*_Jerry & Eva2_*
_Epizòd 6_
*_Pa Gen Moyen Studio_*💎
*_Clean Face_*🍓
*_OMJ_*💞
*_ACC_*🌼
*_Team Gentille_*💞
*_Solo Picture_*🍻
*_Platalie Block_*☺
*_Le Rêve_*🍃
*_VBH_*🎙
🍃🍂🍁🌿☘🍀🎍🎋
_Like paj la se gro enpòtans,ou like paj la ou ede lòt moun jwenn menm sa wap jwenn nan,Fè sa depi Jodi a pou ede lòt Jèn Jwenn mesaj sa yo osi._
❤🧡💛💚💙💜🖤
👉🏽 *Like* https://m.facebook.com/Jerrylepaon/
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*Konsèy* _Pa lese ou gide pa sa zanmi ap di ou pou fè,ou se chofè tèt ou,Pa kite moun fè ou doute de kwayans ou,jis pasyan e medite sou sa ou bezwen an_
🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓🍓
*_Se Patiiiiiiiiiii_*🍓
*_Li fin apre midi,Tatas kouche sou kabann li,li ap ekri ak Ethnel._*
Tatas::Frè,Jan mwen wè a Jwrry yon jan timid wi freo
èske ou panse nou ap rive nan ½ final?
Ethnel::Pa di sa bro,kapab se fason nèg la wi freo,ou konnen li poko gen Fanatik,nou prale fè yon bagay pou Misye,nou ap kòmanse demen si Dieu vle.
Tatas::Esplike mwen sa nou pral fè a?
Ethnel::Nou prale kote ti patnè ki rele Beji a,misye gen anpil zanmi nan vilaj la,nou ap fè yon ekip ak nou 4 la,Jerry ap atis la,nou menm nou ap tankou Menager,epi chak apre midi nou ap fè ti rekre antre nou,nan moun ki ap rasanble yo ap tou rekonèt Jerry.
Tatas::Trè bèl ide wi bro,Mwen prale fè ti dòmi wi,mwen ap leve pou mwen jwe play station a 11h Pm.
Ethnel::E 8h Pm li ye wi freo
Tatas::Wi,male freo.
*_Jerryak telefòn li nan men li devan tab la_*
Jerry::Pou mwen ak yon telefòn nan men mwen,sèl Imaj mwen ap gade,Roooo Sophie.
*_Jerry leve li pran yon flach li ale dèyè Nimero a,lè li rive li jwenn li,li tounen nan chanm li._*
_Li moute sou kabann li,li ekri premye mesaj li._
Jerry::Bonswa,dezole pou lè a,Bonne Nuit.
*_30 minit apre sophie wè Sms la,li rele sou nimero a,Jerry te gentan ap kabicha,li pantan._*
Jerry::Alo
Sophie::Se kiyès sivouplè?
Jerry::Jerry
Sophie::Ou fè kèm sote wi Jay,gen sms an nou ekri pito.
Jerry::Dakò
*_Apèl la koupe_*
Sophie::Jay,kote ou jwenn telefòn,nan lè sa?
Jerry::Gras a ou ki fè mwen jwenn youn,mwen ta renmen ou toujou la nan chans mwen Sophie.
Sophie::Esplike mwen.
Jerry::Ou fin ban mwen nimero a,moun ki responsab mwen an voye sa pou mwen,li dim demen epoutan telefòn nan te deja la Wi.
Sophie::Men sa fè yon semèn,poukisa ou pat janm rele mwen.
Jerry::Jodi a wi,lide mwen tonbe sou ou,epi a 8h PM mwen leve ale chèche nimero a,malgre sa li manke yon chif,mwen ekri de 0 a 9,epi se ou ki rele mwen,se rezon ki fè mwen di ou fòk ou toujou la nan chans mwen yo.
Sophie::Ou pa pè Jerry??
Jerry::Pè non☺
Sophie::Mwen te di ou mwen gen mennaj wi,kounye a ou vle pou mwen toujou la pou ou.
Jerry::Men non ou pa bezaen mennaj mwen,wap jis yon zanmi tou senp,yon zanmi fidèl,menm si ou pap kapab,wap la pou mwen pou yon zanmi,se senp.
Sophie::Hmmm ok,mwen konprann,Pale mwen enpe de ou.
Jerry::Mwen panse se difisil pou mwen,mye vo ou aprann panda nou ap pase moman yo nan vilaj la,se ap mye,ou konprann mwen Sophie?
Sophie::Jay stp,dim enpe stp?
Jerry::Ok Sophie,mwen se yon òfelen ,men se gras a talanm ki fè mwen nan lakou isi a,rès yo wa konnen yo nan rès tan.
Sophie::Ou fè mwen tris Wi Jay,ou sèl o mond Jay....ouffff.
Jerry::Se rezon ki fè mwen pa vle di ou,mwen pa vle ou tris,dezole.
Sophie::Ki klas ou pral fè Jay??
Jerry::Mwen prale fè 8eme ane,bonne nuit,dòmi nan je mwen.
Sophie::Pataje bb,avan ou ale,stp mwen ka vini wè ou lakay ou?? di mwen wi stp.
Jerry::Pa gen problèm,babay
*_Jerry fèmen telefòn nan li ale dòmi_*
Sophie::Ti gason an enpresyone mwen,fòk mwen konnen plis de li,timoun sa yo gen talan e yo gen vizyon._
_Apre Sophie ale dòmi_
*_Nan demen maten Voltaire soti afich yo,e kole chak patisipan yo nan mi nan lakou a._*
_Pandan Gaël ak Martine ap kouri sou lakou a,yo wè youn nan afich yo._
Gaël::Ooo Waw Jay nan konkou an😍😍,Tigason sa se li ki te chante jou swa wi,ou pa sonje??
Martine::Ou te gentan pran vizaj li ou menm??
Gaël::Epa bò lakay mwen li rete,e pa zanmi mwen li ye.
Martine::Se sa,se Peter ki mèt Konkou sa,kounya gen yon nouvo,mwen pa konnen kijan sa ap ye.
Gaël::Jam ti gason sa te byen lage sa,hmm.
*_Menm moman Anguela ak tout zanmi li,Yolmy parèt._*
Anguela::Oups,Jerryle Paon,yon nouvo patisipan,sa pa ka rete Peter.
Yolmy::Peter avi wi,chanpyon toutan.
Martine::An nou ale Gaël,mwen pa ka wè timoun sa yo.
Si wèJan yo ap fè chen nan pye peter,pandan li pa menm okipe yo menm.
Gaël::Ben kite yo,Peter ap jis kouche yo,mwen konnen Peter gen mennaj li.
Rosie::Salut Medam
Martine::Salut Rose,ou pa wè ti gason mwen te ap di ou a,men li nan afich la?
Rosie::Se sa mwen ale pou mwen di ou la,yon atis li ye??
Gaël::Menm nou menm nou pa konnen,se wè nou wè li.
Rosie::Kanmenm li se yon atis,si li pa te atis li pa tap la.
Gaël::E sa mwen panse tou,ebgen nou ap tou sipòte li,nou potko gen Atis,nou 3 bèl medam ap sipòtel,yon joli atis konsa,se super medam,e pa vre??
Martine::Wiii,gen lontan nou pa ale pran yon soupe nan bar ki anba wi bò kay Emeline nan wi,sa nou panse si nou ale apre midi an?
Gaël::Mwen pa gen kòb,manman mwen poko Fè transfè pou mwen non
Martine::Pa gem problèm,mwen ap peye pou ou
Aswè a nap kòmanse Fete selebrasyon nouvo atis nou an.
Rosie::Android mwen gen problèm,mwen pap ka fè foto ansanm avèl,mwen ap mal alèz.
Martine::Nou ap fè li sou pa nou an,nou ap voye li pou ou,nou ap fè yon group fan,nou tande medam.
Gaël::Ann ale lakay nou tande,menm Kabann mwen poko ranje.
*_Medam yo ale_*
_Tatas ak Ethnel ale kay Jerry a._
Tatas::Piga misye di nou anmède li non.
Ethnel::Nèg la entèrese wi,nou ap kòmanse fè misye fè hit jodi a,ou konnen Yousty gen yon gita,nou prale nan Bar la a misye,nou prale ak Yousty pou misye bay yon prezantasyon anba,epi nou ap kanse fè fanatik,konnen gen anpil bèl timoun anba,mwen panse yo ap apresye sa,e se premye fwa sa ap fèt nan bar la,e mwen garanti ou,nou ap gen anpil moun ki apresye sa
Tatas::Ebyen an nou rive kote misye non
*_Nèg yo rive kay Jerry a,yo frape Jerry ouvri pou yo,nèg yo antre,yo chita sou kabann nan,yo ap pale,Jerry chita sou chèz li ap tande nèg yo ki ap pale,yon lòt moman telefòn Jerry sone,Sohie rele li._
Jerry::Mesye eskize mwen wi,yon apèl,se enpòtan.
Tatas::degajew non bro.
Jerry::Alo
Sophie::Alo,bonjou ou byen??
Jerry::Wi e ou menm?
Sophie::Trè byen Wi,mwem deja nan rout ki ale sou zòn kote ou te di mwen an wi,ou ka vini chèche mwen wi.
Jerry::Ban mwen 10 Minit svp.
Sophie::Dakò,mwen ap tann ou prèske menm konte premye fwa.
Jerry::Dakò.
-Mr dezole,mwen gen yon moun ki ap vini la li rele Sophie,mwen panse nou rekonèt li pa vre??
Tatas::Sophie mennaj Peter a ui Ethnel,hmm pran prekosyon bro.
Jerry::Non pa okipe ou,se zanmi mwen bro
Tatas::Ok,ebyen nou prale wi freo,randevou pou 6h nan bar,vini tann nou kote ou te wè nou premye fwa bro.
Jerry::ok freo,pita...
*_Nèg yo ale,Jerry re ranje kabann nan,apre li ale chèche Sophie,li rive,li jwenn sophie byen bèl chita anba pye bwa._*
Jerry::Bonjou Sophie
Sophie::Jay,anbrasem pito,ou pa galan Toi😃
Jerry::Dezole...
Sophie::An nou ale non,li lwen toujou.
Jerry::non,se li wap gade la ui
Sophie::Ok,ann ale...Ou mache trò vit oo Jay.
Jerry::Dezole.
Sophie::Wap fè tout tan ap di mwen dezole pa vre??
Jerry::Non.
*_Yo ale,lè yo rive Jerry ouvri pòt la,yo antre._*
Sophie::Waaw se Jolie,ou menm ki dekore la konsa??
Jerry::Wii
Sophie::Mwen ka gade Jay?
Jerry::Wiii
Sophie::Ou ekri bèl wi,sa se yon tèks??
Jerry::Wii
Sophie::Mwen ka li'l??
Jerry::Avèk Plezi.
Sophie::Hmmm banm li.
_★Cherie si ou te la ou tap itil mwen_
_★Petèt sa te ka pi mal,men avèk ou,mwen tap toujou gade souri mwen_
_★Abasans ou nan vi mwen fèm pa ka enspire._
_★Malgre anpil ane pase,nan vi mwen ou pap janm espire._
-
-O waw,ou gen yon Mennaj Jay??
Jerry::Wi,men li pa pre mwen.
Sophie::Mwen santi sa,se pou li wap pale nan tèks sa?
Jerry::Non,mwen Ap pale de manman mwen.
Sophie::Ou sur Jay,e pa abite ou vin abite la?
Jerry::BonDieu sèlman ki konnen.
Sophie::E mennaj la sa wap fè avèl
Jerry::Li ap tann mwen,paskem renmen li anpil,e li renmenm anpil tou.
Sophie::Ou kwè ke li renmen ou vre Jay,ou panse lap rete tann ou san ke li pa konnen si wap wèl.
Lajan labank rete lajan Labank wi Jay,se sa ki nan menw lan ki konte wi.
Jerry::Men lajan labank lan se pou ou li ye.
Sophie::Wi,men si ou gen problèm,imedyaan se ak sa ki nan menw lan wap sèvi wi Jay,ou gem foto li??
Jerry::Wii
Sophie::Ou ka ban mwen wè li,si sa pap deranje ou??
Jerry::Talè,banm pran albòm nan baw wè,wap wè kote mwen chanpyon avèk li nan yon konkou tèks.
Sophie::Vrèman,ou se yon chanpyon Jay??
Jerry::Wi
Sophie::Waw,se vrèman bèl sa,se a felisite,se mennaj ou a sa?
Jerry::Wiii
Sophie::Li vrèman bèl,ou panse bèl tifi sa ap tann ou pou tounen nan vi li Jay,,menm si li ta tann ou,konnen li ap tronpew kanmenm.
Jerry::Evre,se mwnm jan avèw,sim te ansanm avèw ou tap fèm sa tou?
Sophie::Non Tout fi pa menm Jay
Jerry::Ben li pa jan ou panse li a.
Sophie::Depi ou di mwen Jay,wap toujou zanmim Jay,se yon plezi poum zanmiw Jay,pa refizem Jay.
Jerry::Mpap refizew nou tout se mounzpa gen rezon poum pa zanmiw Sophie.
Sophie::Ok kilè wap fè ti flannen avèm Jay.?
Jerry::Mpa konnen Vilaj la petèt ou menm mwen te ka di.
Sophie::Ok,nou ap pran yon randevou pou nou pran yon chokola nan bar lan samdi Jay.
Jerry::Ok
Sophie::Bizou Jay,mprale wi,ou pa bezwen ale kondim dakò.
Jerry::Hmm ok.
*_Sophie ale,Jerry rete Anndan._*
*_A suivre_*💎
😃 _Mèsi_
Articles