Posts

Mr Le Paon Biyografi.

Jerry &  Eva 2.
Yon Feyton Ki Pale de Vim & De anpil lòt bagay ki ap Pase nan sosyete a,Kay moun ki gen Mwayen yo,e kay moun ki Pòv yo.
Jerry Se yon Jeune Talan,ki abite kafou,Ki pote Non Mr Le Paon,Li fèt 16 Fév 1997 a Delmas,Jerry fè Primè li kafou nan 2 Kolèj,youn rele *Juvenat College Sacrée Coeur* lòt la rele *Cours Justin lhérisson* Li fè segondè li nan Yon lise ak yon Kolèj youn rele *Lycée Henri Christophe* *College Severin Maxo*
Manman Li rele *Polene Altidor* yon komèsant Moun Okay,Port Salut....Papa li rele Chrisnor PIERRE moun Ansavo-titou denip.
Jerry gen 3 Sè 2 Frè,Se Marie Nirva & Rame-Suze,Jeff,Franchesco & Franchesca.
An 2015 apre Jerry fin Konnen premye Ripti li nan lanmou,Li te fè premye Imaj li kote li ap Kriye


Byen Avan Jerry se te yon Atis Pent,Ki te konnPlizyè lòt Imaj,menm Jan ak Imaj sa
Men apre Jerry Deside Pase strès yo pa yon Sipèb ide...Nan lannuit Lane 2016 apre yon programasyon Yon Team kreye pa Jerry ki rele *Pa Gen Moyen Studio* ki kreye an 2015,Ki se yon Group atis,Jerry te youn ladan yo,ki te konn slam....Ansanm ak Fameux ki vin moute yon Nouvo group Slam ki titre *LPL👉Les Poetes Libre* Jerry te youn nan Slameur sa yo...Ladan Te gen Ethnel-Big G Nel..Isaac..Durand & Shade.
Programasyon te fin fèt,Soti 2016 antre 2017 14 Fév,Kote Jerry pral Pèfome Ak Group la pou premye Fwa nan Yon Lekòl ki rele *Communauté Des Frères*  
Apre li vin kreye Paj li an nan Demen Si Dieu veu 15 Fév 2017,Byen avan Jerry te deja Pibliye Yon premye fehton ki rele *Ti Roseline* ki te fè Pa mal de siksè,Apre Paj la fin kreye,Jerry beni paj la ak Yon Feyton ki rele 
*Sil Renmen Lap tounen*


 Se te yon tit ki trè Profon,E santimantal,Feyton an te pale de ripti ak lanmou antre De moun,Sil renmen lap tounen te fè siskè parapò ak Kòmantè Fanatik yo,Sil renmen lap tounen te fini nan 37 Epizòd.
Men se pa fini,Jerry pat Chwazi rete kanpe Malgre Feyton Sa te fini,Men JERRY te santi yon Lòt efè lakay li,E an Avril Jerry vini ak yon Nouvo tit ki se.
*Revanj*


Youn nan Feyton
Ki fè anpil siksè,Men Ki pat vrèman Pote yon Konsèy Vre,men ki te gen yon leson ladan ki vrèman tris e touchan,Men Pi devan Jerry pa kanpe nan menm mwa Me kote Revanj Pral pran Fen an,Jerry Pibliye youn nan feyton ki elaji Sou rezo sosyal yo kote jerry pral Pase a 2000 Like sou paj li an se ak Feyton ki rele.
*Dans Une Autre Vie 1*



Ki se youn nan feyton ko deja make listwa Jerry ak yon Kantite Fan,ak yo. Kantite Kòmantè sou rezo yo,Men sa pat anpeche Jerry kanpe toujou,Malgre dout,Mepri,Jerry te toujou solid,Sou 46eme Epizòd Dans Une Autre Vie a,Se te Master H,Di aAssony ki vin ap banm Produit poum ka toujou pataje feyton an,Paske Jou ki te 1 Nov 2017 la,Telefòn mwen te vin Pèdi,Men Jerry pat Dekouraje,li te toujou ap travay piti piti,Jis li vin klotire Dans Une Autre Vie nan Epizòd 50,Li te fè Anpil Siksè.
Apre Yon Nonb de tan Jerry vin kanpe,Li ap pataje feyton lòt Jèn Ekriven,E ede Ekriven parèy li yo avanse,Tankou  Clivens Cley & Angelie la Romantique ak Isaac ak Mr Moa,Ede yo fè moun rekonèt yo,Pataje Feyton pou yo,e menm siyen ansanm ak Pa Gen Moyen Studio.
Jerry te vin Pataje yon Bèl Emisyon li te konn fè ki rele.
Mode De Vie.
Ki te konn gen Anpil Bèl Konsèy ladan,Ki te fè anpil Fanatik ak Anpil Temwanyaj.
Tankou.
Men sa pat anpeche Jerry travay.
Nov 2017 Jerry soti yon nouvo tit ki rele.

La Nuit.


Se yon Feyton Orò,Ki fè Moun Pè,Feyton sa te fè Siksè toujou,men byen avan Feyton sa Jerry te vann li nan Group VIP,kote moun abone ak 100 goud,Te gen 10 Moun nan VIP,Kanmenm se te yon Bèl Egzanp Pou Jerry.
Pandan La Nuit tap Pataje Jerry te vin Fè Fanatik li yo dekouvri nouvo tit li ki tap Soti 20 Janv 2018 ki Rele

Jerry & Eva.


Se youn Nan feyton Ki Make Vi Jerry anpil,E ki fè yon Gran Siksè,Ki Pataje nan Prèske tout group Whatsapp,Ki Fè anpil Nouvo Fan,e ki promot Paj la Rive a 5000 Moun,Jerry toujou ap travay.....Tou Suit apre Jerry eva li anonse.

Dans Une Autre Vie 2.


Ki fè yon enòm siksè,Feyton sa pale de Ripti osi,Men se yon enspirasyon profon de Jerry e pèsonèl....Apre Feyton sa Jerry anonse PlayList li pou 2019 la ki ap Vini an ki rele *1997 Playlist*
1997 la se ane Jerry fèt la,li deside rele Playlist li a konsa..... 1997 la Senbolize ane Jerry fèt la,E sou PlayList la ap gen 7 Feyton.


La Serveuse
Jerry & Eva2
Revanj 2
Justice
Duav3
Mon Retour
Koray.
Apre Playlist La Jerry te anonse ak kèlke Fans whatsapp ke li gen pou kite Mouvman Feyton an,Selon enfòmasyon li bay,li di pou li fè Manman li plezi ak Futur madanm li.
Se la Nou kitew Rès Enfo yo ap Vini,Selon Jerry.
Mèsi.



Post a Comment