المشاركات

Une Vie de Torture Epizòd 3


🌹🌹 *Une vie de torture* 🌹🌹
*Feuilleton écrit par*: *Zephirin Daiana* dit Lady
corriger par: *Wender*
            *Épisode 3*
*Rose te fenk vini ak sèvant lan pu Ritcha se moment Hasla menaj Max tap antre*
*Hasla*: Max pala??
*Ritcha*:bonjou svp mwen ka wè Max!!🤨
*Hasla*:ah Bonjou bonjou
*Chak jou se konsa Hasla pap di bonjou Ritcha pat ka supòtel men Kòm se menaj bò frèl li dakò a ti kapris li yo*
*Jay ap proche bò kote Berline tou drôle*
*Jay*: bonjou mwen ka wè Lady svp
*Berline*: bonjou me li ap gadew anfas la wi jeune homme
*Jay te yon ti jan etone pask d'apre li,munn li te pran tel la nan menl lan se li menn ki Lady e ki met tel la,men kòm Berline pat bal tro bon jan li pat ensiste*
*Lady*: se mwen! Bonjou
*Jay*: telefòn sa se pou ou ??
*Lady*: bonjou
*Jay*: wi bonjou
*Lady*: wi se pou mwen
*Max gade li wè Lady li kite Tchovy nan machine nan sanl pa okupel menn li kouri vini*
*Max*: bonjou deyès
*Lady*: Bonjou Max
*Jay*:Oh nou renkontre déjà
*Max*: ou pa pansem tap manke yon bagay sim pat janm wè soley
*Jay*; demwazel
*Lady*:(koupe parol la) se Lady
*Jay*: dakò eskuzem alò me tel la wi,map deplase men mw vle diw mwen menn ak jenòm sa se frè men de mun diferan
*Lady*:oh 😃 pukisaw disa ou pa fyè de li
*Jay*; wi menm knn sam diw la
*Bienca te chita deyè kay la paskl te fini Berline paret su li*
*Berline*: ou te fini pase bale a?😠
*Bienca*: wi man,mw te fini wi
*Berline*: bale a se mw ki pwal retirel devan kay la?? Epiw wè munn yo ou lève kouri
*Bienca poko vle leve ale pran bale a!! Ritcha menm tap pale ak nouvo enfirmyè a*
*Ritcha*: se knmanw rele ?
*enfimyè*:Néhémie madam
*Ritcha*: OK Neyou travail la simple paskem pa konsidere mun ki la kòm domestik men kòm zanmi
*Hasla ki chita nan salon an ap tann Max ti bèt nwizib li a pikel*
*Hasla*: kote servant isi a?Rose Kati😏
*Mesdame yo*: me nou wi madam
*Ritcha*: sak pranw la medam yo okipe wi siw bezwen yon bagay ale regle afèw
*Hasla*: mwen avew gn menm dwa isi a konprann jan wap pale avem
*Ritcha*: ou pap viv isi a ew pa gen oken n dwa fè bri nan kay la knsa
*pandan Medame yo ap fè diskityn yo pask ynn pat byn ak lot!! Max menn ap koze ak Lady,, Jay vire pul kite yo epil wè Bienca kap fè vit ramasse bale a pul ale*
*Jay*: eskuzem demwazel knpe pum diw yn bagy
*Bienca*: kisaw pwal dim aprè dim kew konfime mw se yon malerez
*Jay*: eskuzem mw vreman désolé pu mo sa!? Kisam ka fè puw padonem??
*Bienca*: antre lakay epi kitem an repo
*Jay*: Siw pa Lady knmanw rele??
*Bienca*:Bienca, Lady se zanmim e merci pu tel la
*Bienca te gentan byen lwen paskl pat vle gen problèm ak manmanl,,Tchovy ap gade ni Max ni Jay a tou de ròl*
*Max*: pukisaw pat ekrim,,ou pat vreman anvi konnen
*Lady*: tel mw te nan men frew
*Max*: Lay uh epatem mw fè tut nwit hier la ap panse a uh
*Lady*: bay tande ti gason Jay te gen rezon avew
*Jhon kise papa 4 ti mesye yo tande diskutyn an telman myel desann vinn wè sak gn*
*Ritcha*: franchman se paske pa gen mun pu metew nan plas uh ki few dejenere knsa
*Hasla*: se uh kap jwe a gamin kaprisyez tu te crois tout permis
*Jhon*: yonn nan nu ka dim sa kap pase la
*Medam yo repete ansanm*:li menn
*se moment mesye yo ap antre ak Max menm ap rakonte yo projè li pu Lady*
*Max*: depi manzè gen Malè li ekrim Map fel fou pum pran sanm vle a epim kite sa,, pask ti manzè sanble dous anpil
*Devèn li Hasla tande sa lap di yo tut munn friz pask yo pè pu li,,,podyab li mnn ki pa wè Hasla li ap vide koze atè*
*Hasla*: ki fanm sa Max😠?
*Max*:😱
*Hasla*: reponn mw epi lonjem telefon nan
*Max*:mw pap pale de fanm non mon amour
*Hasla*:uh pwanm pou makak uh
*Ritcha gen yon rire kap tuyel Tchovy menm ap swiv paske se rôle prensipal li nan kay la Jhon kanpe paskel konnen Max gen ase parol pul soti nan ti sa*
*Max*: se jus de yn film mw te vle réalisé Map pale de parole neg lari yo pwal utilise pu trete medame yo
*Hasla*: Map sonjew te sispann ekri bagay sa yo
*Max*: men manmi chak fwa mw gade fotow uh enspirem pu uh mw vle retounen yn poète (ap avance su Hasla  pum bol)
*Hasla*: epiw pat janm dim sa bbm
*Max*: mwen pè puw pat pranl mal man!! pardon
*Max proche su Hasla li enbrasel tut mun te soulaje pask Hasla saw tande a se yon bombe a retardement*
*Lady ap bale l'ap souri l'ap chante,Françia ki tap swiv knprann sak pase a*
*Françia*: ou gentan renmenl nan nivo sa??
*Lady*:man😱
_A swiv_
*Relem pu felicitem,,korijem,,edem nan +50939938578*

إرسال تعليق