المشاركات

Merci Mon Prof Epizòd 1



                               


*Merci Mon Prof*
_Epizòd 1_

👉🏽 _Chak moun nan lavj gen yon prof,kapab se lekòl Klasik,Univèsite,Kapab se nan Lavi an menm ou jwenn Prof sa,Se Gras a prof sa ki fèw echwe,e se Gras a prof sa ko fèw reyisi._

☎ _Brinnnnnnng_

Durand::Alo

James::Sa kap fèt Durand se James,Ou deja fjn prepare bro?

Durand::Non,mwen pa prale ankò non freo,mwen gen yon Mesye ki ap Vin lakay la,ki ap vin fè leson ansanm avèm.

James::Ebyen rete nan leson ou non frè,Mwen menm mwen prale nan Ti sourit mwen Pita☝🏽.

Durand::Pridan Freo

☎📞


*_Mr Chrisnor,Rive kay Durand,Se yon Temwen Jewova,saj,poli,respekte moun,yon Mesye nwa._*

Mr Chrisnor::Bonjou madam Emma,Stp Durand pa la??

Emma::Bonjou Mr,li la wi,lap fè yon bagay pou mwen,Wap antre??

Mr Chrisnor::Oui,Mèsi.

*_Emma bay Chrisnor Chèz._*
_Durand vin parèt,li salye Mr Chrisnor,Li ale chèche chèz li,yo chita._

Chrisnor::Bonjou Durand,Kijan ou ye,apa mwen pat wè ou Mèkredi a??

Durand::Mwen pat ale non,men mwen kòmanse mete saw te dim yo an pratik.

Chrisnor::Tankou kisa??

Durand::Ou te dim....Sa pap itil mwen anyen si mwen prosede tout latè,epi mpa gen Jesus nan lavi mwen,e ou te dim fom gen lanmou nan kè mwen,renmen Prochen mwen,e asepte yo...Jan yo ye a.

Chrisnor::Bravo👏🏽👏banm diw non,Jodi a nap pale yon sijè ki ap itil ou,e ki ap itil tout jèn,E pa sèlman sa,lap itil ou Jis ou gen pitit pa ou.
_Sijè a se *Konpòtman yon jèn Anvè Sosyete a

👉🏽Nòmalman nan Syèk nou ye la,nou wè Jan jns la ye,fas a Sosyete a,Jèn ap soufri,Jèn ap fè sa ki pa bon...Kijan ou menm Ki jèn pral gen yon konpòtman diferan parapò ak Lòt Jèn sa yo??
👉🏽Se pa difisil,Sa mande yon Sakrifis e yon detèminasyon,Pa di Se pa ou ki ta vle sa,men se lavi a,pa bliye pwason fèt nan dlo li pa sale,Ou ka chanje Fason viv ou....menm si li deranje anpil moun,men ou dwe sove Vi Jns ou,Anpil moun pran pretèks ke jns se yon laj foli,lap jui li,pou demen li pa regrèt.
🤷🏽‍♂Men yo pa sonje ti paròl ki di *Pa Plen vant ou ak Vye Bwason sa yo,pou lè diven an pare pou ka bwè*
👉🏽 Ou dwe diferan nan Vye bagay sa yo,ou dwe se yon moun pou moun pran Egzanp de ou,pou yo aprann de ou....Gen Zanmi pou fè,ki pou edew fè Rout la,Konsa Wap kòmanse Dekouvri yon lòt moun.

_Demen si Dieu veu,map antre nan sijè a,Mpanse ou ka ale reflechi an atandan,pou ka kòmanse devlope konesans ou,e pare kesyon kite pou mwen,Dakò Durand??_

Durand::Wi mèsi Mr Chrisnor.

*_Chrisnor ale,Durand antre._*

_A suivre_👉🏽

إرسال تعليق