Posts

Jerry & Eva 2 Epizòd 7

*_Jerry & Eva2_*
_Epizòd 7_

*_Pa Gen Moyen Studio_*💎
*_Clean Face_*🍓
*_OMJ_*💞
*_ACC_*🌼
*_Team Gentille_*💞
*_Solo Picture_*🍻
*_Platalie Block_*☺
*_Le Rêve_*🍃
*_VBH_*🎙
🍃🍂🍁🌿☘🍀🎍🎋
_Like paj la se gro enpòtans,ou like paj la ou ede lòt moun jwenn menm sa wap jwenn nan,Fè sa depi Jodi a pou ede lòt Jèn Jwenn mesaj sa yo osi._
❤🧡💛💚💙💜🖤
👉🏽 *Like* https://m.facebook.com/Jerrylepaon/
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*Konsèy* _Pa dekouraje,Saw konn fè a pou kenbe,lavi a gen prim lap baw_
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓

*_Se Patiiiiiiiiiii_*🍓

*_Ethnel rale telefòn li,li ekri Tatas._*

Ethnel::Bro kotew ye la,Jerry ap byen jwe wi.

Tatas::O Wi,misye saj man se rezon ki fè tout moun apresyel wi.

Ethnel::E sa mwen wè Wi,misye ap chanpyon wi baz,ou a dim mte diw sa,e la ou ye wap wè.

Tatas::Nou ap tann freo,an pasan pita fòm ta fè yon ti fanm nan bar la wi,mwen pa ka rete ankò non freo.

Ethnel:: Degaje ou bro,femèl yo e pou nou yo ye wi,sof ke pran prekosyon.

Tatas::Kijan sa bro??

Ethnel::Pa bliye tout timoun sa yo se afè bon yo ye,si ou fè tenten se ou ki ap wèl wi,si ou pap fè yon bagay serye mwen pa konseyew bro.

Tatas::Mèsi bro,na pale man

*_Peter nan douch li ap benyen,youn nan sèvant li yo ap prepare bagay pou li,apre li fin benyen...li ale manje._*

Shimide::Freo yon lòt fwa ankò ou pral sou sèn,mwen espere ou Chanpyon .

Peter::Sa yo se ti prim mwen yo ye,pa enkyetew.

Shimide::Mwen tande anpil timoun ap doute de chanpyonw ame sa wi,ak nouvo a ki vini an.

Peter::Mwen tande sa tou wi,men moun yo pèdi kontròl yo,yon senp kouplè yap konpare yom chen ak yon lyon,ou pa wè moun yo pèdi tèt yo??

Shimide::Men yon Chem vivan pi mechan ke yon lyon ki mouri wi freo...Antouka piblik ou ap toujou renmen ou.

Peter::E sa li ye wi.

*_Peter kontinye manje,Jerry kouche...Mirlène pote manje pou li,Gaël pa janm soti._*

Eva::Manmi,mwen gen yon ide wi,èske wap ede mwen ansanm ak li.?

Evelyne::Mezanmi Cherie,e pitit mwen ou ye wi.

Eva::Ok manmi,avan ...Kilè papam diw li ap antre ayiti??

Evelyne::Wii,li di lap antre an oktòb si Dieu veu cherie,poukisa ou mandem sa.

Eva::Demen si Dieu veu map moute nan lekòl la manmi,mwen pral mande nimero madam Jasmine nan,konsa map antre an kontak a Jerry,saw panse manmi??

Evelyne::Waw,jolie ide cherie,bon telefòn ou an gen problèm cherie,an ok yap banm youn lundi si Dieu veu map ba ou li.

Eva::Wii manmi

*_Tòk-Tòk_*

Evelyne::Wi se kiyès??

Johane::Johane Eva?

Eva::Eskizem man,map vini

Evelyne::Waw,Eva byen renmen Jerry wi,li panse pou li jwenn li,yon bon tifi mwen genyen,sof ke mwen ta renmen li sensè,Map ba li yon ti libète pou li defann li,lanmou pa sèlman pou granmoun,Se dwam poum lese Eva grandi Jan li panse....Map jis la poum oryantel....fòk mwen ta fè yon ti leson ak eva wi,poum ta ba li yon ti limyè sou kesyon lanmou li an.
Banm ale fè yon ti kouche Michel pa la,mwen pa nan al nan Kizin suivi suivi.

*_Evelyne ale kouche,Eva antre ak Johane  nan Chanm  li an,yo al pale_*

Eva::Jo,mwen tounen sou dosye Jerry a wi b

Johane::Kòman sa??

Eva::Map fê yon Fason poum antre an kontak ansanm ak li,poum ka kenbe tèm nan cherie,mwen jwenn moun ap kouze avèm,mwen pa entèrese,malgre mwen pa gen nouvèl Jerry men kèm toujou banm espwa ke mwen ap jwenn li yon jou,kapab se pa mwa sa,men se youn nan mwa yo kanmenm Jo.

Johane::Mwen konprann ou Eva,mwen santi sa ki ap degaje nan kèw la bb,e BonDieu ap metew an kontak ak Jerry Eva,men mwen gen yon kesyon pou ou Eva,èske ou renmen Jerry vre??
Èske nan ou menm ou prè pou asepte defo Jerry yo,e viv avèl nòmalman??

Eva::Wi Johane,mwen kwè,e mwen kwè kem renmen li,mwen pa tap janm ap meprize moun pou li konsa bb,malgre distans lan,ou wèm toujou bay tout mwen menm,mwen renmen li,depi avan mwen dekouvri Jerry gen talan sa,mte gentan renmen li tròp.

Johane::Ok eva,mwen ta swete nou pa lache.

Eva::Non banm di ou sa mwen pral fè a,mwen pral nan lekòl la,mwen pral mande nimero moun ki ansanm avèl epi pou mwen an kontak a Jerry,konsa ma fèl damoum kote li ye a,ou konprann Johane.

Johane::Wi Eva,mwen swete ou reyisi Eva.

Eva::Mèsi amour

Johane::Mwen toujou ap di ou sa,ou pa janm vin lakay la,se mwen ki toujou ap vin lakay ou hmmm

Eva::Oups,demen si Dieu veu sdi,map vin bwè yon byè avèw cherie.

Johane::Mpa ka bwè byè non Eva,map sou,mwen gen yon Chanpay ki byen fre nan frijidè lakay la la,nou ap bwè li pito.

Eva::Oh yes,nap tou fè yon ti fèt week end,map achte yon ti gato nan delimat la,nap byen pase ansanm.

Johane::oh Yeah

Eva::Map soti nan lekòl la,map tou vin kotew la ande

Johane::Map byen ranje anndan poum resevwaw,lapli ka tonbe wi Eba se ap premye fwa wi.

Eva::Rire ann ale non,banm al kondiw b

*_Medam yo soti_*

Johane::An nou moute nan dikini a,apre nou ap desan nap achte pòpkòn epi nap fê ti Flannen solêy la pa cho,saw panse??
Se yon meyè terapi Wi Eva.

Eva::Yess,ann ale non,mwen santi kêm kontan,Machann vann mwen 2 pòpkòn
-Mèsi.

Johane::Se ide a ki fè ou kontan konsa wi,ou wèw gentan ak Jerry.

Eva::Loll Kòmsi Ou te konnen.

Johane::Ou gen rezonw pou damou Jerry konsa wi,li vrèman bo,e anplis li ede ou,e kòman fè ou damou yon moun ki ap fè pi piti klas ke ou,e sitou se yon gason li ye ankò?

Eva::Ebyen Jo,j'pense que c'est l'amour.
Paske mpa wè nan novo entèlektyèl li,mwen wè nan konpreyansyon li petèt li ka fè yon bon mari.

Johane::Vrèman?? ou konnen lè moun nan pa avanse entèlektyèlman se yon problèm Eva?

Eva::Wi mwen konnen men  gen yon bagay ou bliye Jo,depi moun nan renmenw e ou renmen moun nan,nap viv pi byen.
E pap gem nivo,depi nou youn renmen lòt nap vin egal.

Johane::Egal??

Eva::Wi Jo,pap gem gro kè,pap gen rayisman,lap mete nou nan menm nivo,e ou renmenm ki renmen lòt la,wap gen plis anvi ede li,e aprann li de sa ou te aprann yo,paske ou renmen li.
Se rezon ki fè lèou briye pase yon lòt,ou pa dwe elwanye li,ou dwe toujou rete pre li,pou klere kote li ap mete pye li Johane,gen yon paròl Ki di *Lèw gen mwayen pase yon lòt,ou pa moute yon gro kloti,men pito ou bati yon tab ki pi long*

Johane::Verite Eva,ou kiltive anpil wi Eva,mpat diw sa pou dekourajew non bb,ou konprann mwen Eva.??

Eva::Mwen konnen ou pap dekourajem Cherie.

Johane::Ou pa wè pa'm nan prèske fini Eva.

Eva::Loll,ann desann tande

*_Medam yo kase tèt tounen._*
_Nan lè 5h,Tatas pase pran Yousty yo ale Kay Jerry a,Ethnel ale tou._

Tatas::Yow Jerry

Jerry::Ye,mwen la wi,ou mèt pouse pòt la wi

Ethnel::Sak gen la,e ou nou pase pran la wi,ou gengan Benyen?

Jerry::Wi,e nou mwen tap tann wi.

Tatas::Yèsayyy,nou klere wi ti mesye.

Jerry::Lol,avan dim kijan nou ap kòmanse,konnen mwen nouvo

Ethnel::Nap fè kòmand té pou nou bwè,apre lè nou prèske fini,nap kòmanse jwe gita,gita ap jwe epi wap komanse chante

Jerry::Pa mal

Tatas::Ou pap timid freo,si ou ale timid wap fè nou mal pase wi,nou pap gem Fan yo non.

Jerry::Fèm konfyans Mesye.

Ethnel::Ok,ann ale Yousty

*_Tou le 4 mesye yo ale byen fre,yo ap desann gen lòt jeune ki chita,yap gade nèg yo ki ap pase,youn pa retire paròl nan bouch lòt,yo vin ap pase bò kay Martine nan,apèn medam yo ap soti,yo gen yon lòt demwazèl avèk yo ki rele Sayou._*

Gaël::Oh My God,gade ti mesye yo,gad Jerry,yo sanble pral fè mizik sou plas la.

Martine::Oh mon Dieu,si se ta vre,nou pa pral nan bar la ankò,nou ap fè yon ti tan pou nou wè.

Rosie::E sa pou nou fè Wi,apre si e pa la yo prale,nou pral regle zafè nou.

Gaël::Epou Jerry mwen ta prale wi mwen

Martine::Ni mwen wi,oups,yo antre nan bar la ui timoun.

Rosie::E la nou ta prale,ann tou ale.

*_Nèg yo antre,Chans pou yo,yo pa tap pase mizik anndan,nèg yo chwazi tab devan,yo chita yo fè kòmand 4 té epi yo ap pale antre yo._*
_Gen yon dam nan vilaj la ki rele Remond ki ap bwè Chokola anndan,dam sa fè pati de moun ki gen kòb nan vilaj la...Tony ak Voltaire anndan,yo bare figi yo ak yon Jounal,pou Jerry pa wè yo,Remond Chita ak Pitit li lap bwè,yap pale antre yo,medam yo vin antre,yo wè ti mesye yo._

Sayou::Ann ale chita pre yo a pito.

Martine::Kibòm ta prale ankò ou menm.

*_Medam yo chita,gen lòt Jeune ki chita anndan,nèg yo kòmanse bwè yap pale antre yo._*

Ethnel::Gen anpil moun wi Mesye,mpat atann ak sa non.

Tatas::Nou pap bay vag non,jerry ou konnen Mizik lan nèt??

Jerry::Wi bon e mwen ki ekril

Tatas::Wap Kapab lage sou nenpòt son Gita Bro??

Jerry::Wii

Tatas::Ebyen Yousty ba yo kòd la non

Yousty::Ok ou prè Jerry??

Jerry::Ui kòmanse jwe epi map pran son an,lèm rive nan refren an,lèm fin chantel,nap fè koral la tande mesye,byen bèl

*_Yousty pase dwèt <<Dring🎶,ting🎵toung🎶ton🎶tin._*

*Gita::* *🎶Ding ding doun🎶toudoub toudoudou,🎵didip ti didip*🎶🎶🎶🎶🎶 *Bis2*

Jerry:: _🎶Ho ouuuu ouuuuu ooo,ouuuouuu_ *_Bis2_*
*_Jerry Le Paon_*🎶

🎶 *_Talan pam,Talan pam pi gro don BonDieu ban mwen._*

🎶 _Menm si wèl poko eklate,ou mèt konnen lap boujounen_

*_🎶Mwen pa diw pa Jijem,men sèlman pa jije don mwen,e si ou ta vle aprann vini ak koton pou tanponnen_*

_🎶Tou piti ak yon gita galon mte kòmanse,genyen ki konn di piti sa pa janm pap ranse._

*_🎶Sa pat fèm Crazy,tipa tipa poum avanse,e sa fèm olezi kounya mizik mwen fè moun danse_*

_🎶Kounya mwen vin konprann lavi pap diw frèm_
_E wap toujou jwenn moun blow nan tout sistèm_

*_🎶Ou mèt kwèm sa se paròl ki soti anndan kèm_*
*_Lap difisil pou jwenn 2 talan idem_*

_🎶Li toujou parèt danje chak pou ta vanse,siw pa konn kotew prale kritik te ka fèw pa rive_

*_🎶Yon sèl bagay frèm,trò prese pa janm fè Jou louvri,ni mwen pa diw frèm ret kouche tann moun kap vin ouvril......lets Go_*🎶🎶🎶🎶🎶🎶

*Tatas-Ethnel*🎙

🎶🎶🎶 *Réf*🎶🎶🎶

🎶 *_Piga ou dekouraje,saw konn fè a pou kenbe,epi jis pèsevere,lavi a gen yon prim lap baw_*

*Bis* (2)

🎶🎶🎵🎶🎵🎶🎵🎵🎶🎵🎶
*_Gita ap tonbe_*
_Medam yo ap aplodi ...Klap Klap🎶🎶🎶_

Jerry::Chante avèm medam

🎶 _Piga nou dekouraje,san konn fè a poun kenbe epi jis pèsevere,lavi gen prim lap bay_
*Chante*🎵

Martine-Sayou-Rosie-Gaël:: 🎶 _Piga nou dekouraje,san konn fè a poun kenbe,epi jis pèsevere lavi a gen prim lap bay_🎶

Jerry::Ouuuu Lavi gen prim lap baw ouuuuu eyiiiiii🎶🎶🎶🎶

*Mèsi*

_Tout moun bat men yo_👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽

Rosie::Felisitasyon mesye nou fòmidab,se waw😘😘

Tatas-Yousty-Ethnel-Jerry::Mèsi Cherie

*_Remond leve bò tab la,li vin felisite nèg yo,li bay group la yon anvlòp._*
_Tout moun bat men_
*_Jerry prezante group la_

Jerry::Mespere nou avèm nan konkou an,Mèsi.

Rosie::Mwen deja avèw mi amor

Martine::Oufff mwen love nou mesyem yo.

Jerry::Sa se Yousty gitaris,Ethnel ak Tatas koral group la,epi Jerry le paon chantè a.

Medam::Bravo Bravo

*_Apre yon tan nèg yo ale,Jerry antre lakay li tpu kontan,li lage kò li sou kabann,jis dòmi pran li._*

*A suivre*
_🎶🎙👏🏽Mizik Life_
*_Pa Gen Moyen Studio_*
_VBH_🎶

Post a Comment