Articles

La Femme Que J'aime est?? Epizòd 3

*_La Femme Que j'aime est??_*
_Epizòd 3_
_Feyton sa pase Chak apre midi nan lè sa,Jis pou defoule ou☺☺Klike sou Enskri pou ka resevwa email nou._

★ _Jay chita nan biro li lap tape yon ekip dosye pou patron an te ba li,lap pale pou kont li._

Jay:: Poukisa Sandrine di avèm konsa,ou gen pou jwenn se li pral fè makak demen si Dieu veu dèyèm wi,map file zanmi li an pito,konsa la fè jalou.

Mona::Sa vle di ou pap chanje machin mwen an pou mwen Jonas?

Jonas::Ou ka fè Jay chanjel pou ou,e li mwen wè Ki bon Zanmiw..

Mona::Ou pat vle,ou mèt bay vag,wap fè yon ekip vye Jalouzi.

Jonas::Padon manmi

Mona::Hmmm

Jonas::Ou pap soti avèm aswè a ankò madanm mwen??

Mona::Non,mpral wè yon zanmim pita,li mandem sa lontan

Jonas::Ben demen si Dieu veu bb??

*_Mona ale fini yon dokiman._*
_Nan pita travay relache,Jay ap aranje Valiz li pou li ale,Sandrine ak Eva pase bò Biro li an._

Jay::Eva,ou ka banm yon minit svp

Eva::Non,e sandrine lap rete kanpe li menm??

Jay::1 Minit wi,li pap gentan tonbe non

Sandrine::Ebyen Eva,demen si Dieu veu.

Eva::Ok Cherie,men mwen wi Blofè??

*_Mona ap soti ansanm ak Jonas li wè Eva ki ap pale ak Jay li fè yon soupi,li pase byen Move_*

Jay::Ou ta edem  ranje Eva?? hmm
Poukisa e mwen nou plis kenbe an otaj isi a??

Eva::Ou pat mandem sèvis tou non Jay

Jay::Edem kounya stp.☺☺

Eva::Ou ka fini ti rès li

Jay::Mwen ka pozew yon kesyon

Eva::Map tandew

Jay::Alò se pa yon kesyon se yon demand
Ou ka banm chans vin pi prew Eva,mkonnen ou pral dim yon ekip bagay,men jis dim wi ou non.

Eva::Mpa anvi reponn pa youn

Jay::Mwen ta ble sa rete sekrè ant nou tou le 2 a stp

Eva::E madam Mona sa wap fè avèl??

Jay::Mona??

Eva::Wi wi,se yon levèl ou bezwen pran,ou vle kouche nou tout nam travay la??
Male pa kanpem ankò svp.

Jay::Eva??

*_A suivre_*😋

*_Di Kijanw santi Feyton an_*

  1. _Klike Pou Patajel_☺☺☺

Enregistrer un commentaire