Articles

Mode De Vie Epizòd 3

Avan ou Suiv Emisyon an Jis Klike sou Video a pou Tande Mizik sa.

Fameux Ft Rachel *Soude*



***Mode De Vie***

Prepare pa Mr Le Paon
Kòm kolaborasyon

Team Gentille
Lpl
Pa Gen Moyen Studios
Le Rêve
___________________

*_Bonjou mwen se yon jèn elèv ki ap aprann, trè byen to Etidyan,e yon fiti Promotè,pou le moman mwen nan filo,mwen se manb *Pa Gen Moyen studios* mwen se yon manb nan le rêve e atis nan Team gentille..epi manb fondatè platali block,ki donk mwen pote nouriti sa pou ou ki trè konsomab,mèsi deja paske wap li & pataje_*

*_Èske Lanmou Fè mal_*

Bonjou kòman ou ye zanmi Le Paon
Fanmi le paon,kòman nou ye
Salitasyon dirèk ak *Emie* li renmen poze kesyon anpil e li jwenn repons li satisfè..
Donk sijè nou jodi a se **Èske lanmou Fè mal??***

Kòm abitid nou kòmanse ak Yon sitasyon..

**On Tombe amoureux en silence,on se sépare dans le bruit**(Kerry James)

Ui ann kòmanse 
Èske lanmou Fè mal??
Ok..sa pral depan..deja nou gen yon ti bagay ki di lanmou avèg..depi la ou pa sipoze trò fonse sou li..
Pou moun ki ap renmen yo fason yo fèl li vin koz anpil moun ap di lanmou pa bon lanmou fè mal,yap di betiz vye bagay..
Chak moun gen yon fason yon konsevwa lanmou e chak moun gen yon fason yo jere lanmou.. Ann suiv???

Kòman ou pral vle pou lanmou pa fèw mal tandi ke ou pa konn jere..
Fi an pa rele'w pa vre ou tou pa rele li tou
Nèg la fèl tou ou fèl menm jan
Kounya kòd long kòd long moun nan ale nèt
Kounya ou ale plenyen ak yon zanmi..
Entèl kitem ui..li pa janm rele'm..
Epi moun nan menm diw lè pam nan pa rele'm mwen reziyenm mwen rele'l paske mwen pè pou li pa ale..

Kounya ki jan wap santiw ou menm ki pat vle rele li a??
Ou renmen ak yon moun ou dil saw vle sak soti nan bouch ou,li kitew..hmm 
Lanmou pa renmen'm li fèm abi
Sim konnen mpat janm renmen..
Men poukisa ou pa korije bouch ou oubyen sispann fè nenpòt bagay..
Deja mwen gade lanmou tankou yon bagay ki sansib e ki fasil a chire..depiw fòsel se ou ki ap wèl...siw panse trò chèlbè lèw ak yon moun pou tolerel se ou ki ap wèl...sitou pou yon fi ki pa gen respè pou Mennaj li oubyen mari li...wap kòmanse di lanmou mechan depi galile rive gòlgota...

Poukisa avanw renmen ou pa gade chwa wap fè a..paske renmen mande pasyans
Moun nan kwaze yon moun pou la premyè fwa,li wèl li gentan renmen li pou mennaj li
Se li ki pral Homme de vie li..oubyen Femme de vie li..apre yon ti tan ou tande entèl vyole konfyans mwen lanmou mechan li fèm abi
Pou jan mwen damou esa lanmou fèm
Tout sou rezo yo *Fuck Love*
Tandi ke ou pa pran sanw pou fòme yon relasyon..
Se pa nik jwenn yon moun sou rout ou 
Pou pleziw moutew pou renmen avèl
Ou livre kèw bay yon moun ou pa konnen
San nou pat gen yon dyalòg avan..
Epi ou pral atann tout bon rezilta..

Non non!!
Li preferab ou renmen ak yon moun ki nan katyew,yon moun ou konnen trè lontan 
Ke ou ale renmen ak yon moun ou fenk rankontre..

Konsèy mwen ap ba nou..
Se sa ki koz nou pa arive atenn yon lanmou vrèman..
Lèw konn yon moun byen,moun sa se bò lakay ou li rete oubyen nou grandi depi piti
Prefere ou fè moun sa konfyans moun sa ou konnen karaktè li,e li konnnen paw
Evite renmen ak enkoni..Yon ekoni pi fasil a blesew ke renmenw vre...
Dezi enkoni se renmen avèw kouche avèw 
Pran saw prosede epi ale fè rout li kite"w dlo nan je pou yon bann tan..
Mwen menm mwen soufri de yon bagay konsa lè mwen te gen pi piti laj
Mwen te di lanmou fè mwen mal 
Pou moun mwen te li renmen an kitem..
Lè mwen kòmanse grandi e aprann anba bouch lòt moun..
Daprè analiz mwen,mwen wè se nou ki lakoz
Paske mwen te renmen ak yon moun ke mwen pat konnen pase li
E mwen pa konnen li vrèman
Se yon bon pase ki pou bay yon bon futur..

Lanmou pa fè pèsonn abi,ni fè mal
Lanmou se yon pyès monnen daprè mwen 
Li nan menw sa pral depan de sa wap achte avèl la..
Se yon Flè ki bèl
Li ka fane sa pral depan de jan ou pran swen li an...
Kidonk lanmou se manyòk anmè 
Siw pa konn preparel lap pete fyèl ou..
Renmen byen pa renmen fòse
Eseye lè wap pale ak moun nan se lanmou li ak lanmouw ki fè kolizyon pou nou arive ansanm..depi se konvenk ou konvenk li
Wap peye sa..
Paske depi se bagay ki pran yon dòz pou li aji
Kou dòz la fini li pap menm jan
Mete plis aksan sou moun wap renmen yo
Bon si nou pa santi nou prè
Nou pa vle blese..tann 
Lanmou pap fini vrèman
Mye vo ou tann,epi ou enjoy yon lanmou san parèy..
Apre pati mode De vie sa..
Li prosib pou repare lanmou ou te rayi a
Saw te ki fèw mal la
Li pi bèl lèw tounen ak mennaj ou
Eseye bay tèt ou lòd
Pou di
Nan nenpòt sikonstans mpap lage mennaj mwen..si mwen te chwazi renmen avèl se pou protejel..Pa poum te blese kè li
Chagren damou se bagay ki dire anpil..
Depi nou ini nou pou nou renmen
Nou dispoze nou,nou mete nou anivo
Nou pap janm wè lanmou fè mal

E yon jou wap kanpe wap di...

Mwen trouve yon moun ki fèm jwenn yon lanmou ki san mezi..ohhh ki sam tap tann poum antre nan relijyon sa ki se lanmou

Pa gen mesaj sa pou kont ou
Fè li pase bay zanmiw
Envite yo like paj la 👉 https://m.facebook.com/Jerrylepaon

Merci

Woodson Jerry Ton Coach
(Mr Le Paon)

Tande Album Wendy

Enregistrer un commentaire