المشاركات

Une Vie De torture Epizòd 37

Une Vie De torture Epizòd 37

Pa Bliye ou ka Kòmante alèz,sanw pa Abone.

Li Video a pou aprann fè lajan ak Rezo yo,Siw bezwen rès Epizòd yo
Ekri sou 4616-2735
Abonew ak Chanel Youtube la.

🌹🌹 *Une vie de torture*🌹🌹


*Feuilleton ecrit par*:Zephirin Daiana dit Lady Danoue


               *Episode 37*

*Hasla*:mwen pa menm konnen nan ki lopital li ye😡 bon si se pou Mwen ou met mouri paske yon ti moun ou paka idyo konsa🤨


*Hasla tap mate gaz poul te gentan rive nan la Croix rouje, , Sofia vini li salye moun yo epil chita*



*Mildred*:kotew te domi yè swa Sofia🤨??


*Sofia*:respekte lanmò Jhon non! Andwa a mal chwazi pou kesyon sa😏


*Tchovy*:eskuze nou mesye dam,; kisa nap bwè??


*Mildred*:yon kafe svp


*Patrick*:yon kafe mwen menm tou


*Ritcha*:yon te svp


*Wender*:menm bagay ak madanm mwen


*Neyou*:yon kafe svp


*Tchovy*:e ou menm Sofia??


*Sofia*:yon wisky ak glason svp


*Patrick*:granm matin an??🤔ou pa wè saw mande an pa rezonab


*Mildred*:kotew jwenn abitud bwè alkòl granm matin sa??


*Neyou*:li pa bon pou organis yo non🤦‍♀


*Sofia*:(leve pou li ale) boe journe tout moun,, e kondoleyans ankr mesye yo,, lavi pa fini mwen konn sa sa vle di pedi yon papa


*Sofia vire li ale,, Patrick santil wont poul pa mouri epi Sofia ap pale de li  konsa*


*Ritcha*:mwen pa kwè se paske nou pale li pou alkol la li ale non🤔🤔sal genyen?? Pouki li pa pran konsèy la


*Wender*:(nan zorey Ritcha) chut  pa pale nan koze moun yo


*Hasla te apèn rive lè Taysen ta pwal antre nan sal operasyon*


*Taysen*:Doktè pa gen moun ki vin wèm avan mwen antre😟


*Doktè*:mon garçon ou ka toujou tounen sou desizyon ou👨‍⚕


*Hasla tap pale ak reseptyonis lan*


*Hasla*:bonjour madanm ou wè non Taysen nan lis donè yo😟


*Dam*:wi e li ap antre nan sal la nan 5mnt, , se pa san li pwal bay non,, li nan chamb 19 la epi...


*Hasla pa kanpe tande anyn dam nan ap dil ankr li kouri ale nan chamb lan,, san frappe li kouri antre*


*Taysen*:Hasla😳Mwen pansew patap vini wi


*Hasla*:Menm mwen pa konn sa map fè la🤨 yon sel bagay map diw se mete pye atè sou kabanm sa😡


*Doktè a ap fè yon ti souri,, Taysen menm ap rouji*


*Taysen*:ou renmenm Hasla? ?😊


*Hasla*:kotew jwen ak parol sa??😏 te kwè se paskew idyo mwen vin enpeche ou fè yon tenten🤨


*Doktè*:li tro tard demwazèl,, sof si se  yon moun ki renmenl ki vini mande nap dakò rekonsidere ka sa pou li


*Hasla*:se vre banm numero manmanw Taysen☹


*tout moun andedan an tombe ri,, te gen yon infimyè ki pat janm pale li menm ki rire pifò*

*Hasla pa okupe yo menm li vire poul ale*


*Hasla*:salye anje Gabriel pou mwen di li sal te fè pou Marie a la vin fel pou mwen😒



_yon semèn aprè_


*funeray yo te fin fèt,, Jay ak Max te vin depoze Lady ak Bianca lakay yo*


*Max*:Merci manmi paskew te la pou mwen😒


*Lady*; se devwa tout moun pou aKonpanye menaj yo nan moman dificil pou patage pèn ak soufrans li.


*Max*:Merci bbm,, demen aprè midi map vin chèchew mw gen yon supriz pou ou🤭


*Lady*:kisal ye bbm😊


*Max*:yon supriz😌


*Lady*:dim non cheri


*Max*:ou fin mandem diw li ou di non aprè😄


*Lady*:idyo🌝 oke male bb a demen


*Max*:kote bizou mwen an☹


*Lady*:aprè supriz la😝


*Max*:mwen pwal kriye wi😔


*Lady*:dlo wap bay epa san😉


*Lady desann lap tann Bianca ki tap pale ak Jay*


*Jay*:ou distan avèm cheri saw genyen? ?😒


*Bianca*:mwen? ?😳 bon se konsa mwen toujou ye🤷‍♀


*Jay*:mwen vle vin jwenn ou, wap repousem😔


*Bianca*:ak kisa Jay?


*Jay*:ak reyaksyon ou😒


*Bianca*:map fè efor chanje🌝


*Jay*:kòm demen Dimanch mwen vle ale nan sinema avew😉


*Bianca*:Lady ap la??🤔


*Jay*:non lap ansanb ak Menaj li😕yon pwoblem


*Bianca*:non boe nwi



*Bianca desann Machin nan li ale*

*Bianca pat tounen lakay Berline li te rete ak Lady*


*Francia*:kounya nap antre bann lumena🤔sim poko te depoze bekiy sa yo se lè sa nou tap vini tou😕


*Bianca*:men nou la manmi🤦‍♀


*Lady*:pa okupe manmanm Bianca manke nou te gentan mankel konsa😊


*Francia*:epi nou pap bobom gade frekan Seri de ti moun☹

*Medam yo ale bobo Francia epi yo pran mange pou yo mange*


*Bianca*:manmi map soti demen ak Jay wi

*Francia te mande Bianca pou relel manmanm ese sa li te fè*

*Lady*:mwen menm tou manmi ak Max


*Francia*:menm kote nou pwale🤔


*Lady*:non paskem pa konnen kote Max pwale avem🤷‍♀


*Bianca*; petet nan yon fim mwen pwale🌝


*Francia*:oke Bianca kòm ou pi gran,, pi piti lè pouw antre 10hrs si non lapolis ki pou vin mennenw pou antre Lady ou menm 8hrs ou konn princip la deja


*Lady*:oh manmi se enjuste🌝 8hrs🙈


*Bianca*:map baw 1hrs tan nan pam nan wi😊


*Francia*:mwen pa konprann ebyen gen yon biznis nou pwal regle🤔🤔


*Lady ak Bianca*:non manmi😁

*Francia*; nou pap fè kòlè tuyem non🌝 non tut moun 7hrs 45 pou yo antre mw fin pale😕

*medam yo ap pale anpil Francia pa okipe yo menm,, Bianca te vin bel epi gro paskel te santi Alez, , Berline te ale pilat lakay manmanl pou kek jou li poko te tounen*

*pandan Max nan machin nan telefon li sonnen*


*Yvelande*:mon amour kijanw ye?? Ou mankem bb vin wèm tanpri


*Max*; alo se ki moun??


*Yvelande*:yon fanm kap mouri pou ou Max😌


*Max*:😳ki fanm sa ankr??


*Yvelande*:futur madanm ou wi


*Max*:sa pa vwa Lady paka dim se futur madanm mwen


*Yvelande*:ki fout Lady sa tonner😡😡😡


*Yvelande nerve li koupe apèl la*

*Jay*:ki moun sa,?


_A swiv_


*relem pou kòmante, , felicitem,, korijem ankourajem nan +50939938578*

إرسال تعليق