Teknik Maketin Rezo Garcia Delva.


 

Bonjou a tout abone Blòg sa,Espesyalman Moun Ki enskri anndan Tirus,Jodi a Mwen Pote pou ou,Yon Estrateji 100% Bon,Ke yon Pèsonaj Ayisyen itilize pou Fè siksè nan Viv Politik li, e ki mache a 100%
Byen avan,Kiyès Ki Garcia Delva?


Li te grandi nan Marchand-Dessalines .
Li te fè premye l 'nan Gérostar, Lè sa a, Djakout Mizik ak Lè sa a Zenglen ak 2003 li te fonde pwòp gwoup li Mass Konpa 2 .
Nan 2010 li te swiv yon karyè politik, li te eli depite pou Marchand-Dessaline 3 Lè sa a, re-eli nan 2015 4 . san li pa ranpli manda li a li te aplike pou li te Senatè L'artibonite, li te eli nan dezyèm tou an. Li se prezidan klib AS Dessalines




Ki Estrateji Li Anplwaye?📚

Pa Twò Lwen senatè a,Mwen aprann Estrateji Li a pa Lontan,Ke li ba li rezilta a 100%
Menm Jan mwen te di Li deja 
Si ou bezwen Pwogrese Pi vit e efikas,Ou Aplike sistèm 📜Blok Nòt,Ki pèmèt ou rekrite moun Ki enpòtan pou ou,Sa Ki tou otomatize ekip ou a,Lè ou Tou fè Chak Moun fè menm Jan anndan ekip la.

📜Anndan Nòt ou a,Ou mete Moun Ki Enpòtan Pou Ou,Si nan lis ou a ou Jwenn 4 Moun ebyen 4 Moun sa yo kapab sèvi ou Kòm Kle pou devlope Ekip ou,Paske si 4 Moun sa Yo fè menm Jan avèk ou,yo fè lis pa yo,e yo Chak La Jwenn Diferan moun,Sa Ki fè ekip la otomatize,E Yon Travay Efikas.

Règ Garcia Delva
Peryòd yon tounen Garcia,sa ki ta pral ba li Plis Moun,e ki Tap Fè li fè Plis ke 500K$ Nan Yon Sèl Toune ak Yon Bèl estrateji ke Senatè a aprann mwen.
Imedyatman Ou Travay ou Envite 10 Moun ki tou peye,Chak Grenn Moun anndan Ekip la gen devwa fè menm Jan,10 Moun tou,Ki fè 10×10 ki Bay 100 Moun total anndan Ekip la,E 100 sa yo fè Menm Jan Yo Chak La Mete 10 Moun,Ki bay 1000 Moun,Ak Yon Total De 1000 Moun,Wap Jenere plis ke 100 000$ anndan Biznis lan ak Tout Ekip ou a,e sa ki bèl,menm dènye moun ki rekrite anndan Ekip la la,Lojik 10 Sa pa sèlman aplike Pou Toune Konsè Garcia,men Toune osi nan acha albòm Garcia,ak Enskri anndan Kominote MLM Garcia Delva Kreye ak Fanatik li yo,e menm Pou abone Facebook ak Youtube👥.
Pou Aplike estrateji 10 Moun sa,Ou bezwen Pase 50 Apèl Minimòm Chak Jou,e aprann Chak Moun Anndan Biznis lan fè menm Jan.

Kijan sa fèt?

📞Rele Chak Nimewo sou Kontak Ou e mete yo nan Obligasyon Pou Yo sipòte ou,e pou Yo Pwogrese avèw.

Ex: Alo,Bonjou Alex,kijan ou ye?
Mwen vrèman Kontan Poum rele ou Jodi a,Pou mwen Mete ou anndan Ekip mwen
Byen ke semèn pase mwenbte ap fè enskripsyon premye Gwoup Moun ki te asepte Òf mwen an,e ki Satisfè de sa,Mwen reflechi byen,pou mwen wè mwen gen Kalite opòtinite sa pou mwen pa envite ou,mwen tap Twouve mwen ase bèt pou mwen ta fè sa,Se pou menm rezon sa,mwen Kite Travay Mwen Jodi a,pou mwen rele ou,Kilè ou Ap Gen Kòb paw la Pou Valide plas ou a,Paske mwen gentan Enskri ou deja?

Selon Repons Alex,Ou fini pa remèsye li paske li te tande ou,Ou konkli avèk li,e ou Tou Pwgrame Pwochen Randevou ou avèk li.

Jiskase Ou Rekrite 10 Premye Moun,Ki Pral fè Travay la Menm Jan Ou fè li a.




An Nou Tounen.
Nou an Nov 2017 ki Te Ant 2 ou 3 Novanm mwen pa vrèman raplem Jou mwen Tap Pase kèk apèl pou mwen Kapab Vann Plis ke 500 Losyon a 10$ nan Mwen ke 5 Jou,E anplis Kèk Ane pita Yon rekè Plis Ke 200 Kès savon nan 2 Mwa,Sa ki Te bay antrepriz mwen an yon Bèl valè,Gras ak Apèl yo.
Se sak fè li enpòtan anpil,a ou menm Ki ap Monte Antrepriz ou,oubyen Ki gen rezo ou,aprann Chak Grenn Fiyèl a Plas apèl Chak Jou,Konsa Biznis lan a fini pa gen Yon bèl valè.

Nan Lane 2020 la Mwen Fè 10 000$ Ht nan Mwens ke 1 Mwa ak Menm estrateji a,men Ki se Bouch ak Zòrèy,Mwen lanse yon Biznis ki rele PaontechMulitiservices ki jenere mwen 10 000$ San mwen pa Fè anyen Ki Gwo, e ki pa menm Envesti 1000$
Men Maketin mwen an arive touche tout kominote a,e mwen fini pa Boukle 10 000$ Jan mwen te Di li a,Kidonk sistèm apèl sa,Se Yon sistèm ke Ou dwe anplwaye Jodi a,Rale telefòn ou, e kòmanse pase apèl yo.



Pou fini.
Garcia Delva genyen Pakou Eleksyon li ak Menm Lojik 10 Moun nan,Ki sa ki anpeche ou genyen Li?
Anyen,Ou se yon Moun menm Jan ak Garcia,Ou Ka Kopye estrateji li a,Epi ou Aplike li.

Ki Anpèchman Ou ki fè ou Poko Janm Lanse ou Toujou?

Ou Pè Pou Pa Jwenn moun?

Ou Pè Pou Lajan Ou an Pa Pèdi?

Ou Pè Pou Zanmi ou yo,Pa Abandone ou?

Men èske Ou janm eseye?
E menm si ou te eseye sa pa mache,Èske Ou Konnen Kibò Sa ap mache kapab se sou 3eme Echèk ou.
Mwen Konseye Ou Lanse Ou Jodi a.




Mèsi Paske Ou Li atik mwen an,E ou Prale pataje Li,E ou ap Kite yon Kòmantè❤️
E mwen Kontan tou,paske Ou ap Enskri Jodi a anndan Ekip Nou an Pou Kòmanse Travay ansanm ak Nou.




إرسال تعليق