan de pwoveb nan lavi ki pa ede ou vre men pito ki kondi ou nan yon move chemen,paske ou ka chwazi youn ki gra men ki pa janm reponn antanke gason,si ou fe chwa ou de yon bon mennaj sa ap ede ou nan aktivite ou e ki ap pran swen de Biznis ou ki pap gaspiye revni ou e ki ap ede ou konstwi,sa ap ede ou antanke Jenn fi.
Entegre mennaj ou nan Yon Biznis
Anpil moun ansanm reyelman men yo pa janm konnen kijan pou yo kreye yon Biznis menm le mennaj yo gen lajan,gen anpil moun tou ki pe chita pale sou kesyon lajan li menm ka mennaj li oubyen mari li.
Gen anpil relasyon ki fini pa afebli paske se yon sel moun ki ap degaje sa konn koz anpil estres ak anpil lot bagay mete pye nan relasyon an,e le ou fe yon move chwa moun ou avek li a konn fini pa kraze relasyon an malgre tout tan li te pran pou li konstwi,rezon an vreman senp anpil fi kou gason depann de sa ki gen mwayen an pa janm vle fe moun li ave a pa de aktivite li poutan se yon gwo danje pou relasyon ou an.
Si ou entegre mennaj ou nan biznis kisa ki ap pase?
Anpil moun ki rive nan mond lan se gras a mennaj yo ki akonpanye yo,yon fi kapab konstwi yon gwo antrepriz men li bezwen yon bra fo ansanm avek li pou ede li pran bon jan desizyon de menm pou yon gason,ebyen pou rezon sa si ou menm ak mennaj ou mete ansanm e nou youn entegre lot nan biznis li ebyen sou long tem ou ap fini pa reyalize gwo bagay,si pa ex se MLM ou fe e mennaj ou entegre ladan nou chak la ap kapab travay yon bo,nou chak la ap kapab vann ou rekrite moun ansanm,menm jan pou afilyasyon oubyen pou nenpot lot domen nan.
Si ou entegre mennaj ou nan biznis ou sa ap rapote ou anpil si selman ou fe yon Bon chwa.
Kreye Biznis sa si ou poko genyen.
2 moun ki ansanm e ki renmen tout bon kapab fe anpil bagay men pou sa arive fet fok gen antant nan mitan 2 moun sa yo,fok moun sa yo konnen imedyatman yo ansanm entere yo pa diferan yo dwe gen menm vizyon,fok moun sa yo konnen ke si youn nan yo milyone se yo 2 a ki milyone,gen anpil moun ki mete de vye panse nan tet nou se sa ki souvan fe relasyon nou yo pa grandi men si nou aplike bon manye e konpreyansyon relasyon nou yo ap grandi,ou menm ak mennaj ou ka mete ansanm pou kreye yon Biznis ke se swa se fizik oubyen vityel,yon biznis ki ap rapote ou menm avek li sou long tem,si ou deja marye ou ka fe menm jan,anpil fin nan relasyon yo pa gen ase tan men chaje bel biznis ki bay pwofi malgre ou gen gwo okipasyon nan kay ak timoun sel sa ou bezwen se kreye youn,si ou kreye yon biznis sa ka ede mari ou oubyen madanm ou mennaj ou avanse pi vit an gwo relasyon an.
MLM Si ou kreye yon biznis MLM ou menm ak mennaj ou ap kapab fe anpil pwofi sou long tem ansanm avek li,an gwo sa ka rapote ou plis ke 7M$ nan 5 ans a vini yo.
Crypto Si ou kreye yon biznis crypto sa ap rapote ou anpil lajan sou long tem,ou ka chwazi vann oubyen envesti nan lot Biznis.
Afilyasyon Si ou kreye youn afilyasyon o mwen chak mwa si ou byen fe sa ou ap fe a ou ap ka fe 2K$ a 10K$ mwa san okenn pwoblem.
Trading Ou kapab aprann trading lakay ou epi ou fe yon mas pwofi chak jou,tou depann de jan ou bay tan ou ladan.
Bay Yon kou anliy Si ou bay yon kou an liy chak jou a yon minimom 100$ chak moun ou 50$ ou kapab chanje pwop viw.
Si ou pran tan a metrize biznis sa yo tout ap ba ou gwo pwofi lakay ou ansanm ak mennaj ou.
"Si ou fe chwa de yon bon mennaj anpil benediksyon a ou paske ou ap gen plis espas nan lespri ou pou travay ,mennaj la pap retade ou ak aktivite negatif e bagay ki pa gen enpotans,li pap kreye vye envennman pou gade si ou renmen li oubyen si ou ap rete ak li,men pito lap konstwi de bidje a long tem ki kapab ede relasyon an fe plis pwofi,an gwo yon bon chwa toujou mennen bon kote e gen bel pwofi sou long tem,nou pa di ou ke ou menm ak moun ou chwazi a ou pap jwenn difikilte avek li,men pe enpot jan sa ye se yon moun ki ap rete ak ou"
Mesi paske ou pran tan ou pou li atik mwen an,mwen espere ou pataje li ak moun ou renmen an,e ou pran tan ou fe yon chwa ki ap itil ou sou long tem.
Si ou ta renmen aprann youn nan konpetans ki nan atik sa yo,mwen disponi pou mwen ede ou,klike join now pou aprann konpetans pa ou an.