*Paon e Sheldine 1*
*Paon se yon jèn gason ki fèt nan yon geto, leve e grandi nan menm geto kote li fèt la.men malgre jan sa toujou ye nan geto a Paon te rive fèt tout etid li gras ak sakrifis paranl te rive fè e rive aprann yon bagay tou.saj, entèlijan, toujou la pou ede moun se tout kalite Paon gen lakay li, konsa tou li gen defo pal paske li se lòm*
*Nan menm geto a gen yon jèn fi ki rele Sheldine.Si wap chache bote kreyòl, si wap chache reprezantan bote nan zòn lan ou paka pa pranl.Pou Sheldine se menm sitiyasyon an li tap viv avèk Paon.paranl pat gen gwo mwayen, men li te bay tèt li yon bon direksyon ki se bay edikasyonl priyorite.Karesan, afektyez, sansib, fidèl ak desizyonl se tout sa Sheldine te posede*.
*2 jèn sa yo m sot prezante nou an te gen yon relasyon amoure, men sa pat janm fasil pou yo paske yo kwaze anpil difikilte sou wout yo. Sitou pou Sheldine ki pat bouke jwenn pwoblèm bò kote paranl, ki tap pousel fè chwa ke li pa vle jis pou mwayen ekonomik*.
*Paon li menm soufri anpil poul goumen ak vi a.Li toujou la bò kote Sheldine pou fèl kwè nan lanmou li gen pou li e fèl kwè si li aplike pasyans yap rive jwenn bonè a ansanm*.
*Poum evite twòp pale ann al gade kijan sa te dwoule epi jan sa te fini*.
*Yon jou manman Sheldine leve nan kòl nan kay la*.
*Manman Sheldine*:fi sa banm diw se mizè ou renmen konsa pa vre?ou se yon bèl tifi, ou jwenn pil nèg ak mwayen ap pale avèw ou pa janm ba yo bò, ou pito rete la nan Paon ki pa menm ka bay tèt li manje pandan yon jou.mwen m kòmanse bouke avèw nan kay isi a. Ou genlè bliye pwovèb ki di 2 mèg pa fri a, paske siw te sonje ou pa tap rete kole kou lakòl konsa nan dèyè tinonm ki bay pou Paon an.
*Sheldine*:wi m konnen m bèl, m konnen m chache moun ki gen mwayen kap pale avèm.men manman lèsem diw poukisa ou vle sèvi avèm tankou m te yon machandiz?nou menm paran nan fòse timoun nou fè sal pa vle fè konn rann timoun sa pase tout vil ap soufri.mwen pa dim pap soufri non,dayè se nan yon soufrans mwen ap viv avèk nou nan kay la, men m pap koute nou pou mal fè sa m pa gen volonte fè .
*Manman Sheldine*:wi ou pa pral fè sa ou pa dwe fè, paske lèw leve isi a ou jwenn yon sal bab pouw pase nan bouch ou se nòmal.mwen menm ki fè bagay ki pat janm nan volontem lan poum te edew lan mwen pa moun pou sa?
*Sheldine*:manman m pa rive jis ke la.anplis saw te viv m pa oblije viv li manman,siw te fè yon erè poukisaw vle pou pwòp pitit ou fè menm erè sa?Paon se moun mwen wè bonèm avèl la, se moun ki makonnen ansanm avèm lan poun goumen ak lavi a.e kwèm nap soufri ansanm men avèk pasyans nap rive jwenn benediksyon vi a ansanm.
*Se konsa Pandan dyalòg 2 moun yo ap dewoule tlf Sheldine sone, se Paon ki relel.
Sheldine eskize manmanl li al reponn apèl la*
*Sheldine*:papi
*Paon*!bb men ti cheriw la wi.
*Sheldine*:apa mwen tou b, sa wap ban mwen la dou?
*Paon*:kisaw vle manmi?
*Sheldine*:saw genyen bb koz ou paka banm saw pa genyen.
*Paon*:waww se sak fèm renmenw nan nivo sa bb paske ou tj konprann mwen.yon lòt fwa ankò bb map remèt ou kèm e pwomèt ou map goumen poum toujou bò kotew.je t'aime b.
*Sheldine*:mwen tou amou.b banm diw non manmanm vrèman ap banm pwoblèm nan kay la a koz de ou.li vle pousem al fè bagay ki pa nan volontem
*Paon*:bb m konnen manmanw se pa yon moun tankoum li vle pou ou, m konnen se yon moun kap woule bèl oto, yon moun ki gen gwo mwayen li vle pou ou.men bb ann pa kite anbisyon rive vit fè nou dewoute ak rèv nou yo.
*Sheldine*:wi papi m pwomèt ou sa.
*Paon*:dakò bb! M te relew paske vwaw te mankem bb.
*Sheldine*:merci papi!m kontan tandew.bye.
*2 mwa apre yon zanmi Sheldine ki rele Dieumima rankontre avèl*.
*Dieumima*:oh Sheldine kotew ye pitit ki fè m pa janm wèw konsa?
*Sheldine*:ah ou konnen pitit m la m pozem.saw fè menm de nouvo?
Dieumima*:cheri m pap bòw manti anpil bagay de bon.
*Sheldine*:dim enpe non pitit ou konnenm renmen konnen.
*Dieumima*:sa gen kèk tan pitit m te kwaze ak yon nèg e depi lè sa lavim chanje konplètman.nou marye, map viv nan yon bèl kay, nèg gen machin pal m gen machin pam pitit.bagay serye nèt.
*Sheldine*:saw dim la, bon e ti patnè a ou te genyen an saw fè avèl?
*Dieumima*:sa wap di konsa tifi sa ou pran so sou tèt?jan vi sa di a la ou te vlem ret kwè nan lanmou sa ki te baze sou espwa demen sa ka chanje a.ou tap rim machè.m kite nèg sa lontan.
*Sheldine*:tèt chaje!
*Dieumima*:se vre nèg sa mwen avèl la se pa renmen m renmenl vre, men m pito ret avèl koz tout soufrans, tou ti grangoum koupe.jan wap pale a pa dim ou toujou ak ti nèg ki bay pou Paon ki pap regle anyen an non?
*Sheldine*:wi nou toujou ansanm, e se lanmò kap fè nou pa ansanm ankò paske mwen avèl kondane pou nou travay ansanm e rive chanje lavi nou.
Posede yon bèl kay, woule yon bèl machin se sa tout moun swete, men ou viv ak plis trankilite lèw konnen se nan pozitivite ou rive genyen yo.
*Dieumima*:ben kòkòt ret kwè nan demen sa va chanje ok, mwen m pat gen tout pasyans sa yo.
*30minit pase medam yo toujou ap pale ansanm paske sa fè kèk tan yo pa wè*.
*Lòt kote Paon kite aprann elektrisite mekanik pa bouke mache depoze cv pou wè kijan li ka jwenn yon ti djob*.
*Yon semèn apre,bagay la vin anpire nan men mesye dam yo.manman Sheldine metel deyò poutèt yon nèg ki gen anpil mwayen ki vin mandel pou Sheldine epi Sheldine pa vle*.
*Kisa Paon pral fè nan ka sa pandan ke nou konnen bagay yo pa bon pou li tou*.
*Ebyen ann swiv menm jan avèm jan sa pral ye nan Paon e Sheldine 2 a*
*Se zanmi nou Jean Rocheny Valesco yon zotobre ak yon plim*
Posts