Kijan MLM chanje vi mwen an 1 an selman ou menm tou se posib an 2 ans poukisa?
MLM- Multi Level Marketing
Kisa Ki MLM nan?
Nan atik sa ou ap gen chans pou dekouvri tout jan MLM kapab chanje vi ou menm jan li chanje vi pam nan 1 an selamn,si ou travay menm estrateji avek mwen li ap fe sa nan 1 an,men si ou travay selamn nan yon antrepriz ki gen MLM li ap chanje vi ou nan 2 ans,sa pa gen mank nan sa.
Rete li atik sa jis nan fen pou dekouvri meye estrateji mwen an ki fe mwen pase de 0 a 5 chif.
Nan tan avan entenet pat evolye konsa nan peyi nou ayiti,e nou pat janm gen lide lanse biznis an liy,men nou te selamn gen entenet pou chat ak zanmi e gade video youtube,men kek ane pita nou vin konnen nou pa selman gen entenet pou nou diveti nou,men pito fe anpil lajan,e nou aprann tou se pa apre yon tan pase lekol ke nou ka fe lajan,nou aprann ke nou ka fe lajan tou pandan nou ap aprann,men tou nou vin gen plis lespri pou nou konnen se nan pedi nou ap genyen plis,ebyen sa pa pran mwen anpil tan pou mwen konnen ke chanje lavi nou depann de nou,e mwen konnen tou ke anpil lajan posib se siw pesevere.
Nan ane 2020 mwen dekouvri yon antrepriz anliy ki pral chanje reg jwet la,avan sa mwen te konn fe yon biznis ki konn banm anpil pwofi ki se CLEAN FACE mwen te lanse an 2017,men sa pat sifi pou mwen mwen te kontinye ap chache lot sous de revni ki pou kontinye ban mwen anpil kob,paske se sa ki objektif mwen,se gen anpil kob pou mwen chanje vi mwen ak vi fanmi mwen,ane 2020 sa se te yon ane opotinite pou mwen,mwen dekouvri biznis ki pral chanje vi mwen an,se yon antrepriz ki gen MLM ladan e se la mwen pral fe fas ak anpil gwo bagay ke mwen pat konn jwenn avan.
A tout sa mwen te konn ap panse ki te konn fem gen di mal a pran yo desizyon.
PWOBLEM ENSEKIRITE
Ou pa ka soti pou ale regle yon bagay ki enpòtan pou ou,ou pè pou yo pa tiye ou,ou pè pou yo pa kidnape ou,pafwa menm lekòl ou santi ou pa anvi ale,paske ou pa wè okenn kote ou ka echape si yo ta fè yon tantativ sou ou,Ou santi ou Ap wonje nan ou menm,ou pa devlope tout ou menm Vrèman,Ou Pa santi ou kapab reziste amba tout vye mal sa ki ap Pwodwi nan Milye ou ap evolye a,ou rete kache lakay ou san ou pa fè anyen,Ou Dezespere pou Jan bagay yo prale a,nou anvi ouvri yon biznis men tèlamn Nou fistre,nou tèlman pè,nou Oblije pase kòb la nan yon lòt bagay,pafwa se bagay initil,pafwa tou konn se manje Chak jou,Ensekirite a tèlman ap grenpe ak fòs,Menm Lekòl la ou pa vrèman ka aprann,ou pa gen ase konsantman sou lekòl la,Nou pa gen ase fòs pou nou simonte pwoblèm sa yo,e tèlman yo anpil,Ou menm Panse ke Li difisil,e prèske enposib pou ou avanse & pou reyisi nan sa ou bezwen an,Panse ke avni ou gache,panse ke tout bagay ap fini talè konsa pou ou,e menm reflechi «Kisa ou ap ka ofri manman ou,oubyen papa ou,Kòm yon souvni de reyisit,men lespri Ensekite a ap debòde nan ou,ou menm Vin pè avanse,paske ou pa gen espwa....Men avan tou lache ou gen yon dènye Chans.
Menm Jan anpil moun fè siksè isi malgre jan bagay yo ye,ou menm tou ou kapab fè li tou,menm jan Stanley Baptist & Mackendy(Mak Pa Nou) fè li sou menm tè sa,Kidonk ou ka fè li tou,Swiv yon Pyonye e kopye youn nan sa li fè yo,ki fè li arive reyalize rèv li kanmenm,eske ou menm tou ou pap eseye reyalize rev ou? se vre pou jan bagay yo anpire a eske ou ap kite rev ou a plonje pi fon nan dlo toujou,eske ou pap plonje deye li pou reyalize sel grenn rev ou genyen ke manman ou chita ap tann an men ou an,wi se vre ou pap viv pou moun men ou bezwen moutre a manmanw ke tout efo li tap fe yo se pa pou gran mesi,wi se vre pwoblem ensekirite a ap wonje nou ak fos,men ki mwayen ou genyen pou soti?
Pwoblem Ekonomik
A fòs ke Peyi a ap pwodwi ensekirite ou gen di mal a grandi mwayen ekonomik ou,Ou gen di mal a pwogrese,Ou pa gen Lajan pou manje,ou pa ka achte sa ou anvi achte,ou pa gen okenn lwazi menm yon ti vizit Lokal ou pa ka fè,tèlman ou razè,e pafwa se pa lajan ki pa pase nan men ou,men se nivo a ki twò leve,vin rann ke ou pa konnen Kijan ou kapab Pwogrese ak lajan sa,men ou plis pasyone a rezoud anpil pwoblèm,Paske Pwoblèm yo ap Moute ak Yon Gwo vitès,men tout solisyon ou ap chèche ou pa janm jwenn li,E ou toujou swete Viv mye ke jan ou ap viv kounya,ou vle viv pi byen ke sa,Men pa gen ase mwayen pou kapab vin sa ou bezwen an.,Pafwa nou fini etid klasik nou anba mizè e nou ap panse ak Inivèsote kijan sa pral ye,e dezespere a Jwenn yon Job,malgre nou anvi fini ak tout tip de lekòl,Pou nou ka swov rèv nou,men Lamizè detouen li,mank mwayen detounen li,E pafwa ou oblije lache,lache tout bagay😢😰E pa avanse ankò,e tann lavi a fè sa li ap fè avèk ou a,E menm Panse ke reyisit pa fèt pou ou😢Men o debi de tout choz ou gen yon dènye Chans,Men se ou ki pou pwovoke li,si ou pa janm fe anyen pap janm mache,wi se vre nou tout bezwen lajan pou nou regle afe nou,men si nou pa janm fe anyen nou pap janm jwenn anyen,toujou gen yon pot de soti a chak sitiyasyon,e kisa ou genyen pou soti ak pwoblem ak ekonomik sa.
Apre sa mwen vin dekouvri ke jan de pwoblem sa yo pa ka anpeche mwen e mwen deside lanse mwen,mwen moute biznis lan mwen ak 2zanmi mwen selman e mwen patko gen lot zanmi ke mwen te ka adrese pou sa,e sa ki pi tris 2 zanmi sa yo,se 2 enkoni,mwen pran tan pou mwen aprann kek estrateji ki ap pouse mwen pou pi devan,estrateji sa yo se.
- Kijan pou rekrite moun pou ekip ou
- Kijan pou ede chak moun a pran nivo.
- Mwen fome tet mwen
- Mwen ede ekip mwen
- Mwen ede chak grenn moun ki rejwenn ekip mwen an touche premye lajan li
- Mwen ede chak jeune ki vle aprann yon nouvo bagay ki pa MLM
- Mwen nye plas mwen an pou mwen ka pran swen fiyel mwen yo
- Mwen toujou disponib pou tout fiyel mwen yo
- Li yon atik ki gen menm ide Mlm Yo De 10$ a Director Regional
- Ou ka klike sou lien sa si tout fwa ou anvi kominike pa whatsapp https://wa.me/50946162735