
*_Dans Une Autre Vie_*
*_Epizòd 1_*
Entrodiksyon
Roman ekri Pa: PIERRE Woodson Jerry
Alyas: Mr Le Paon
Kòm kolaborasyon
Le Rêve
Pa Gen Moyen studios
Team Gentille
Durand prodiksyon
*_Lanmou Se youn nan pi bèl bagay ki te ka egziste,men gen tròp moun ki la itilizel sa vin rann li enpe bouche,genyen ki di li avèg,genyen ki di si se pou yo lanmou mouri deja,Men mwen di lanmou la e lap reyone nan tout kè_*
*Epizod 1*
Nan yon katye ki pa tèlman popilè genyen plizyè jèn..pat janm gen yon relasyon moun ak moun vrèman,tou senpleman te genyen ti antant antre moun nan zòn nan
Pat gen moun nan lari kòm nan mas la
Moun yo te toujou sou aktivite..
Ti moun ki abite nan zòn nan pat tèlman alèz vrèman..avèk presyon paran
Vin pat gen yon amitye profon...
Nan yon kay ki gen yon Fanmi
Mesye Remy
Mdam Remy ki rele Mona
Avek de Pitit fi youn rele
Jenny youn Rele Julie
Julie pi gran li sot fete 17 an nan mwa fevriye epi Jenny 16 an...
Nan zòn nan Gen yon lòt kay ki tou pre a
Gen yon dam ki ap viv ladan li ak yon jenòm ki rele Jonatan.. Dam nan se bèlmè li.. Dam nan rele Madan Gera.. Li viv ak Jonatan tankou se manman li,malgre papa Jonatan mouri sa fè lontan,men li te deja nan men bèlmè a
Manman Jonatan mouri tou..men se avan papa.. Jonatan ap viv ak Madan Gera
Madan Gera gen abitid pati ale Boston
Kite Jonatan nan kay la..
Madan Gera gen 2 gran pitit
Ki ap Viv Boston ak madanm yo
Youn rele Junior youn rele Pierre Richard
Jonatan imilye nan katye pa rapò ke se pa ka manman li lap viv...gen yon plas ki sou lari li pa ale sou li ankò paske tout timoun yo imilye li sou plas la devan lòt zanmi..
Jonatan gen 18 an..Jonatan an filo...Nan yon lise..
Yon bon maten pandan li prale lekòl li jwenn ak Julie ki ap tann machin ki konn abitye pran li pou li ale lekòl..
Jonatan eseye pase pi pre li epi Jonatan di
Jonatan: Bonjou
Julie: gade jonatan li fè yon jès pretansye
Jonatan ale li ront
Rive nan lekòl la se menm jan ak bò lakay
Ti moun gen mwayen yon ekip bèl medam
Jonatan ap antre nan klas li abitid se chita dèyè... Pandan li ap antre gen yon grimèl nan klas la ki rele Goldine..
Ki ap soti nan klas la ki prale kote yon lòt ki rele Stéphanie
*Jonatan*: _bonjou_
*Goldine*: _bonjou_
*Goldine*: ki mirak ou salye'm maten an?
Ou te fè bèl rèv?
*Jonatan*: pa enpòtan sof ke mwen pa anvi viv menm jan ak nou
*Goldine*: hmm kijan nou viv?
*Jonatan*: mwen wè nou viv an kolòn,epi se pa enpòtan pou mwen rete pale tout tan sa avèw,dakò
Eskizem poum ka antre..
*Goldine*: di premye gason ki pa renmen rete pale ak fi hmm sa se yon mirak..
Goldine desann kwaze ak Jessica ki se yon bon zanmi pou li
*Goldine*:Jessi bb kòman ou ye amour
*Jessica*: mwen la wi madanm
*Goldine*:apa ou pat vini lekòl semèn pase?
*Jessica*: non manmim te gen pou li regle yon bagay,pou li ka ale New york nan jou ki ap vini yo
*Goldine*: mwen gen news pou ou wi madanm
*Jessica*: dim non madanm
*Goldine*: Jhon relem nan telefòn yè swa,bagay pou papam kalem wi ou menm
*Jessica*: pou sa papaw fache,hmm papaw sa li menm sal ye la yon mons
*Goldine*: pa di papam sa
*Jessica*: padon,,wi dim sa Jhon diw
*Goldine* : ou konnen mwen pa renmen misye,li la lap dim yon lakèt bagay anfen li anmèdem tròp
*Jessica*: Pran pòz ou pa renmen Jhon,ou kwèm kwèw
*Goldine*: epa kesyon de pa renmen li anmèdem tròp oo
*Jessica* ann antre non..
Nan klas la li pa trò alèz koz li pa gen zanmi,gen yon Group mesye ki toujou ap
Bay problèm lekòl la men nèg sa yo pa zanmil yo pat janm vle fè zanmi avèl koz se ak Bèlmè li ap viv
Jonatan toujou fè efò Li pase premye kontròl... Gen yon patnè nan klas la ki rele Benito ki vini kote Jonatan
*Benito*: Zanmi'm sa kap fèt?
*Jonatan*: poze wi
*Benito* : sak pase menm ou toujou apa saw genyen freo,ou pa anvi pale ak moun ou byen?
*Jonatan* men non,timoun yo pa pale avèm,pa gen anyen map di yo mwen rete pozem freo
*Benito* ebyen fòk nou pale wi freo,nou pa ka nan menm klas pou nou pa viv tankou frè man
*Jonatan* ok
*Benito* ou pap soti nan rekreyasyon?
*Jonatan* non
*Benito* mwen mèt pote yon kola Pou ou?
*Jonatan* Non mèsi...
*Benito* ok frè mwen ale na pale
Avan freo ki kote ou abite?
Èske se kote mwen konn wèw la?
*Jonatan* wi se la mwen rete
*Benito* ok map pase pran ou pou nou ale lekòl la freo?
*Jonatan* ok zanmi
*Rekreyasyon*
*Jessica*Gogo ann al achete pen ak ze non
*Goldine* sa se yon preskripsyon?
*Jessica* tank ou malonèt ou menm
Jhon ki konn bout ou
*Goldine*ou pat vle
Jessica achete,yo manje antre yo
Jonatan rete nan klas la jis lekòl la relache......
A suivre
Mr Le Paon
Like Paj la
100 likes pou Paj la
Sinon mwen bap bay rès la