المشاركات

Jerry & Eva 2 Epizòd 10



Jerry & Eva 2
Epizòd 2


Ou renmen Make Up,Achte ak Meyè Pri!!




*_Jerry & Eva 2_*

_Epizòd 10_
*_Savon Clean Face_*

*_ACC_*

*_J.E Fòmasyon_*

*_Platalie Block_*

*_6:38 PM Dim_*
*_Jerry pa sòti ak nèg yo,li chita lakay li lap prepare konkou a,tatas ansanm ak Rosie yap mache nan lakou a,Eva ap ekri enfo sou Jocelyne yo,apre li ale kote manman li._*
Eva::Manmi map mandew pou fè yon lòt bagay pou mwen wii svp
Evelyne::Pale non Cherie
Eva::Ou konnen Jerry pèdi Matant li,men mwen arive jwenn yon foto matant lan ak tout enfòmasyon sou li,mwen vlenou edem trouve li,Jan Jerry tap esplikem nan se pa mouri li mouri,Edem difize enfòmasyon yo nan komisarya ak lòt kote,konsa  na jwenn li pou Jerry manmi saw panse??

Pandan Papam pa la nap fè tout bagay sa yo.
Evelyne::Se byen,e lè nou fin jwenn li sa nap fè pou nou di Jerry sa??
Eva::Mwen deja mande kontak madam Jasmine poum ka jwenn kote Jerry ye Wi man
Evelyne::E poukisa wap fè tout sa yo,pandan kew pa genbyon asurans ke Jerry ap ret avèw??
Eva::Manmi lavi se oze ,si mwen fè tout tanm ap medite sou yon sèl bagay sa ka  fè yon enpak nan siksèm,men sim lese dout mwen yo ak perèz mwen yo ale,konsa map gen plus chans reyisi,mye vo mwen eseye ke mwen lache le bra,nan eseye ma jwenn sam bezwen an,tanpri dim wap edem Stp
Evelyne::Map edew malgre sa pap itil ou anyen
Eva::Ok man
*_Eva ale nan Chanm li tou tris,li ale kouche_*
Tatas::Ou vrèman bèl wi apre midi an ☺☺
Rosie::Mèsi b,ni ou menm tou wi amour
Tatas::Mwen ka pozewbyon kesyon bb??
Rosie::Ak Plezi bb
Tatas::Yo souvan di premye relasyon pa janm dire,ou panse sim antre nan viw ou panse metem deyò yon Jou??
Rosie::Non,men mwen ka fache avèw,gen problèm avèw,Jwenn rezilta pou problèmbyo epi kontinye viv bby
Tatas::Ou prè pou asepte aswè a bb??
Rosie::Wii,men promèt mwen ou pap kitem ni fèm fè Jalouzi,ni kitem sèl Papi.
Tatas::Mwen Va efò a Rose,men tanpri promèt mwen ke wap Avèm nèt bb.
Rosie:wen promèt ou bb
Tatas::Rezon an se paske l,avan mwen te vin ret la mwen te gen yon mennaj li te lesem tonbe,mwen fè yon nonb de tan mwen pa ale nan bagay sa,men ou vin atirem nan lakou a e mwen di mwen ap remèt ou kèm,men mwen toujou pè .
Rosie::Rire,bb banm diw,ou mèt fè 1 milyon ane ou pa remèt kèw a pèsòn,sa pap anpeche yo brizel nan ane ou pral bay li a non papi

Ou mèt fèm konfyans papi,mwen pap lachew amour.

Li deja ta wii bb map antre wii demen si Dieu veu,Bizou Papi Je t'aime.
Tatas::Moi Aussi bb.
*_Peter nan Chanm li,li chita lap dodine,lap reflechi_*

_Sophie vini kote Peter,yap pale._
Sophie::Papi kijanw ye??
Peter::Mwen byen wii bb e ou?
Sophie::Byen wii bb,mwen remakew toujou tris Bb saw genyen amour??
Peter::Anyen non bb,mwen Jis Pozem b

Map reflechi ak Konkou an bb,ou konnen mwen gen Anfas Kounya...
Sophie::Men papi mdiw sa deja wii,ou dwe admèt ke tout sak kòmanse gen yon Fen bb,sinonw tap etènèl
Peter::Men Bb,se pa sa yo
Sophie:Sa yo genyen,ou pa dwe ap rabese yo non,dayè yo se moun menm jan avèw,e sesi ou ka sezi wè yo pi fò pasew,men Peter,fow chanje wii hmmm,franchman ou raz....Bye.
*_Sophie ale ...._*



_Peter rete Chita pou kont li Jis li vin antre_
_Nan demen si Dieu veu,Eva ale kay zanmil Johane._*

_Eva Frape nan Pòt la._
Johane::Se Ki svp,moun nan antre...
Eva::Kòmanw ye madanm??
Johane::Apa e ou Eva,Vini non,Kijan sa ye menm
Eva::Mwen Mande Nimero madam Jasmine wii,poum kapab jwenn Jerry wii..
Johane::Ou gen Lafwa wii.
Eva::Mwen Gen foto matant lan kounya,edem Chèchel kounya saw panse??
Johane::Men sa nap fè

Nap Fè enpresyon,nap kole nan Mi,bò legliz kayolik yo sitou

Epi nap mande tou saw panse??
Eva::Se byen wii

Johane,mtelman Renmen Jerry,byen ke lanmoul ka pase pa yon lot,men map toujou renmenl.
Johane::Ebyen se konsa lanmou ye menm wi cherie,Ou dwe fè anpil sakrifis wii siw renmenl vre,siw vlel vlel vre,ou oblije pran bagay yo kòmsil te dous wii.
Eva::Map defann mwen wii Bb,edem priye sèlman,E sam te vin diw wii,mpral ale wii.
Johane::Pran swenw bb,map priye pou ou.
*_Eva ale lakay li_*

_Jerry anndan Chanm li an,Mirlène pote manje pou li,epi Mirlène Chita ap pale ansanm avèl_*
Mirlène::Jay,ou konnen mwen vrèman apresye fason ou ye a,ou Cool,ou Pa trò soumoun,ou rete nan limit ou,sa fèm du byen lèm wè se mwen ki toujou ap pote manje ba ou,mwen vle ou toujou rete zanmim nan nenpòt sa ki va rive,E mwen vle fèw konnen sikatris ki nan kèw yo gen pouw efase,tout moun ou swete wè yo,wap wè yo san problèm bb,E mwen Vle diw kew Enpòtan nan Jem,menm Jan mte dil deja,siw nan laj mwen,mkouze avèw e menm sove avèw Jay anfen..
Jerry::Riii,Mèsi Miyou,ou gran pou mwen osi,men sonjem diw fè tròp travay bb,Nou pat gen yon Randevou ansanm Non??
Mirlène::Mpanse sa wii b
Jerry::Kisal te ye ankò??
Mierlène::A devine bb
Jerry::Hmmm,yon soti ansanm,poun ale bwè yon ti te?
Mirlnène::Siiiii
Jerry::Pita a 7h PM b

Metew Bèl,ou Jis prezante Kòm mennaj mwen bb
Mirlèene::Waoouuuuuu

Mèsi bb,Map ale wii b,mgen Travay poum fin fè
Jerry::Menw ka pran Repo Bb
Mirlène::Fòk mwen Fini bb,male

Bizou Jay😘😘😘😘
_Mirlène ale,Jerry Pa soti._
*_A suivre_*
Mr Le Paon!!!!

إرسال تعليق