Posts

Revanj Saison 1 Episod 1


Avan ou Li Feyton An,Fè yon Site pou Fè lajan Menm Jan avèk mwen.






Se te yon lè nan lane 2009

Yon jou swa yon baz jèn Gason antre nan yon kay ki Gen 9 moun Kise...manman,papa,kouzen,ak pitit..

Te gen Sandra yon jèn Fi 19 lane

Jeròm ki se dezyèm pitit ki Gen 26 lane

Jaklin pi gran pitit fi a ki gen 32 lane

Te gen Marie ki te gen 14 lane

Dènye a ki apèn gen 5 lane ki rele Rodrigue

Alex ak Fafan ki se kouzen yo..

Nèg yo debake ak zam... Yo tire anndan kay la manman yo pran yon bal nan tèt

Yo pike papa ak yon ponya nan kou

Yo koupe de ponyèt jeròm. Apre yo tirel nan tèt...sa ki pi piti a kache nan yon doum

Ki te gen yon tou nan mitan li ki pat sèvi ki te la sèlma pou mete rad,chans pou li jou a li debarase..

Lap gade jan yo ap tiye Fanmi li..

Li pa ka rele pou yo pa touyel tou.

Jaklin ki pi gran ap rele anmwey anmwey

Gen youn nan nèg yo ki rele jòdani ki tèlman kriyèl li kenbe Jaklin... Li mare li

Apre li di nèg yo Si nou pa jwenn moun ankò lè nap soti boule kay la...

Jaklin ap rele pitye pitye

Jòdani rale kouto li li koupe anba kou jaklin...apre nèg yo soti yo mete gaz sou kay la epi yo pase alimèt yo mete dife nan kay la..

Rodrigue ki nan doum nan ki wè dife a

Li kouri soti..te gen yon fenèt ki fèt ak yon ti pòt pa dèyè kay la li lage kò li ladan epi li sove....

Nan demen si Dieu vle... Lapolis parèt ak jij de pè...Moun kanpe sou de ran ap gade kò Jaklin atè a anba kou li koupe yo jwenn lòt moun yo anndan brile fè chabon..

Gen moun ki ap kriye.

Gen yon Matant ti moun ki vin parèt ki ap rele anmwey...Polis yo kenbe li..

Apre yo ap entèroje kèlke moun nan katye a,si yo pat tande bri anyen

Gen yon dam yo mande..dam nan di li tande bal yo men li pat vle soti paske se sèl li ak yon granmoun ki nan kay la..

Polis yo ap mache nan tout zòn nan

Gen yon Gro raje yap mache gade ladan

Gen youn nan nèg yo ki ap gade...nan foul la ki pa janm pale lap swiv sa kap fèt la misye rele Frederik..

Nan mache nan raje a polis yo jwenn Rodrigue kouche nan raje a kò li tou nwa

Enspektè a rele jij la epi yo pran ti gason an yo vin avèl kote machin yo ye a

Yo di madanm ki tap kriye a èske ou konnen ti gason sa?

Li di wi se youn nan Pitit Sèm nan..

*_Mèsi Bondye li vivan_*

Rodrigue ap kriye lap rele manman manman

O sèm yo mouri vre

Jeròm gran frèm anmweyy

Polis yo ap kalme li,apre yo moute machin

Yo pran Rodrigue ak Matant lan epi yo ale..

Moun yo ap Gade jan lavi fanmi sa pase mal...

Frederik ale li ale kote nèg yo

Li di yo mesye misyon nou poko fini non

Gen yon moun ki rete wi

Jòdani di kiyès Li ye la?

Misye di yon ti Gason

Jòdani di ey mesye nou gen kòm misyon pou nou jwenn ti Gason sa epi touyel pote ban mwen...

Nèg yo di wi chèf..

Rive nan komisarya enpektè a ale kot yon lòt gran chèf...li di men sa ki pase a yo jwenn ti yon ti Gason..

Chèf la di nou gen kòm devwa pou nou jwenn asasen sa yo.. Epi arete yo mete yo nan prizon

Apre yo ale..

Yo mennen ti gason an lopital

Apre kèlke semèn Yo kenbe li toujou nan Komisarya ak tout Matant lan...

Apre yon mwa matant lan di li pral viv Andeyò ak ti gason an

Chèf yo di nap toujou vin wè nou..

E nap fè yon jan pou nou jwenn èd pou nou nouri Ti Gason an..

Dlo pa janm sispann koule nan Je Rodigue

Yo ale avek yo...

Rodrigue vin pèdi ane lekòl li

Janvye 2010

Matant lan mete Rodrigue lekòl

Rodrigue lekòl

Li pa janm pap pase lap fè bèl mwayenn

Yo vin renemen Rodrigue lekòl la

Rodrigue fè zanmi ak yon Elèv ki rele Steeven... Yon jou Rodrigue ap rakonte Steeven sa ki pase a Steeven di ou gen chans piti fòk ou ta priye BonDye anpil wi

Rodrigue di Steeven mpa konnen si se nan 10 an ankò map revanje fanmim kanmenm

Steeven di e zanmim ou ye map avèw

Rodrigue di mwen konnen nèg yo

*_Mpa konn si se paske manmanm ak Papam gen kòb la ki fè nèg yo detui fanmim konsa..kounya menm yon sè mwen pa genyen_* menm moman li tonbe kriye

Steeven di Zanmim pa kriye freo..

Mete gason sou ou viv ak kouraj nou piti toujou nap grandi nap revanje kanmenm

*_Se konsa papam mouri tou,se rache yo rache li ak manchèt_*

Rodrigue di ok freo yo antr lakay yo..

A suivre

Mr Le Paon

Site Pou Fè Lajan



Post a Comment